Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinèl Pèp la

Santinèl Pèp la

samedi 18 juin 2011, par Santinèl Pèp la

Editoryal
Zanmi lektè jounal Santinèl Pèp la, men nimewo 3 volim II a. Kòm dabitid, nou pote anpil enfòmasyon ak analiz pou nou.
Nou gade konjonkti politik peyi a, jan Santinèl konn fè l ak linèt pa l. Nou va di nou si nou twonpe nou.Prezidan-wa-kanaval la ap make pa sou plas. Olye pou popilasyon an wè Prezidan an ap monte desann,li ta pito wè l ap eksplike l kouman Fon Nasyonal Edikasyon an ap ede tout piti li yo ale lekòl gratis an oktòb ; Prezidan ap eksplike l kouman yo pral konstwi 20000 kay li te pwomèt chak ane a. Ekip Preval-Inite a ap bay presyon pou rive jwenn yon mare sosis ak ekip tèt kale a.
Pa anba, kominote entènasyonal la ap bay pèp la gòl. Yo foure yon kontra privatizasyon EdH nan gòjèt peyi a kote se gwo konpayi machann kouran yo k ap kontinye fè lajan yo sou do nasyon an. Pwojè rekonstriksyon peyi a toujou pa nan men ayisyen. Ansyen Prezidan Clinton kouri pran devan pou mande kenbe CIRH jan li ye la a.
Politik piblik ki ta kap pèmèt popilasyon an soti nan grangou ak povrete ap difisil pou pran nan peyi a paske dirijan yo mare nan pye tab òganizasyon entènasyonal yo ak pisans enperyalis yo k ap dikte yo mo pa mo sa ki pou fèt. Sèl yon mobilizasyon nasyonal manch long ka ede peyi a kase kòd dominasyon lawont sa a.
Nou kontinye ap bay lektè yo eksplikasyon sou kèk konsèp kle pou yo ka konprann atik yo pi byen.

« Popilis » se mo kle n ap pote detay sou li mwa sa a.

N ap toujou ensiste pou òganizasyon sosyal ak politik konsekan yo pran reskonsablite yo pou mete tèt ansanm, pou yo makonnen yo ak sektè nan popilasyon ki plis sou batay yo, pou soti peyi a nan anbyans kanaval kominote entènasyonal la lage la ak konplisite kèk atoufè epi aloufa lokal. Yon lòt Ayiti posib. Se nouvo mouvman sosyal ki gen vizyon kòrèk la ak òganizasyon ki koresponn lan nou poko mete kanpe pou sa.

Santinèl/ Kontèks nasyonal
PSantinèl/ Kontèks nasyonal
PREZIDAN-WA-KANAVAL LA AN AKSYON POU LOUVRI WOUT LA BAY ALOUFA YO. Kriz konstitisyonèl la : yon blòf, yon pyèj oubyen yon konplo ?

