Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA

SANTINÈL PÈP LA

mercredi 20 juillet 2011, par Santinèl Pèp la

Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

Santinèl pèp la pa mare nan pye tab pèsonn. Se kontribisyon volontè ekip jounal la ak kèk zanmi ki fè l sòti

Editoryal
Zanmi lektè, zanmi kanmarad Santinèl Pèp la, nimewo 4 volim II a rive lakay ou. Nap fè jefo pou li parèt nan kòmansman chak mwa, paske nou konnen w ap tann li ak enpasyans akòz kalite analiz ak
enfòmasyon li pote pou ou. Mèsi pou fason w apresye travay ekip la.
Jounal Santinèl Pèp la frape anpil akòz disparisyon bridsoukou, Ti Jera, yon gwo militan sendikalis nan
milye ouvriye a. Se yon gwo pèt pou mouvman sendikal pwogresis la. Ti Jera fè tout vi li ap defann kòz
ouvriyèz, ouvriye toupatou sou la tè. Nou di kouray pou tout lòt militan sendikalis pwogresis ki rete debou.
Nan non Ti Jera, se pou yo kontinye kenbe ak batay pou mouvman ouvriye a tounen yon poto enpòtan
nan konstriksyon lòt Ayiti nou vle bati a.

Nan nimewo sa a, n ap analize ansanm nan ki konjonkti tèt chaje kominote entènasyonal la ak ansyen prezidan Preval lage peyi a ak eleksyon madigra yo. Yo mete yon kolonn divalyeris poutchis nan Palè nasyonal ak yon ti komik kòm prezidan epi yo remèt majorite palman an bay Lavalas–Inite. Rezilta:menmman, parèyman nasyon an ap fè bak, ensekirite gaye, grangou ap vale teren, men oligachi a,konpayi etranje yo ap fè lajan epi titlèl Meriken-MINISTA ap anvlope nou pi rèd.
Santinèl Pèp mwa jen an, ap fouye koze pou chache konprann sa ki fè sektè popilè ki nan milye riral la degaye konsa. Peyizan yo anjeneral nan katyouboumbe depi lontan, men sa ki pi malere yo ak pi pòv yo tonbe nan lagraba nèt. Nan tout rakwen peyi a, nou jwenn òganizasyon peyizan men yo pa kwè nan tèt yo ankò ni yo pa kwè yo kapab reprezante yon fòs sosyal ki ka jwe yon gwo wòl nan chanje Leta a pou transfòme sitiyasyon sosyete ayisyèn nan.
N ap gade tou konsekans move chwa ekonomik nan kreye zòn franch ak pak endistriyèl yo genyen nan ogmante ekzòd riral la ak kraze pi plis pwodiksyon agrikòl la. Politik sa yo montre, biznismann ak dirijan ayisyen yo pa ezite livre peyi a bay enperyalis yo pou prije l, pou defann enterè lajan ak pouvwa yo.
N ap fè yon rale sou kriz finansyè mondyal la pou montre se awousa nan gwo bank yo ak miltinasyonal yoepi demantèlman Leta yo ki se prensipal kòz boulvès ki ap sekwe monn lan.
Nan kout flach sou konsèp demokrasi a nap montre lè demokrasi politik la pa makònen ak demokrasi ekonomik ak sosyal la, li se yon demagoji pou kalme kòlè pèp la.
Tout jwèt se jwèt, kwochèt pa ladan l. Lè a prèske kòmanse depase pou patriyòt yo ak pwogresis yo ini yo ak pèp la pou pèmèt mouvman sosyal la reprann jarèt an Ayiti.
Ekip jounal la
TOUT JWÈT SE JWÈT KOCHÈT PA LADANN ! FÒK NOU METE PIYAJÈ YO NAN WÒL
YO !
Tout kont mal taye n ap viv nan peyi a jodia, se rezilta feblès òganizasyonèl nou ki pat
ka rive bare eleksyon-seleksyon an.
Majorite aktè politik ak sosyal yo pat dakò pou eleksyon te fèt an novann 2010 ak KEP Gaillot
Dorsainvil la. Se gouvènman Meriken, MINISTA ak Preval ki enpoze peyi a eleksyonseleksyon
sa yo. Pou fè pèp la ale patisipe nan maskarad yo a, kominote entènasyonal la ak
Preval ankouraje atis pa yo, bandi legal pa yo, politisyen ak politisyèn ti sèvèl yo ale enskri yo
kòm kandida. Yo mande oligachi a finanse kandida yo pou l ka kontinye fè lajan san gade
dèyè.
