Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Masak peyizan nan Jan Rabèl jedi 23 jiyè 87

Masak peyizan nan Jan Rabèl jedi 23 jiyè 87

lundi 29 novembre 1999, par Bon Nouvèl

Gen 20 an. Atik sa te soti nan jounal Bon Nouvèl. Nou menm nan lig anti enperyalis la, nou kwè ke li enpotan pou nou te konnen sa ki te pase, si tou nan ane sa. Fok nou di nou ke ane 1987 se te yon pakèt lane li te ye nan konstriksyon oganizasyon politik, oganizasyon de mas, nan komite katye, nan preparasyon bonjan pati politik. Se yon lane ki gen anpil aksyon ladan li. Nou te genyen yon bann jounalis....yo te bon anpil, yo te bann bonjan nouvèl ki soti andedan kè mas pèp la. Yo te konn pran mon nan ak dyakout yo plis yon ti bout kreyon nan men yo. Gen moun ki te rele yo jounalis o pye ni. Yo te etidye jounalis la sou nteren an.Fok nou pa bliye epok sa.Nanfi ak tout lot jal yo te eseye toufe yo, men yo te la. Fok nou pa bliye Chalo Jaklen, nan alfabetizasyon. Men atik la. Masak peyizan nan Jan Rabèl jedi 23 jiyè 87 la se pa yon aksidan, se pa yon zak kèk moun têt chofe. Se rezilta yon konplo byen monte, kote grandon mete ak divès lot fôs reyak-syonè, épi makout yo, pou bloke lit ti peyizan ap devlope nan tout peyi a kont tout fôs sa yo ki vie kenbe yo nan kondisyon malouk nou konnen yo. Si gwo frap sa a komanse nan Jan Rabèl, se paske ti peyizan zôn sa a te devan, men konplo a la pou 1’ mâche pran tout bon ôganizasyon ti peyizan. Li déjà komanse nan Machan-Desalin, nan Gwo mon, nan Dezam, nan Kotfè, nan Dori. Jodi a, nou pral egzamine ka Jan Rabèl la pou nou wè ki jan konplo sa a monte, sitou pou nou ka wè ki kali-te moun ak ki gwoup magouyè ki mare sosis yo ladann. Paske lit la pran plizyè fôm ak koulè.