Depi jou Preval fin pase pouvwa a bay Martelly se yon sèl pawòl ki domine aktyalite a : se pwoblèm ki poze ak piblikasyon amannman konstitisyon an. Deba ap fèt nan tout laprès ; espesyalis ap voye monte adwat agòch. Gen moun ki di dirijan Leta yo ap blofe popilasyon an paske si fo piblikasyon konstitisyon amande a pat yon blòf, alèkile tout konplis yo, ni nan
palman an ni bò kote ansyen kabinè Preval la, te dwe anba kòd lajistis.
Gen moun ki di tou se yon pyèj Preval ak Inite tann pou Martelly. Men si fo konstitisyon an te yon pyèj, eskandal t ap pete epi sa ki pou peye zak yo t ap peye l. Sa nou konstate pito, Prezidan an kontante l senpman demele pye l, lè li rantre nimewo monitè ki te pibliye fo amannman an.
Kriz konstitisyonèl sa a sanble tèt koupe ak yon dil ant ansyen ak nouvo Prezidan an epi gwo potanta ayisyen ak kèkpisans etranje ki pat janm danse kole ak konstitisyon 1987 la.
Konplotè yo sanble y ap sèvi ak kèk palmantè pou retire tout legalite ak lejitimite konstitisyon an epi mete l sou kote an menm tan tou kokobe palman an pou l pèdi ti kras kredi li gen devan popilasyon an.
Gouvènman E-POWER/SOGEBANK lan ap chofe ban anvan li monte teren an.
Depi apre 1986, monte gouvènman nan peyi a tounen yon ekzèsis separasyon gato ant enperyalis yo ak oligachi lokal yo ki pran pi gwo pòs yo epi sa yo pa bezwen yo kite yo pou pati politik yo souse yon zo tou, pou fèmen bouch yo.
Nan gouvènman Preval dezyèm vèsyon yo se te Babèt-Vorbes SOGENER ak Baussan UNIBANK ki t ap mennen pa dèyè. Se atravè fanmi sa yo tou, anpil koze te regle ni ak kominote entènasyonal la ni ak fòs lajan yo bò isit la. Jodia nan premye gouvènman Martelly ki pral soti la a, se Rouzier E-POWER ak Boisson SOGEBANK, ankò 2 lòt fanmi machann
kouran ak fo bankye, ki pral fè ak defè. Men fwa sa a, se yo menm dirèkteman ki prale nan pòs yo, se pa moun y ap voye fè komisyon pou yo tankou sa ap fèt depi 1946 nan peyi a.