Men òganizatè eskandal elektoral yo, pat kontante l de sa, yo pwofite moman konfizyon an
pou fè Jean Claude Duvalier antre pou vin chofe makout divalyeris yo epi Jean Bertrand
Aristide swiv li pou vin ankouraje patizan lavalas yo nan konpa a. Jwèt tout vis tout kondisyon
an te manke gate apre rezilta premye tou a, kominote entènasyonal la voye OAE-CARICOM
fè yon sanblan rekontaj pou separe gato elektoral la nan remèt majorite palman an bay
lavalas-Inite epi livre prezidans lan, pi devan nan dezyèm tou a, bay divalyeris-poutchis yo.
Peyi a ap antre pi plis nan tèt chaje ! Pouvwa divalyeris/lavalas la ak MINISTA ap
kalewès !
Depi Prezidan wa kanaval la monte, l ap mache inogire tout pwojè zagribay kominote
entènasyonal la genyen nan peyi a. L ap monte desann avyon pasi pala epi anyen pap regle.
Malsite ap vale teren, grangou ap kòde vant pèp la, ensekirite ap vide moun atè chak jou
men, gwo bank yo, gwo komèsan yo, gwo konpayi selilè, gwo ONG yo kontinye fè lajan pi
rèd. Pandan tan sa a Prezidan Martelly ak majorite palmantè GPR yo ap jwe tolalito pou wè
kilès k ap pote lamayòl nan gouvènman sousou ki gen pou monte a.
MINISTA pran pòz li pa gen rapò ak sitiyasyon malouk sa a, men kolera li te pote nan peyi a
ak zenglendo, li kite sove nan prizon yo, ap simen dèy nan fanmi ayisyèn yo. Anbasadè
ameriken, franse, kanadyen, brezilyen, chilyen ak dominiken pa di krik non plis ; konsa, pèp la
kapab bliye longè ponyèt yo nan dezagreman yo foure peyi a pou defann enterè gwo konpayi
lakay yo.
Plan enperyalis la ak apranti li yo klè : montre lemonn antye Ayisyen pa kapab dirije tèt
yo !
Ansyen prezidan meriken Francklin D. Roosvelt, nan koumansman 20yèm syèk la, te di : « Pou
domine pèp Ayisyen an fòk moun ki gen soulye yo pa janm antann yo ak moun ki pa gen
soulye yo ». Ansyen prezidan Bill Clinton, nan kòmansman 21yèm la, fè konprann nan fason pa
l nan mitan reskonsab enperyalis parèy li yo : fòk yo bay pèp Ayiti a, dirijan ki pi mare nan pye
tab meriken yo, kòm chèf nan tèt Leta a menm si yo pa kapab.
Kominote entènasyonal la te konnen byen apre eleksyon-seleksyon li an t ap genyen boulvès
nan peyi a. Men se yon plan byen monte. Tank Prezidan–wa-kanaval la ak palman madigra
ap grennen tenten se tank imaj Leta a ap bese nan je popilasyon an epi pèp la ap gen plis
degoutans toujou pou dirijan politik li yo. Lemonn antye ap pase Ayiti nan rizib, sa k ap pèmèt
kondisyon yo reyalize pou chanje titèl MINISTA a nan yon pwotektora kap pran kontwòl
administrasyon Leta a epi louvri vàn lan pi plis pou konpayi miltinasyonal, tankou Digicel,
Voila, Natcom, ak oligachi bòdmè a piye peyi a vant deboutonnen.
2
Misyon sektè pwogresis la nan kontèks sa a : se ini l ak pèp la pou prepare
mobilizasyon manch long lan !
Peyi a pap janm chanje tout bon vre si pwogresis yo pa retounen nan katye popilè yo, nan
seksyon kominal yo, nan mache yo, nan faktori ak lòt antrepriz yo, nan lekòl ak inivèsite yo
pou ale travay ak pèp la, pou ede l konprann pi byen nan ki pyèj li pran, epi ede l òganize l an
konsekans pou li ka mobilize l.
Vrè travay pou transfòmasyon sosyete a pap kòmanse tout otan patriyòt ak pwogresis ki t al
pèdi tèt yo nan ONG, nan pati politik tradisyonèl yo, nan òganizasyon sosyal ki tounen zouti
nan men pouvwa a ak nan men ajans entènasyonal yo, pa reprann men yo pou fè otokritik yo
epi retounen al travay nan konsyantizasyon, òganizasyon ak mobilizasyon popilasyon an.