Pwoblèm grandon kont ti peyizan Nannan pwoblèm Jan Rabèl la se grandon ak ti peyizan. Sepakounye a sa komanse. Nan zôn nan, yon famiy ki nan sévis gouvènman depi prezidan Vensan pou rive jis sou Jan Klod Divalye, fami sa a te apiye sou relasyon leta ak pouvwa anplas la pou ranmase tout te leta ak ti te peyizan yo. Pou yo rive volé te sa yo, se yon bagay byen senp. Gwo potanta yo annik pase nan biwo kontribi-syon achte te, men kôm te leta pa gen bon, le apantaj ap fèt, chenn apantè a viwonnen ni te leta, ni te peyizan yo. Si pa aza kèk ti peyizan ta pwo-teste kont vol la, otorite nan bouk ki reprezante leta la pou apiye grandon yo. Se konsa bagay yo tanmen depi 50 lane. Nan kout kat sa, ti peyizan Jan Rabèl t’ ap toufe ak pwoblèm nan, san yo pa wè ni devan, ni dèyè. Jan bagay yo ap dewoule nan zôn nan, nenpot moun ki ta rive laba a ak lide bay peyizan konkou, se pre-mye pwoblèm li ap jwen anfas li. Men yon egzanp : Le pè Gaspa te rive kire nan zôn nan, li pa t’ wè ni de ni twa solisyon posib sôf ede peyizan yo jwen mwa-yen pou rezoud keksyon te yo ak eksplwatasyon peyizan ap sibi anba grandon. Se konsa pè Gaspa te wè nesesite kolabore ak peyizan pou mete sou pye groupman peyizan Jan Rabèl, ki se yon asosyasyon ti peyizan pou travay ansanm nan jaden épi pou réfléchi nan têt ansanm pou chache solisyon. Le chef legliz kato-lik nan zôn nan levé pè Gaspa, yo mete pè Jan Mari ki ranmase travay pè Gaspa a ak de bra. Li agrandi 1’, li pote kèk nouvote tankou lopital, elektrisite (limyè nan kay moun yo), drenay (pou wouze te), sinema pwôp (pou louvri je peyizan), eksetera... Pezape, gwoupman peyizan an ap mâche nan wout devlopman, men grandon nan zôn nan pa wè keksyon gwoupman an ak bon je. Firamezi, gwoupman an ap grandi, 1’ ap pran plis jarèt, gen yon tansyon k’ap monte nan mitan kominote a ant grandon (planté ki rich) ak ekip misyonè a, épi gwoupman yon lot bô. Nan travay animasyon ekip misyonè a t’ ap fè, peyizan yo te vin demas-ke sistèm demwatye a ki tabli nan zôn nan. Kèk ti peyizan vin wè klè nan sitiyasyon eksplwatasyon an épi yo levé têt yo pou yo gade grandon an fas. Eklerasyon sa a t’ ap rache yon gwo moso nan pouvwa grandon yo gras ak konkou ekip misyonè a. Nan yon zôn feyodal ( an reta ) tankou Jan Kabèl, grandon nan zôn nan pa ka padonnen pè Jan Mari ak ekip misyonè a paske y’ ap lave je peyizan. Aripil moun nan bouk Jan Rabèl ki pa fin wè twô Iwen paske yo mare anba tab sistèm eksplwatasyon grandon an pa tolère pou peyizan ap pran pye sou moun nan bouk. Dapre yo "Abitan" dwe rete "Abitan gwo zôtèy". Kôm ekip misyonè a pa fè vye diferans sa yo, moun nan bouk di F ap bay abitan pye sou yo. Genyen ki rive panse kay ekip la bâti nan Lakoma, Kotfè, se yon move bagay . Dapre yo, se pou ekip la te fè yo andedan bouk la pou levé bouk la (bourik travay, chwal, galonnen). Chema sa a (egzanp) trè kouran nan rapô feyodal divès zôn peyi nou an. Men gen yon diferans kanmenm nan Jan Rabèl, gen yon pè ak yon ekip animatè konsekan ki mêle ak peyizan yo, épi yo viv nan zôn nan menm. Se pa la vil yo rete ap pase lôd answit pou y’ al fè sipèvizyon. Ebyen, se premye frekansite grandon ak konpayèl li yo vie fè ti peyizan ki nan gwoupman yo peye. zen gwo sab : grandon bay lajistis défi. Le 7 fevriye a vin kase baboukèt la peyizan nan Jan Rabèl ki te déjà nan batay depi sou diktati Divalye a pran desizyon pouse lit la pou re-klame dwa yo pi rèd. Se konsa jou premye me 1986 la, peyizan Jan Rabèl te mete sou pye yon kokenn chenn mach pasifik ak pannkat pou fè reklamasyon. Demonstrasyon solidarité sa pa t’ fè grandon yo plezi Zak sa a te enève yo anpil. Apre sa yo deside atake ti peyizan yo ak fôs. Jou 9 me 1986 la, grandon yo ak kolonn yo te mâche boule gwo la-jounen 15 kay ti peyizan Gwo sab ki te reklame yon te grandon yo te vôlô nan move kondisyon. Ti peyizan yo te al lapolis pou mande arête grandon yo ak bann san manman yo. Milité nan zôn nan mande si moun gwoupman yo fou, dèske yo konnen yo pa ka arête grandon. Devan yon zak malonnèt konsa ki te fèt aklè, ti peyizan yo révolte. Yo pote pwoblèm nan devan tribinal. Depi le sa a,magouy tonbe fèt adwat agôch, devan dèyè. Jis jounen jodi a lajistis ap betize ak ti peyizan yo. Sa pa t’ anpeche grandon yo pase 2 jou prizon Pôdpè ansanm ak ti peyizan yo. Nan afè Gwo sab la, ekip misyonè a te pote solidarité bay ti peyizan yo. Grandon vin fâche plis toujou ak ekip la. m manje sinistre manje lakay. Zafè manje sinistre a fè twazyèm frekansite ekip misyonè ak ti peyizan Jan Rabèl ap peye. Regilyèman, zôn Jan Rabèl toujou gen gwo sechrès. Le lapli pa tonbe konsa, grangou monte pou dévore zantray ti peyizan. Poutan se pa manje zôn nan pa fè, ni se pa dlo yo pa ka jwenn. Zôn nan fè bon valè bannann ak lot kilti toujou, men bannann grandon ak kilti grandon, se pou Pôtoprens ak Naso (Baya-mas). Dlo ki pase nan zôn nan se sel grandon ki sévi ak li pifô. Ekip misyonè a te mete