Nan nouvo ekip sa tou, neyoliberal menm jan ak defen Lesly Delatour kouvri tèt yo ak palto katolik pratikan pou vann peyi a pi byen ak entènasyonal la. Gouvènman Prezidan-wa-tèt kale a ki pral monte a, sanble l ap gen yon lòt patikilarite tou. Divalyeris yo, ansyen militè yo ak trafikan yo deside tou yo pap rete deyò ; kòb yo te envesti nan eleksyon-seleksyon an fòk yo prezan nan tèt Leta a pou yo ka tire l. Ni pisans etranje, ni oligachi, ni mafya nasyonal, ni mafya entènasyonal vle fòk yo la nan koupe-rache a. Devan vorasite tout aloufa sa yo, sa k ap rete pou popilasyon an ?
Popilis pwodivalyeris la ap enstale l.
Depi lavèy ti pas kout la ant Preval ak Martelly, tout lari nan peyi a chaje ak gwo pankat ak drapo nasyonal la epi foto wa tèt kale a. Se menm vye pratik sa yo rejim Duvalier yo te konn fè pou pran pòz se yo ki mèt peyi a. Se pou sa konstitisyon 1987 la entèdi zafè voye monte yon dirijan politik ki vivan toujou a. Depi Prezidan « kou l cho li kuit la » monte o palè, pou nenpòt ti van tanpèt natirèl oubyen politik, tèt kale ap konnen zòrey moun nan voye mesaj nan telefòn osnon l ap monte desann san li poko janm manyen okenn dosye enpòtan. Se menm vye pratik sa yo, Preval ak Aristide te konn itilize pou fè konprann se yo ki Leta a, se yo ki gouvènman an epi se yo sèl k ap travay pou popilasyon an. Jounen jodia, vye pratik sa yo mennen peyi a anba titèl epi Leta a fin kraze nèt. Pandan tout koze dwategòch sa yo ap regle, baz sipòtè Martelly ap monte nan tout rakwen peyi a ak lajan Leta a te bay pou seremoni envestiti a, pou rive mete kanpe yon platfòm politik nasyonal Gwoup Sipòtè Michel Martelly-GSMM. Reyinyon ap fèt ak tout ansyen militè zago loray yo ak tout gwo trafikan yo pou antre yo nan lapolis la ak nan nouvo lame yo vle mete kanpe a oubyen voye nan pòs lòt bò. Duvalier yo te sèvi ak menm kategori sosyal sa yo epi menm kalite atoufè sa yo pou monte kò tonton makout la, pou kreye laperèz, mete popilasyon an anba kontwòl epi elimine opozisyon an. Gen lè se menm demach popilis otoritè kriminèl sa a, tèt kale panse li ka vin fè nan figi nou jodia nan kòmansman 21yèm syèk la.
Pwogresis yo, patriyòt yo, demokrat yo ansanm ak tout òganizasyon sosyal ak politik konsekan yo dwe pran trè oserye nouvo pouvwa a ki koumanse taye banda la a. Menm si nou wè yo pran pòz « wa kanaval yo » oubyen « sent fanmi yo », men se lolo y ap lolo nou pou tabli rejim kanson fè yo epi pèmèt piyaj peyi a kontinye pi rèd.
Jean Jacques AINE