Jodia nou pa dwe kontinye ap anfonse tèt nou nan konfizyon. Advèsè prensipal yo se :
enperyalis yo, oligachi a ak teknokrat epi politisyen sousou yo mete sou pouvwa a pou
defann enterè yo. Se pa nan eleksyon-seleksyon n ap rive mete piyajè sa yo nan wòl yo. Se
chimen lit revandikatif yo ak lit kont okipasyon peyi a pou nou reprann ansanm ak pèp la. Se
konsa sèlman n ap rive rebay mouvman sosyal la jarèt pou debouche sou mobilizasyon
manch long k ap mennen nan liberasyon peyi a.
Jean Jacques AINE
Santinèl/Politik
NESESITE REMANBREMAN SEKTÈ POPILÈ MILYE RIRAL LA.
Sektè popilè nan milye peyizan an, se yon gwo moso nan popilasyon riral la. Li regwoupe
kategori sosyal sa yo : peyizan mwayen, ti peyizan yo, peyizan san tè yo, malere k ap vann
jounen travay epi ti atizan ak ti machann yo. Se yon sektè ki jwe yon gwo wòl nan ekonomi
milye riral, li te aktif, pandan yon bann tan, nan anpil batay ki mennen nan milye a avan ak
pandan lokipasyon meriken. Depi 60 dènye ane sa yo, sektè popilè milye riral la tonbe nan
sitiyasyon difisil kote pifò moun k ap viv ladan l yo ap vin pi pòv chak jou. Kategori ti peyizan
ak travayè agrikòl yo menm ap vanse pou tonbe nèt nan sitiyasyon lamizè ak malsite. Nan
nivo sosyal sektè popilè milye riral la pèdi anpil nan kapasite òganizasyonèl li te genyen.
Travay devlopman ak ranfòsman òganizasonèl ki t ap fèt atravè legliz yo ak ONG yo, men si
li te ede nan yon premye moman, plis devlope mantalite atantis kay òganizasyon yo olye li
devlope sans reskonsablite yo, nan sans sa a òganizasyon nan sektè sa a pèdi karaktè
revandikatif yo, sa ki pral lakòz tou li pèdi kapasite l pou mobilize fòs li pou fòse Leta bay
sevis fondamantal yo nan milye riral la. Depi nan ane 1980 yo pa gen ankenn amelyorasyon
ki fèt nan kondisyon lavi moun k ap viv nan zòn riral yo, plis pase 90% nan yo pa gen
mwayen pou fè fas ak reskonsablite yo, depi lè sa a tou agrikilti peyi a kòmanse tonbe sou
lagraba
Ki sa ki esplike sitiyasyon malsite sa a ki blayi sou sektè popilè milye riral la ?
Premye esplikasyon yo gen pou wè ak kondisyon yo nan peyi a menm, nan nivo sa yo :
1. Kalte rapò peyizan an genyen ak tè l ap travay la. Tè a pa pwopriyete peyizan k ap travay
li a, sa vle di li pa gen ankenn garanti sou li. Grandon, lame ak gwo zotobre nan Leta te fè
dappiyanp sou tè wouze ak tè ki kab pwodui danre yo. Sou chak 100 peyizan k ap travay
tè, 70 nan yo pa gen okenn sekirite sou moso tè sa a. Sa vle di yo kab mete yo deyò sou
tè a nenpòt kilè. Kesyon kiyès ki mèt tè a poze tousuit apre lendepandans peyi a, men
karaktè antipopilè pi fò nan gouvènman ki pase nan tèt Leta peyi lakòz yo pa janm fè
3
kesyon sa a tounen yon priyorite. Nan sans sa a, peyizan ki sou tè a pa twò enterese tou
pou yo pwoteje l epi anpeche l degrade.
2. 30 lane pouvwa Duvalier yo – papa ak pitit – nan tèt peyi a ki detounen tout òganizasyon
solid ki te genyen nan zòn riral la, oubyen yo kraze sa yo pa kab rive kontwole. Zòn riral
yo vin pèdi tout òganizasyon ravandikatif ki te gen misyon charye epi defann
revandikasyon ak enterè sektè a devan Leta.