kantin pou ti-moun, olye se manje sinistre li kwit ladann, se pwôp pwodiksyon peyizan yo li achte pou kantin nan. Anpil paran asosye nan fonksyonman kantin sa yo. Zôn Nôdwès la ki se zôn ki pi kôwonpi nan peyi a ak manje sinistre, vin pa kapab sipôte bagay sa a. Biznis kontrebann ak biznis sinistre se te 2 poumon zôn nan. Piske ekip misyonè a pa sévi ak sinistre, tout biznisman vin monte kont li : Nou jwenn pami yo anpil bizismann nan legliz meriken, anpil direktè lekôl k’ ap varin manje lekôl yo, anpil responsab Food For Work (manje pou travay) ak anpil chef nan ôganis sa yo. Zafè manje sinistre sa a vin fè anpil etranje (sitou meriken) bay grandon yo lebra pou konbat ekip misyonè a ak gwoupman yo. ALegliz reziyasyon an kont legliz liberasyon an Tout pwasenkant sa yo t’ ap peze do ekip la déjà le otorite legliz yo vin wete pè Jan-Mari kôm kire Janrabèl. yo voye li jwenn Monseyè Gayo. Kire ki vin ranplase l’la te déjà bay prèv li. Li pa vie tande pale sou kozman liberasyon, se san pwoblèm li mâche kraze sant Vin Moun, li pa wè nesesite Misyon Alfa, li deside de pye fèm pou kraze animasyon nan Janrabèl. Men kôm gwoupman an te gentan pran rasin ak ekip misyonè a, li pa rive dechouke yo. Li chofe yon zizani san parèy pou gâte travay ki t’ ap fèt la...Legliz pôv yo te koumanse jemi, pandan legliz grandon yo t’ ap fleri. AKominis / pa kominis Divisyon k’ ap déchire legliz zôn Nôdwès la bay okazyon pou grandon ak kèk chef legliz lage etikèt kominis sou do manm gwoupman Têt Ansanm ak ekip misyonè a. Nan tout peyi ki gen enjistis, le gouvènman an ak moun k’ ap prije pèp la bezwen divize tout moun, yo annik pran mo kominis la, yo abiye 1’ ak tout kalite wôb, depi se twal ki pa nan gou grandon ak akolit li yo. Konsa, depi yon moun pale sou pwoblèm te peyizan pa ka jwenn, ou se kominis. Depi ou vle fè travay louvri je ak ti peyizan, ou se kominis. ( Nan zon jeremi sou Franswa Divalye, ane 1964, tonton makout sou zod Sanèt Balmi ak Abèl Jewom te fè arete Sèj jilbè, Dominik Lik, jan lavalas, Pyewo Vital paske mesye sa yo te louvri yon ti lekol sou platon pou montre ouvrye ak peyzan li.) Si moun yo ta refize manje sinitre ak fatra meriken, yo se kominis. Depi ou pote solidarité ou bay sa k’ pi fèb, ou se kominis. Depi ou ta vle ede moun yo konprann teyoloji a pi byen, depi ou poze kesyon teyoloji liberasyon an pou rive konbat reziyasyon ak "Bondye bon", yo pa wè ni de ni twa, ou se kominis. Anfen tout sa ki nan enterè pèp la, se kominis. KAT KL AT anfas gwoupman Se tout kwa sa yo gwoupman yo t’ap trennen le yo rantre KAT KLAT nan zôn nan. Pè kire a te twô kontan jwenn yon ôganizasyon anfas gwoupman yo, li fasilite santral sendikal sa a nan travay li. Men kôm joumou pa konn donnen kalbas gen le KAT KLAT pran nan 3 wa. Anpil moun pè kire a te déjà pouri vin pran plezi konbat gwoupman yo onon sendika a. Se sa ki pral esplike tout wôl manm KAT KLAT nan konplo kont ekip misyonè a ak gwoupman yo. Tout rezon konplo a te la : pwoblèm te ak grandon, pwoblèm pouvwa grandon, pwoblèm lavil ak andeyô, pwoblèm enjistis, madigra, zafè sinistre ak sèk meriken, pwoblèm divizyon ak etikèt kominis, divizyon ak KAT KLAT, divizyon legliz rich ak legliz pôv yo... Tou sa te fè yon gwo chay ekip la t’ap rale depi plizyè mwa, san pa t’gen moun ki te.ede yo vrèman. Anplis, te gen bon aktè pou konplo a : yon grandon ki pa pè krim, yon brigad makout sou kontwôl yon grenn fanmiy, yon chef legliz katolik nan zôn nan, yon chef relijye ki makout, yon kire. naii bouk ki sou pan chef, yon ekip konsekan, yon Bann gwoupman deside. Tout bagay te la pou dife a eklate, sa k’ te manke, se sèlman yon siyal. Jeneral la monte nan Nôdwès, Monseyè Kolimon voye kèk vye deklarasyon moute, tout makôn move lawon yo se sa gen le yo t’ ap tann : Konplo a kômanse ak dife nan kay ekip la nan Larezèv, yo pase men pran kay ekip la nan Lamontay kay manm gwoupman, dispansè, kantin gwoupman,... jis bagay la vin gâte net nan jounen 23 jiyè a pou debouche sou gwo masak la. Le nou wè bagay sa yo, nou blije mande têt nou : Ki moun ki gen rezon ? Èske se gwoupman Pilât ki fini ak grandon yo karebare ? oubyen èske se gwoupman Janrabèl ki t’ ap mâche dèyè lajistis peyi Ayiti ? (Apre 7 fevriye, nan Pilât, yo temete tout makout deyô) Kesyon sa a nou p’ ap reponn li. ( JOunen Jodya, men Rony Gilot, retounen ak Divalye anan figi nou.) Sa ki pi ijan jodi a, se konprann Janrabèl ak tout sa ki pase yo, épi mare bagay sa yo ak konplo ki kômanse mare nan Desalin, nan Dezam, nan Kotfè, nan Dori... vin kontre ak gwo konplo pi laj makout sou tout fôm ap makônen pou tabli yon lot diktati nan peyi a. Junen jodya, fanmi ki touye peyizan sa yo, toujou la, genyen nan moun ki patisipe nan zak sa ki ap frape di nan sosyete sivil la. Nou ta mande tout oganizasyon popilè, tout oganizasyon pwogresist pou mande arestasyon moun sa yo e jijman yo. Bay kou bliye, pote mak sonje

Répondre à cet article