Santinèl/Politik

ÈSKE DIRIJAN POLITIK SA YO KAPAB CHWAZI KI POLITIK EKONOMIK YO VLE APLIKE NAN PEYI A ?
Anpil patriyòt nan lari a, ap repete se volonte politik dirijan yo pa genyen pou fè chanjman tout bon nan peyi a. Pawòl sa a, se koze moun ki pa konprann jwèt politik la. Politik piblik gouvènman Ayisyen yo ap aplike pa depann sèlman de volonte dirijan Leta yo. Si dirijan ki nan tèt Leta a te vle aplike yon lòt politik, yo tap oblije fè faskare ak oligachi a ansanm ak gwo peyi yo. Se makònay otorite yo sou plan nasyonal ak oligachi a epi sou plan entènasyonal ak peyi dominan yo ki pral dikte kalte politik piblik k ap mete kanpe sou popilasyon an. Dirijan sa yo, nan fòm pouvwa tradisyonèl ki la a, pa ka deside ak pwòp tèt yo ki politik fiskal, monetè, agrikòl, komèsyal, elatriye y ap mete an aksyon, swadizan an favè popilasyon an. Se sektè ekonomik ki gen kontwòl richès peyi a, se dirijan peyi sousè yo ki defini objektif yo genyen pou peyi a. Pafwa menm, se nan yon relasyon soumisyon total oligachi lokal la ak moso boujwazi a
kanpe gade aplikasyon politik piblik yo. Se ekzakteman nan modèl relasyon sousou sa a nou ye nan peyi d Ayiti. Kòm pa gen yon pwojè nasyonal ki kanpe pou fè faskare ak pwojè dominasyon peyi sousè yo, oligachi tradisyonèl la ak ti zèl boujwazi ki rete a, pa gen kapasite pou reziste devan piyajè entènasyonal yo. Yo senpman chache adapte yo ak mannigans peyi dominan yo.
Volonte politik pa sifi pou fè transfòmasyon tout bon nan peyi a. Zafè dwa grandèt peyi a pou li chwazi epi deside aji pou pwòp popilasyon li twò enpòtan pou li ta chita sou yon bagay ki rele volonte kèk dirijan. Desizyon adopte politik piblik pou chanje peyi a tout bon se yon demach revolisyonè. Òganizasyon politik pwogresis demokratik yo kap travay pou pran pouvwa a dwe konprann inisyativ sa a pa ka chita nan voye eslogan monte tèt kale ak nan ekri gwo tèks sèlman. Fòk gen yon ansanm kondisyon k ap reyalize, youn apre lòt, nan yon demach metodik, transparan ak patisipatif k ap bay rezilta si yo korèk. Men kèk nan kondisyon sa yo :
1) Òganizasyon ak vizyon se 2 premye kondisyon sou wout chanjman an. De kondisyon sa yo makonnen paske youn pa mache san lòt. Yon vizyon chanjman rete yon rèv si li pa chita anndan yon gwoup moun, fanm ak gason, ki òganize. Yon òganizasyon ap tounen yon kabwèt san chofè, si li pa gen yon vizyon k ap ba li oryantasyon nan transfòmasyon fondalnatal li vle fè nan sosyete a, ak pèp la epi an favè majorite a.
2) Anpil diskisyon sou vizyon an anndan òganizasyon an ak nan alantou li ap pèmèt yon ansanm lide sòti klè nan mitan dividal moun ki abitye diskite yo. Lide klè sa yo ka pran fòm yon manifès, yon kredo, yon batistè kote anpil moun dakò sou kisa yo vle tout bon pou peyi a ; ki kalte chanjman yo swete fè nan peyi a lè yo pran kontwòl pouvwa politik la.
3) Manman kesyon an kounye a se desann sou teren an pou al fwote lide ak popilasyon an, ak gwoup sib yo pou mobilize yo pou fè chanjman an. Lè sa a, nou antre nan estrateji batay pou chanjman. Fòk estrateji mobilizasyon sa a defini klè, epi fòk li reyèlman chita sou enterè ak revandikasyon fondamantal popilasyon ak nasyon an.
4) Gwo lide ki nan vizyon an pral detaye, kote òganizasyon an ak baz sosyal li vize kòm motè chanjman an pral di ki sa yo vle nan chak sektè aktivite yo : ekonomi, politik, sosyal ak kiltirèl peyi a. Pwogram sektoryèl sa yo ap gen adaptasyon an diplis k ap fèt ladan yo, swivan divès reyalite nan chak rejyon. Lè sa a, nou pral demokratikman chwazi divès politik piblik ki koresponn ak vizyon epi pwogram jeneral ki te deside ansanm ak baz sosyal yo.
5) koze mwayen lajan, materyèl, lojistik pou mete chita vizyon an ak estrateji a enpòtan anpil. Si kondisyon sa a pa reyini, òganizasyon an ap rete yon ti klib zanmi. Pa gen mwayen se yon pwoblèm. Al chache lajan chango nan òganizasyon entènasyonal, nan men oligachi a, nan men dilè dwòg, nan men mafya lokal ak entènasyonal, se yon lòt pwoblèm. Gwo malè ap pandye sou oryantasyon yon òganizasyon k ap pale chanjman, lè li deside pote bòl ble li tout
kote. L ap tounen yon ONG, osèvis politik piblik imanitè gwo konpayi miltinasyonal yo mete kanpe sou paravan òganis devlopman.
Gasner JOSEPH