3. Travay legliz yo ak ONG tout plim tout plimay yo ap fè nan zòn riral yo. Kit se legliz
katolik, kit se misyon pwotestan, kit se ONG, yo tout pote kole nan enstale sektè peyizan
an nan yon mantalite asiste, nan fè sektè a pèdi konfyans nan tèt li, epi, anmenm tan, fè l
sispann fè presyon sou Leta pou rezoud pwoblèm li. Nan sans sa, ki enpòtans yon
òganizasyon vin genyen si se pa pou prepare lis benefisyè ti pwojè !
4. Destriksyon òganizasyon revandikatif nan zòn riral yo pa pèmèt peyizan yo pote repons
kòrèk bay ansanm pwoblèm k ap chipote sektè a. Peyizan yo chwazi kouri kite milye riral
la paske yo pa gen kapasite mete presyon sou Leta pou l kreye kondisyon pou garanti
amelyorasyon lavi yo. Fason peyizan yo reyaji devan degradasyon kondisyon lavi yo, se
an pati rezilta travay pwomès asistans ak soupoudraj èd entènasyonal la ki gen kòm
objektif anpeche yo pran konfyans nan tèt yo, sanble fòs yo nan devlope òganizasyon pou
fòse Leta garanti dwa ak enterè yo genyen pou yo viv ak travay nan zòn yo nan diyite ak
respè.
Dezyèm kalte esplikasyon ki kab bay sou sitiyasyon malsite sektè popilè riral la gen rapò ak
aplikasyon pwogram ajisteman estriktirèl Fon Monetè entènasyonal la – FMI. Nan
kòmansman ane 1980 yo FMI, Bank Mondyal ak lòt ajans finansye yo pra l kraze pi rèd
pwodiksyon peyi a epi mete ekonomi an sou lagraba. Pandan yon bann tan nan peyi a, monn
riral la te jwe gwo wòl nan ekonomi l paske agrikilti se te baz ekonomi an. Nan peyi Dayiti,
jouk nan lane 1970 yo se pwodiksyon agrikòl la ki t ap fèt nan zòn riral yo ki te garanti 80%
nan manje popilasyon an te bezwen.
Ki pwa reyèl sektè popilè riral la nan mouvan sosyal la jounen jodia ?
Fòs sektè popilè milye riral la sòti nan fòs chak grenn òganizasyon ki konpoze l, si pou l jwe
wòl li kòm aktè nan mouvman sosyal peyi a, fòk òganizasyon yo devlope sou baz sektoryèl
epi makonnen òganizasyon sektoryèl yo yonn ak lòt. Demach sa a ap pèmèt se pwoteksyon
ak defans enterè manm yo ki jistifye egzistans òganizasyon an.
Jounen jodia, kòm sektè popilè riral la degaye premye solisyon peyizan yo chwazi se kouri
kite milye sa a, yon chwa ki afebli pi plis toujou pwodiksyon agrikòl la paske se sou fòs travay
fanmi peyizan yo agrikilti ak elvaj peyi a chita. Menm si aktivite agrikòl yo rete sektè ki bay
plis travay nan peyi a, sa ki pèmèt pwodiksyon k ap fèt nan zòn riral yo reprezante jouk
kounye a 26% nan pwodiksyon ekonomik nasyonal la, jenn fanm ak jenn gason k ap leve nan
zòn riral yo plis enterese al chèche swadizan travay nan vil yo.
Sitiyasyon lamizè ki blayi sou kategori peyizan sa yo pap chanje tout tan se pa peyizan yo
menm- fanm kou gason- ki ranmase karaktè yo nan ranfòse òganizasyon peyizan yo sou yon
baz demokratik ak revandikatif epi pou yo pi byen chapante pou fòse Leta pran reskonsablite
l pou fè refòm agrè a, pwoteje anviwonman an, devlope enfrastrikti agrikòl yo, tabli kredi riral
ak akonpayman teknik pou pèmèt peyizan yo amelyore pwodiksyon agrikòl la.
Mercidieu BENOIT
Santinèl/Ekonomi nasyonal
4
ZÒN FRANCH, PAK ENDISTRIYÈL, FAKTORI : MOVE CHWA EKONOMIK POU REZOUD
CHOMAJ NAN PEYI DAYITI.
Koze mete popilasyon peyi a nan travay pa janm jwenn bon repons nan men responsab Leta
yo. Majorite popilasyon an ap viv nan milye riral. Se la pou yo ta koumanse mete travay,
òganize travayè yo nan aktivite ki pi enpòtan pou peyi a, sa vle di nan agrikilti, nan elvay, nan
lapèch, nan atizana, nan izin transfòmasyon pwodui agrikòl, nan touris lokal. Se pa sa dirijan
Leta yo janm fè nan tout listwa peyi a. Popilasyon milye riral la, popilasyon sou fwontyè a,
popilasyon sou zile yo, se yo ki pi abandone nan peyi a ; chak ane gen plis pase 100 mil
moun k ap kite andeyò pou debake lavil.
