Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Jiyè 1915 –Jiyè 1996

Jiyè 1915 –Jiyè 1996

jeudi 31 juillet 2008, par Glele Dahomey

Jounen jodiya, sa fè 12 lane depi atik sa te ekri. Nou remèsye lektè ki voye l pou nou an. Tout kote ki an nwa nan atik la, se nou menm ki mete l.

81 lane dominasyon eksplwatasyon ak kraze zo enperyalis meriken sou Jpèp Ayisyen ! Pèp ayisyen !

Nou pap bliye debakman merin meriken sou tè peyi nou an, kote merin yo touye plizyè milye patriyot, tankou masak peyizan yo nan Machatè 6 desanm 1929 ; tankou ansasinay Chalmay Peralt ak Benwa Batravil ak lot konbatan Kako... E nan menm epok la, yo mete sou pye lame Dayiti, pou kontinye travay dominasyon ak kraze zo mas popilè yo nan enterè klas dominan yo ak enperyalis yo.

Anvan yo pati an 1934, yo kite yon aparèy represif nan goj mas yo defen lame Dayiti pou kontinye maspinen lit mas yo. Tankou divès masak li te fè sou pitit pèp la nan kad sa, tankou masak peyizan nan Kazal 29 mas 1969, (TonTon Makout, CIA, ak Kèk Konze tankou masak peyizan Janrabèl 23 jiyè 1987,(travay Fanmi Poitvin ak Lika) nan Jèvè, nan Milo, nan Labadi, nan Raboto, 7tyèm platon Tïgwav. Ki vie di enperyalis yo ak klas dominan yo rekôlte 81 lane dominasyon...!( Jounen jodiya sa fè 83 lane)

Depi 3 zan yo àganize retou alademokrasi pèpè a, rekonsityasyon ap fèt ak menm moun ki t ap maspinen mas yo, espwa 16 desanm yo ki se jistis, transparans, patisipasyon tounen jounen jodi a, amnisti, rekonsilyasyon ak lavichè. 1986-1996 =10 lane kriz, 3 zan anbago anba piyaj ak maspinay panzouyis yo, ansanm ak lokipasyon an ki mâche avèk tout kalite pwojè malatchong tankou pwojè FMI/ Bank Mondyal, ak USAID yo !

Mas popilè yo pa gen lot chwa ; fok yo goumen pou defann dwa yo, fok yo goumen pou defann lavi yo. Se konsa nou menm nan MPM (Mouvman Peyizan Madlèn) n ap lanse apèl pou tout kan pèp la kontinye mobilize 1 de fason otonom atravè oganizasyon popilè konsekan yo. Pou n rive relanse lit nou yo sou de nouvo baz kit se lit demokratik yo : dwa pou yo oganize têt yo nan ôganizasyon ki rete chè met, chè mètres, osnon lit pou defann dwa fanm yo... elt Pou nou menm nan MPM, nou sot pase 10 lane( Kouniye a, sa fè 22 lane) kote globalman, lit nan kan pèp la t ap mennen anba direktif ti boujwazi n nan yon lye refbmis/opbtinis/popilis. Menm anba lokipasyon an, ti boujwazi a ap kontinye pratik li yo nan menm lojik popilis lan. Ti boujwazi a toujou vini ak mannèv klas dominan yo konn fè, swa pou kraze osnon pou rekipere, tankou brigad vijilans yo, tankou swadizan ôganizasyon popilè ki plis ap fonksyone tankou ONG (Se pwezon) nan ekri pwojè, osnon nan mâche dèyè kandida nan eleksyon malatyong.

Ti boujwazi radikalize a kapab kontribiye nan devlopman lit mas pèp la Se sel nan konstwi lit otonbm yo... pou nou soti nan fayit ti boujwazi a, fok nou dabo : 1)idantifye diferan klas ki nan kan pèp la e 2)ki klas ki dwe dirije lit sa yo. MPM ap goumen nan kan pèp la prensipalman nan peyizannri pov la pou pote altènatif pwogresis la pami peyizan Madlèn yo e toupatou alantou Tigwav. Militan peyizan pwogresis yo gen yon gwo wol pou yo jwe nan konstwi reyèl oganizasyon konba yo akote lot klas nan kan pèp lan.

Ann kontinye goumen !

Viv lit peyizan malere yo !

Aba lokipasyon ak ajisteman estriktirèl !

Viv yon mouvman peyizan anti enperyalis !

Pou MPM Bony Dume Marijorie Poussin Fenix Vilceron

Source : Haïti Progrès 31 Juillet au 6 Août 1996

Répondre à cet article