Santinèl/Ekonomi nasyonal

YON « MODÈNIZASYON » ELEKTRIK POU MACHANN KOURAN YO KONTINYE FÈ BÈ YO PIPLIS NAN PEYI A.

Gouvènman Ameriken ak ajans entènasyonal yo pwofite chòk tranbleman tè 12 Janvye a sou popilasyon an pou foure nan kòsaj gouvènman Ayisyen an yon lòt plan privatizasyon EdH yo rele « Modènizasyon sektè elektrisite a an Ayiti ». Plan modènizasyon sa a te prezante devan gouvènman an depi an novanm 2010. Plan an raple : majorite moun ki gen kouran se nan zòn Potoprens la yo ye ; kouran se pa konn gout EdH bay li ; pwoblèm kouran antrave devlopman ekonomi an epi kreyasyon biznis ak anplwa nan peyi a. Plan an rekonèt, li nesesè pou amelyore distribisyon kouran elektrik la menm si jiska prezan tout lòt plan ki te eseye anvan yo pa mache.

Sa plan sa a mande pou Leta fè kòm refòm nan sektè a ?

· Chanje fason EdH ap mennen biznis kouran an ki pa kanpe sou anyen ; li rete sou depandans leta Ayisyen ak èd gouvènman etranje yo ;
· Bay kouran elektrik 24/24 pou pèmèt devlopman ekonomi an ak kreyasyon anplwa epi pou diminye lamizè a ;
· Mete sou pye yon sistèm elektrik ki kapab bay gwo santral elektrik nouvo pak endistriyèl yo bezwen avantaj la ;
· Rekonèt san « modènizasyon » sektè elektrik la, finansman pap posib pou amelyorasyon pwodiksyon, transmisyon ak distribisyon kouran elektrik epi pou konstwi nouvo pak endistriyèl yo ;
· Pou gouvènman Ayisyen an bay machann kouran elektrik prive yo dwa pou yo vann kouran dirèkteman bay kliyan rezidansyèl, komèsyal, ak endistriyèl yo nan zòn kote EdH pa ka bay sèvis kounye a.
Plan sa a sanble tèt koupe ak tout lòt plan ki te pwopoze deja yo, sòf dènye pwen an ki parèt a klè konsa pou premye fwa.
Gwo pwoblèm ki genyen nan plan refòm sektè enèji elektrik la.

Plan an gen 3 gwo pwoblèm ladann.

Premyèman, li pa eksplike kouman privatizasyon an pral ede regle pwoblèm vòlè kouran an ki makonnen ak kondisyon sosyoekonomik popilasyon an epi ak mantalite l.

Dezyèmman, plan an deklare endistryèl yo ka pwodui pwòp kouran elektrik pa yo pi bon mache pase EdH ap vann li. Se vre kouran EdH la chè, men si mèt faktori yo te kapab fè dèlko yo mache pou ba yo yon kouran ki pi ekonomik pase EdH, yo pa ta janm achte kouran nan men l ; epi EdH pa t ap kapab rantre 60% lajan l nan lavant kouran li bay endistryèl sa yo.

Twazyèmman, dènye pwopozisyon pou Leta bay machann kouran prive yo dwa pou vann li dirèkteman an, se yon estrateji k ap chache pwofite moman grav peyi a ap travèse a pou fòse gouvènman an lamen nan privatizasyon total sektè elektrik la. Sa ki ap pèmèt yo devlope lòt konpayi elektrik an paralèl ak tout chapo legal Leta san bri, san kont. Se menm privatizasyon an katimini k ap fèt depi 30 tan ak ALSTOM, HAYTRAC, SOGENER epi EPOWER. Konsa machann kouran prive, ayisyen kou etranje, ap vann kouran nan zòn franch komèsyal, endistriyèl ak touristik yo epi y ap lage EdH nan men Leta ka fè sa li vle avè l. Kidonk machann kouran yo ap pran tout krèm kliyan yo epi kite sak pa ka peye yo pou Leta.
Refòm sa a pral ranfòse pi rèd toujou eksklizyon ki gen nan distribisyon kouran an. Si refòm « modènizasyon » elektrik sa a pase, machann kouran prive ayisyen ak etranje ap fè kòb san gade dèyè epi majorite pèp la pap janm benefisye okenn sèvis kouran elektrik. Fòk gouvènman Ayisyen yo sispann ak politik popilis la ; y ap siyen tout sa enperyalis yo mande
yo epi y ap fè demagoji ak pèp la pandan y ap mennen peyi a labatwa. Sèl yon plan altènativ ki rive mobilize popilasyon an ka ede konbat plan refòm pèpè sa yo ! Restriktirasyon sektè enèji elektrik la ap fèt tout bon vre nan kad yon lòt Leta epi li dwe ranpli kondisyon sa yo :