Leta chwazi fè politik an favè popilasyon lavil kont popilasyon nan milye riral la.
Avèk dividal moun kap kouri kite milye riral la pou antre chache lavi miyò nan kapital la, zòn
boulvès politik yo vin plis chita nan Pòtoprens ak lòt vil ki gen gwo konsantrasyon yo tankou
Okap, Gonayiv, Podpè, Okay. Gouvènman yo plis chache gen kontwòl bidonvil yo ki kapab
sous enstabilite politik pou yo. Tanzantan, dirijan Leta yo inogire yon dispansè, yon fontèn dlo
potab, yon ti lekòl, yo mete kèk adoken nan kèk riyèl, yon fason pou jere popilasyon katye
popilè yo ki gen kapasite fè bri, fè manifestasyon kont yo. Politik fasilite komès enpòtasyon
manje nan bese taks ladwann, pèmèt manje sinistre antre nan peyi a, patisipe nan kase pri
manje ki sòti nan milye riral la, nan apovri travayè latè pou louvri vant peyi a pi rèd. Nan sans
sa a Leta pa gen ankenn enterè, ni volonte pou poze epi rezoud yonn nan pi gwo pwoblèm
serye ki gen nan peyi a, ki se kesyon chomay la, kesyon mete pèp la nan travay pou li jwenn
solisyon ak mizè li, kit se nan nivo edikasyon, sante, lojman, grangou, elatriye.
Majorite fòs kouray ak entelijans popilasyon an ap gaspiye akòz enkapasite ak
malfezans Leta ayisyen.
Dabò nan kesyon travay la, an nou raple biwo Leta yo, nan tout peyi a apèn bay 60.000
dyòb. Sekte prive biznis fòmel la, sa vle di ansanm antrepriz ki anrejistre nan DGI, ki deklare
kantite anplwaye yo genyen, kantite anplwaye ak ouvriye sa yo pa depase 200.000. Sa vle di
pou tout peyi a, anplwaye Leta plis anplwaye ak ouvriye sektè prive fòmèl melanje ansanm,
pa rive nan 300.000. Se nan sektè yo rele enfòmèl la, nou jwenn pifò popilasyon an ap
degaje li pou kont li. Agrikilti a ki se okipasyon ki bay plis moun travay nan peyi a, Leta kite li
nan kategori enfòmèl menm jan ak elvaj, lapèch oswa atizana. Kidonk, majorite travayè kap
pote ekonomi peyi a sou do yo pa jwenn ni estati legal kòm travayè, ni ankadreman, ni
asistans Leta.
Leta ayisyen depi li antre nan konfyolo ak òganizasyon entènasyonal yo ak konpayi
miltinasyonal yo ap pran desizyon kont pòsyon popilasyon milye riral la. An sonje kèk nan
desizyon reyaksyonè Leta pran anvan, pandan ak apre okipasyon meriken tankou kanpay
rejete, kontra Mac Donald, kontra plante kawotchou ak SHADA sou Lescot, kontra batey nan
Kiba ak nan Dominikani epi nan ane 1980 yo kontra PEPADÈP, kote yo te touye plis pase
yon milyon kochon kreyòl. Rezilta tout vye desizyon, vye kontra sa yo, se anviwonman peyi a
ki kraze, se popilasyon yo ki vin pi pòv. Se sistèm ekonomi nou an k ap kraze. Jodia sou
chak 100 plat manje nou jwenn nan peyi a apèn si nou pwodui 40 plat. Se yon katastwòf
nasyonal. Tout popilasyon an ap kouri kite milye riral la pou vin gonfle nan gwo vil yo, sitou
nan Pòtoprens. Jodia, kapital la ak 6 komin ki pre li yo gen 2.5 milyon moun.
Ki repons otorite Leta yo ak sektè prive a pote devan anvayisman popilasyon an sou
kapital la ?
5
Kit se Duvalier yo, kit se militè yo, kit se « demokrat yo », se toujou menm fo repons la dirijan
yo ak oligachi a bay sou gwo pwoblèm pou kreye travay nan peyi a. Olye yo chache solisyon
dirab pou ralanti ekzòd masif popilasyon an epi ankouraje sa ki deja la yo pou retounen
lakay, nan devlope aktivite ekonomik, nan mete sèvis tout kalite pou valorize milye riral la, yo
pito mache nan lojik miltinasyonal. Konpayi meriken yo toujou vle fè Ayiti tounen yon rezèv
mendèv bon mache nan Karayib la, yon gwo faktori k ap kole moso jwèt, rad, pyès
elektwonik pou peyi Etazini. Yo vle Ayiti sispann fè manje, pou se yo k ap voye pwodui pèpè
ba nou. Men nan ki lawont dirijan Leta yo ak oligachi a lage peyi a depi nan ane 1980 yo. Y
ap fè komisyon sou tèt ouvriye yo epi y ap chache gen kontwòl politik katye popilè yo.
Solisyon pak endistriyèl, zòn franch, faktori sa a pi fasil pase refòm agrè, irigasyon ak bay
peyizan yo kredi pou travay tè yo. Chwa simaye faktori sa a agrave sitiyasyon an paske
majorite moun andeyò ki bezwen travay kouri antre nan kapital la, pou jwenn yon swadizan
ale mye, men se byen konte mal kalkile.
Ki reskonsablite patriyòt pwogresis yo nan kalte move chwa ekonomik yo dirijan yo ap
fè yo ?
Jodia fòk nou konsyantize popilasyon an sou dega vye solisyon depaman sa yo ap fè nan
estrikti ekonomik peyi a. Si nou vle konstwi peyi a pou jenerasyon kap vini yo, si nou vle
granmoun nan pwodui pwòp manje lokal nou, nou pa dwe kite oligachi a nan asosyasyon ak
miltinasyonal yo, ak dominiken yo ap fin pran pi bon tè plèn nou yo, nan Maribawou, Taba,
Dwouya, Karakol pou yo mete kanpe pak endistriyèl, zòn franch. Nou dwe denonse politik
wete trip mete pay sa a. Nou ka fè agrikilti toujou si nou chwazi pou okipe zafè nou, nou ka fè
elvay toujou, nou ka devlope atizana, nou ka konstwi izin pou tranfòmasyon pwodui agrikòl
yo. Nou ka konstwi yon lòt Ayiti, si nou mete òganizasyon dyanm sou pye, si nou mobilize
tout fanm ak gason ki sou batay pou sove peyi a.
Gasner JOSEPH
Santinèl / Kontèks entènasyonal
KRIZ FINANSYÈ MONDYAL, YON JWÈT LAWOULÈT
Depi kèk tan, anpil gwo bank ak gwo antrepriz an Ewòp, Azi ak Amerik ap fè fayit. Anpil peyi
gen kriz dèt yo paka peye. Mache yo rele « bous » yo, ki vle di mache kote y ap achte ak vann
gwo kantite machandiz, matyè premyè ak aksyon antrepriz yo, ap degrenngole. Tout bagay
sa yo se siy sistèm finansye mondyal la ap travèse yon manman kriz.
Sitiyasyon sa a pa fèk parèt. Si nou fè yon kout je sou 15 dènye ane yo, lemond travèse
plizyè gwo kriz majè ki, a chak fwa prèske kondui sistèm finansye mondyal la nan yon
katastwòf. Nou pral esplike kòman kriz sa yo rive fèt.
Toudabò, nan komansman ane 1990 yo, te gen kriz peyi Azi yo. Nan peryòd sa a, plizyè peyi
nan rejyon Lazi tankou Tayiland, Malezi, Kore di sid ak Endonezi, ki te gen anpil posiblite pou
yo devlope, yo te pito al prete kòb nan bank prive pou finanse pwogram devlopman lakay yo
olye yo resevwa èd piblik nan men lòt peyi. Ekonomi peyi sa yo tap mache trè byen sa ki fè
bank prive yo prete yo lajan ak fasilite. Nan ane 1996, kwasans ekonomik peyi sa yo
komanse ralanti lè ekspòtasyon yo komanse diminye. Dèt peyi sa yo te vin tèlman wo
envestisè prive yo komanse demake. Se konsa, an jiye 1997 peyi Tayiland te oblije devalye
lajan li a ki se “Bath” ki te gen yon to fiks parapò ak dola ameriken an. Panik pran bank yo epi
kriz la pral gaye nan tout peyi sa yo.