1) EdH dwe devlope kapasite l pou repare epi kenbe kontwòl ak pwoteje rezo transpò nasyonal kouran an ak tout santral ki deja ekziste yo. Menm jan, Leta dwe kenbe pwopriyete tout santral idwoelektrik yo epi fè yo travay nan bon kondisyon.
2) Tout moun fèt pou branche sou rezo a legalman nan obligasyon ak prensip sèvis piblik inivèsèl.
3) Leta dwe kontinye sipòte sektè enèji elektrik la jiskaske ekonomi an devlope pou bay majorite pèp la mwayen pou li peye kouran. Nan sans sa a, li dwe kreye yon fon pou sibvansyone moun ki pi pòv yo, ki pa ka peye yo.
4) Nan kad yon reyèl politik desantralizasyon ak devlopman lokal, Leta dwe anvizaje epi eksperimante kòman bay konsesyon pou distribye kouran bay kèk meri ak koperativ lokal ki byen estriktire epi ki gen kapasite ; sa dwe fèt avèk kontra epi kontwòl ki transparan.
5) Pou pèmèt soutni elektrifikasyon peyi a epi alimante bezwen l 24/24, Leta dwe anvizaje epi eksperimante kouman asosye l ak sektè prive a nan konstriksyon ak operasyon kèk nouvo gwo santral elektrik. Nan ka sa a, antrepriz sa yo ap peye dwa ak taks yo kòmsadwa san paspouki.
Jean-Paul DUMAY

Santinèl / Kontèks entènasyona l

KRIZ ALIMANTÈ : YON MALÈ PANDYE SOU TÈT PEYI TYÈMONN YO.

Tout moun sonje grangou klowòks ki te blayi sou peyi d Ayiti nan ane 2008 la, ki te bay mouvman kraze-brize « Leve kanpe kont grangou ». Sitiyasyon grangou sa a te makonnen ak yon kriz alimantè mondyal, menm si Ayiti se youn nan peyi ki te viv li pi rèd.
Lemonn antye retounen ap travèse, depi ane 2010 la, yon sitiyasyon alimantè ki grav anpil ki ka tounen yon katastwòf yon lòt fwa ankò. Dapre yon rapò Bank Mondyal pibliye an avril 2011, pri manje ap vann sou mache entènasyonal la jodia monte apeprè nan menm nivo yo te ye an 2008. Toujou dapre menm rapò sa a, an mas 2011 gen yon ogmantasyon 36% sou pwodui alimantè yo an jeneral parapò ak mas ane dènyè. Pwodui ki sibi pi gwo ogmantasyon yo se mayi ki ogmante 74%, ble ki ogmante 69%, soya ki ogmante 36% ak sik ki ogmante 21%.
Gen plizyè rezon ki kapab eksplike poukisa pri manje ap voltije monte konsa. Men kèk nan yo :
1. Anpil move tan pase nan kèk peyi tankou Larisi, Kanada, Ostrali ak Ajantin ki se gwo ekspòtatè sereyal (mayi, diri, ble, elatriye) ;
2. Ogmantasyon demann pwodui alimantè yo nan monn lan pandan 10 dènye ane yo, pandan pwodiksyon mondyal la pa vrèman ogmante ;
3. Nivo trè ba rezèv mondyal pwodui alimantè yo, anpatikilye sereyal yo ;
4. Gwo chanjman ki genyen nan klima a toupatou pwovoke gwo boulvès nan kondisyon meteyo yo, sa ki kontrarye pwodiksyon agrikòl la anpil kote ;
5. Gen 2 lòt rezon ki fondamantal, se pri petwòl la ak espekilasyon sou pwodui alimantè yo, ki nesesè pou n fouye piplis.
Ogmantasyon pri petwòl la gen plizyè konsekans sou pri pwodui alimantè yo.
Ogmantasyon pri petwòl la sou mache mondyal la, ki souvan makonnen ak espekilasyon tou, aji plizyè fason sou pri manje yo.

Premyèman, lè pri petwòl la ogmante, gen plis demann pou sa yo rele biyokabiran osnon agwokabiran yo ki fèt ak pwodui alimantè tankou mayi, luil ak kann. Nan yon rapò ministè Agrikilti peyi Meriken ki pibliye nan mwa avril la, li di kantite mayi yo itilize pou fè byokabiran pase nan 31% rive 40% pwodiksyon mayi nan peyi a soti ane 2009 rive 2010.

Dezyèmman, tout ogmantasyon pri petwòl la pwovoke yon ogmantasyon pri pwodui alimantè yo akòz ogmantasyon pri angrè, pri irigasyon ak lòt entran agrikòl yo.

Twazyèmman, ogmantasyon pri petwòl la pwovoke ogmantasyon pri pwodui alimantè yo akòz ogmantasyon pri transpò yo.
Pi gwo rezon ki lakòz ogmantasyon pri pwodui alimantè yo se espekilasyon. Tout rezon nou bay pi wo a valab e yo kapab eksplike ogmantasyon pri pwodui alimantè yo. Men prensipal rezon nou pap jwenn nan rapò gwo enstitisyon entènasyonal yo ak gouvènman gwo pisans yo se espekilasyon k ap fèt sou pwodui alimantè yo. Kouman sa fèt ? Lè gwo bank ak fon envestisman yo komanse pèdi kòb nan biznis kay Ozetazini, yo kouri kite biznis sa a pou al envesti pito nan pwodui agrikòl ki te sanble gen afè ladan. Konsa yo kouri al achte davans pwodui agrikòl yo nan gwo biznis nan vil Chicago, Kansas City, Mineapolis ki se prensipal mache kote yo fikse pri pou achte ak vann pwodui sa yo alavans. Se mòd
tranzaksyon sa yo ki pèmèt gwo bank yo fè anpil benefis nan ogmante san mezi pri yo revann pwodui alimantè yo. Se prensipal kòz sa a ki te kreye kriz alimantè entènasyonal 2008 la.

Konsekans ogmantasyon pri pwodui alimantè yo.

An jeneral peyi pòv yo gen mwens kapasite pou yo bay repons ki koresponn nan sitiyasyon sa yo, paske yo gen mwens rezèv, yo pa gen ase manje pou yo ta mete sou mache a pou ta fè pri yo bese, yo manke mwayen, osnon dirijan Leta yo derefize sibvansyone pwodui yo. Pisouvan, sou enfliyans ajans entènasyonal yo, prensipal mezi yo konn pran pou fè faskare ak enflasyon an se adopte yon politik monetè ki redui sikilasyon lajan nan peyi a. Politik sa a gen kòm konsekans diminye aktivite ekonomik yo, ki vle di tou redui kwasans ekonomik lan sou lontèm.
Lòt konsekans : nan lemonn gen 1,2 milya moun ki te deja ap viv nan malsite ak mwens pase 50 goud pa jou ; moun sa yo ap vin pi pòv toujou paske prèske tout revni moun sa yo, y ap itilize l pou yo manje. Ogmantasyon pri manje ki te fèt nan 2008 la te fè plis pase 44 milyon moun anplis te vin tonbe nan kategori moun ki pòv yo nan monn lan. Moun ki pòv yo pa gen kapasite pou yo fè fas ak ogmantasyon pri pwodui alimantè yo. Yo oblije manje mwens, epi yo manje pwodui ki gen mwens valè nitritif. Sa ki vin lakòz gen plis malnitrisyon ki li menm fè moun sa yo vin mwen pwodiktif, pi maladif epi ki lakòz timoun yo vini chetif, pa kapab etidye byen e menm tonbe anba kwatyòkò.
Kisa ki ka fèt pou evite katastwòf alimantè sa yo ?
Gen plizyè mezi ki pwopoze pou monn lan ta rive fè fas ak malè pandye sa a :
1. Soutni pwodiksyon agrikòl peyizan yo nan fason pou yo kapab kreye rezèv estratejik pou garanti sekirite alimantè ak estabilite pri yo ;
2. Règlemante mache pwodui alimantè yo, patikilyèman pou Leta yo chache limite espekilasyon sou petwòl la ak pwodui alimantè estratejik yo.
3. Chanje politik ekonomik lan, espesyalman politik monetè a ki bare wout devlopman peyi yo, ak politik fiskal ki fè se moun ki gen mwens mwayen yo k ap kofre anba taks ak enpo yo.
4. Fòk gwo pisans yo aksepte aplike yon seri mezi pwoteksyon anviwònman an pou limite konsekans chanjman klimatik yo sou pwodiksyon agrikòl la epi pou yo sispann fè biyokabiran ak pwodui alimantè yo.
Jean Jacques BATRAVILLE

Santinèl /Konesans

KOUT FLACH SOU MO KLE OSNON KONSÈP YO.