6
Pi pre nou la a nan ane 2008, vin gen sa yo rele kriz “subprime” yo ki se yon kriz ki derape
Ozetazini nan aktivite achte ak vann kay. Alepòk, bank yo mache prete kòb bay moun san yo
pa verifye si moun nan gen ase revni pou li kapab peye kòb li prete a. Sèl garanti li genyen
se kay la. Enterè sou prè sa yo pat fiks, yo te trè ba okòmansman epi yo ogmante rapidman.
Prè sa yo, bank yo mache ofri yo sitou bay moun ki nan kondisyon ekonomik ki pa twò bon
yo, paske se sèl jan pou moun sa yo rive jwenn kòb prete pou achte kay.
Apre sa, akòz jan manke reglemen nan sistèm bankè a, bank yo deside yo pap kenbe prè sa
yo pou jistan pretè a ta fin remèt kòb la nèt. Yo pito vann li nan mache « bouse » yo sou fòm
« tit » osnon aksyon pou yon kòb ki pi piti pase sa li tap rapòte si li te tann dat la rive (Yo rele
sa titrizasyon). Men sa ki pral pase, pretè a vinn paka peye paske to enterè a vin twò wo epi li
pa gen ase revni pou li ta peye (sitou, nou sonje afè pretè a pat pi bon pase sa), kidonk moun
ki te envesti kòb li nan achte tit la nan men bank la pèdi kòb li.
Akòz fenomèn « titrizasyon » an ki vle di vann « tit »osnon aksyon san gade dèyè a, kriz la ki te
derape Ozetazini an rive gaye toupatou nan lemonn, panik pran bank yo ki refize prete kòb
youn bay lòt sa ki fè sistèm nan rive bloke.
Pou anpeche sitiyasyon an pa fin degringole nèt, Leta yo pral oblije mete anpil anpil lajan nan
gwo bank ki fè fayit tankou bank yo rele ”Lehman Brothers” la oubyen konpayi asirans AIG ki
te achte anpil nan tit sa yo. Men tou, anpil moun pèdi kay yo, plis pase 27 milyon moun pèdi
djòb yo Ozetazini anplis pakèt milya dola ki pèdi nan koze sa a.
Chak fwa yon kriz konsa pete, FMI rive pou di Leta ki nan pwoblèm yo, « map prete w lajan
pou w rekomanse, men fòk ou fè efò sou bidjè w, sou dèt ou, sou reglemantasyon konkirans
ak komès eksteryè w », kidonk yon bann remèd ki di gen yon bon fason pou jere ekonomi w ki
se liberalizasyon san limit. Michel Campdesus, yon ansyen direktè FMI, te di konsa « nou
rekonèt erè nou, men menm jan nom jis la te di nou tonbe 7 fwa, nou fè erè souvan, men
malgre tout erè nou yo nou toujou ede peyi yo releve ». Anfèt tout remèd sa yo toujou kreye
kondisyon lavi ki pi difisil pou popilasyon yo.
Chak fwa yon kriz konsa pete, se toujou Leta ki pou vin mete lòd nan sistèm nan. Lè konsa
se lajan taks sitwayèn ak sitwayen yo li itilize pou fè sa. Kidonk sitwayèn ak sitwayen an pedi
2 fwa, premye fwa paske yo pèdi djòb, yo pèdi kay oubyen yo pèdi lajan epi se yo menm
oubyen pitit yo ki ap gen pou remèt lajan Leta oblije prete pou ranje sistèm lan.
Si nou gade byen n ap wè nan tout kriz yo se espekilasyon nan mache « bous » yo ki lakòz. Ni
nan ka peyi Lazi yo, ni nan ka Etazini ak peyi Ewòp yo, nou wè se moun ki mize kòb yo sou
yon machandiz yo kwè k ap vin gen plis valè nan kèk lane pi lwen. Men lè sa pa rive, yo pèdi
kòb yo, anpil kòb. An jeneral apre chak kriz remèd yo toujou pwopoze se reglemantasyon,
men remèd sa pa janm anpeche lòt kriz k ap vini apre a. Sa pap janm bay rezilta dirab paske
yo toujou vle se mache a, ki vle di gwo bank, miltinasyonal ak izirye yo, ki pou reglemante tèt
yo. Si se konsa, se komsi pat gen ankenn reglemantasyon, nou ta kab di se bay chat veye
mantèg.
Jean Jacques BATRAVILLE
Santinèl /Konesans
Depi ane 1980 yo fèk komanse, fòs ekonomik ak politik yo k ap domine monn lan ap chache
fè demokrasi a tounen yon senp kesyon eleksyon regilye, mache lib, Leta zwit epi ankouraje
yon modèl endividi ki konnen enterè egoyis pa l sèlman. Se pou kontre modèl demokrasi
neyoliberal sa a, ki fè n ap fè kout flach mwa sa a sou konsèp Demokrasi a.
7
Demokrasi a, se yon rejim politik kote pouvwa a nan men pèp la e se li k ap kontwole l. Nan
ka sa a mo pèp la vle di ansanm sitwayèn ak sitwayen nan yon peyi ; yo tout san distenksyon
gen dwa ki dwe respekte ak pwoteje epi yo chak an patikilye gen devwa parapò ak sosyete a
epi ak Leta peyi a. Nan rejim demokratik la, gouvènman an se gouvènman tout sitwayèn ak
tout sitwayen yo san okenn diferans ki chita sou ras, klas, sèks, koulè ak konpetans. Se pou
sa ki fè yo di : se gouvènman pèp la, avèk pèp la, pou pèp la.
Bi final demokrasi a, se chache libere moun yo ak pèp yo anba tout dominasyon, politik,
ekonomik, sosyal ak kiltirèl oubyen tout antrav fizik osnon moral. Se pou sa ki fè demokrasi a
chita sou plizyè prensip fondalnatal, ki se : 1) Leta ak lalwa, garanti ekzèsis dwa ak libète
sitwayèn ak sitwayen yo ; 2) souvrènte popilè, se pèp la ki eli reprezantan li yo nan eleksyon
dirèk oubyen endirèk epi pafwa nan tiraj osò ; 3) se majorite a ki deside nan vòt oubyen nan
konsansis ; 4) konstitisyon an ak lwa yo dwe koresponn ak volonte popilè a ; 5) egalite, tout
moun egalego devan lalwa ; 6) chache dizon pèp la regilyèman nan eleksyon, deba piblik
oubyen referandòm ; 7) egzistans tandans politik diferan, moun yo menm jan ak òganizasyon
sosyal oubyen politik yo kapab gen pwòp pozisyon politik yo ; 8) pouvwa Leta a piblik, se pa
nan syèl pouvwa li a soti, se pèp la ki ba l pouvwa e se nan sans enterè jeneral la oubyen
pou byen komen tout sosyete a pou l travay ; 9) separasyon pouvwa, pouvwa ekzekitif la,
lejislatif la ak jidisyè a endepandan.
Rejim demokratik la kapab pran plisyè fòm : 1) Demokrasi dirèk, lè se pèp la ki ekzèse li
menm tout pouvwa politik la, atravè asanble ak konsèy li kanpe toupoutou pou sa epi li mete
kèk eli nan tèt yo, men pèp la gen dwa pou revoke eli sa yo anvan manda yo fini si li pa
satisfè ak travay yo ; 2) Demokrasi reprezantatif, lè pèp la delege preske tout pouvwa l bay eli
li yo nan ekzekitif la, nan lachanm yo ak nan kolektivite teritoryal yo ; se yo ki pran tout
desizyon nan plas li e se lè manda yo fini pou l ranplase yo ; 3) Demokrasi patisipatif, lè pèp
la delege yon moso nan pouvwa l bay eli li yo epi li kenbe yon lòt moso, nan sans sa a, se
yon fòm pataj ak ekzèsis pouvwa k ap chache ranfòse patisipasyon sitwayèn ak sitwayen yo
nan desizyon politik yo.
Lanvè demokrasi a, se : rejim monachi total yo, kote pouvwa a nan men wa osnon rènn lan
epi aristokrasi a ki kwè li gen tout dwa e se li ki pi bon ; Leta oligachik yo, kote pouvwa a nan
men yon ti gwoup moun oubyen fanmi ; rejim diktati yo, se de mòd gouvènman ki otoritè ki
chita sou gwo ponyèt san sitwayèn ak sitwayen yo pa gen okenn kontwòl sou yo.
Eksperyans k ap fèt nan monn lan depi nan kòmansman kapitalis la, nan 17yèm ak 18yèm syèk
la, montre byen klè, lè demokrasi politik la pa makonnen ak demokrasi ekonomik ak sosyal
la, ki vle di lè richès, byen ak sèvis yo pa pataje sou yon baz ki ekilibre, demokrasi a, gen
tandans tounen yon fasad oswa diktati yon oligachi.
Rose ALMONACY
Aba okipasyon degize an titèl ! Aba pouvwa restavèk ! Aba enperyalis !
Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp ayisyen an !
SANTINÈL PÈP LA
jen 2011
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com
8

Répondre à cet article