Nan nimewo 3 volim II a, Santinèl Pèp la ap fè yon rale ak zanmi epi lektè jounal la sou yon
lòt mo kle ki se : popilis. Aktyèlman, pou fason fòs neyoliberal yo ap sèvi ak kèk mouvman
popilis pou mete an aplikasyon politik ekonomik sa a, jounal la kwè li nesesè pou pote limyè
sou konsèp sa a nan nimewo mwa sa a.

Popilis

Popilis la se yon mouvman politik k ap fè pwomosyon pèp la nan devlope yon diskou pou soulve emosyon l ak pasyon l epi an menm tan k ap kritike kèk sektè nan elit peyi a tankou politisyen yo, entèlektyèl yo, sèten gwoup nan boujwazi a, oubyen kèk aktè entènasyonal.
Pafwa se tout etranje yo diskou a atake. Mouvman politik sa a akize sektè sa yo pou jan yo fè dappiyanp sou pouvwa a nan enterè egoyis yo epi pou fason y ap pilonnen enterè majorite popilasyon an osnon nasyon an. Mouvman popilis yo toujou chache mobilize pèp la dèyè yon lidè karismatik, ki byen souvan prezante l tankou yon « bon papa » osnon yon « bon manman ». Mouvman sa yo kapab a dwat, ki vle di anti chanjman reyèl nan peyi a, oubyen a gòch, ki vle di y ap chache travay pou kèk chanjman nan sosyete a.
Mouvman popilis yo, an jeneral, pa danse kole ak demokrasi reprezantatif la paske pou yo li fonksyone mal epi li pèmèt kèk sektè nan elit la oubyen nan entènasyonal la vòlè pouvwa a nan men pèp la. Menm jan tou, mouvman sa yo pa siyen ak demokrasi patisipatif la, paske pou yo pèp la pa ase òganize ni li pa gen matirite pou sa.
Mouvman popilis yo toujou pwopoze, pou soti peyi a nan kriz, li genyen solisyon ki senp epi san pèdi tan ki pafwa konn tèlman senp yo pa pran an konsiderasyon gwo pwoblèm ki genyen nan reyalite a. Pou mouvman popilis yo, nan aplikasyon solisyon sa yo, lidè a ap alafwa yon abit ant mas yo ak elit yo epi l ap yon sovè k ap bay pèp la jistis ak satisfaksyon, la pou la.
Souvan, lè mouvman popilis yo rive sou pouvwa a, yo vire kazak yo epi yo enstale yon rejim otoritè ki plis ap defann enterè kèk klan nan oligachi a oubyen kèk fòs fè nwa nan entènasyonal la.
Jounen jodia, mouvman popilis yo plis parèt tankou yon mouvman ki pa gen bon repitasyon, ki plis elektoralis, demagojik, opòtinis. Paske souvan mouvman sa yo fè pèp la bèl pwomès pou rive sou pouvwa men lè yo rive nan tèt Leta a epi yo kòmanse kòlte ak reyalite a, yo antre nan bay manti ak fè demagoji ; yo chanje koulè menm jan ak aganman. Jounen jodi a tou neyoliberal yo gen tandans rele popilis tout lòt mouvman ki vle fè refòm an favè sektè popilè yo.

Rose ALMONACY
Aba okipasyon degize an titèl ! Aba pouvwa restavèk ! Aba enperyalis !

Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp ayisyen an !
SANTINÈL PÈP LA
Me 2011
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article