Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA

SANTINÈL PÈP LA

mardi 11 janvier 2011, par Santinèl Pèp la

Nimewo 11 Janvye 2011 Santinèl pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la. Editoryal Pi gwo evenman ki make mwa janvye a se banalizasyon premye anivèsè goudougoudou a, retou ansyen diktatè Jean Claude Duvalier nan peyi a ak piblikasyon rapò ankèt malatyonn OEA sou rezilta konteste eleksyon-seleksyon yo. Sanble kòd pit ki makònen divès evenman sa yo se : kenbe peyi a anba titèl meriken atravè MINISTA, kenbe pouvwa ekonomik ak pouvwa politik la anba grif oligachi a ak akolit politik li yo epi kontinye piye resous peyi a pandan y ap kapte èd entènasyonal la depi nan sous. Anmenmtan plizyè aktè nan sektè demokratik la ap mobilize yo pou fòse gouvènman an pran reskonsablite l nan kondui J.C Duvalier devan lajistis pou krim ak detounman lajan peyi a, kominote entènasyonal la ap antann li pa anba ak pouvwa Preval–Inite a pou depataje eleksyon-seleksyon yo : palman an pou Inite, prezidans lan pou enperyalis yo. Konsa enpinite a tabli, demokrasi a anpwazonnen, koripsyon ak vòl ap kontinye pi rèd. Jwèt la klè, pa gen demagoji ni manti ladann ankò ! Sektè popilè, demokratik, patriyotik ak pwogresis yo genyen yon sèl chwa : rasanble fòs yo, òganize yo pou konbat fòs reyaksyonè yo, machann peyi yo ak okipasyon an.

I.- Retou ke makak la : yon souflèt pou mouvman sosyal 86 la, yon bout viktwa pou sistèm enpinite a Baby Doc antre nan peyi a san li pa pran chemen prizon paske te gen preparasyon ki fèt pou sa epi li gen konplis li nan tèt pouvwa a an Ayiti, nan gouvènman franse a ak nan gouvènman meriken an. Jean Claude Duvalier se yon gwo kriminèl politik ak ekonomik ; anplis se youn nan gwo senbòl yon rejim kraze zo ki fè peyi a anpil mal e ki reskonsab nan tribilasyon l ap viv jounen jodi a. 1.1 Yon rejim totalitè, sanginè Preval ak enperyalis yo ap chache dedwane nan konsyans nou. Rejim Duvalier yo se eritaj dirèk yon seri rejim fè nwa, otoritè ki koumanse an Ayiti depi nan ane 1818 ak Prezidan Boyer, ki kontinye ak lòt chèf Leta, travèse tout peryòd neyokolonyal la, ki reòganize apati 1915 ak okipassyon ameriken jouk nou rive nan Duvalier papa ak pitit. Tout rejim sa yo genyen menm mak fabrik. Preske yo tout monte sou pouvwa apre esoufman mouvman demokratik yo pou bay Leta yon lòt direksyon epi retire ekonomi an anba grif negosyan bòdmè yo. Majorite pami yo se pisans etranje yo, elit ekonomik yo, lame ak politisyen tradisyonèl yo ki swa manipile pèp la oubyen ak lafòs mete yo sou pouvwa. Yo tout livre peyi a bay pisans etranje yo ak oligachi a menm si gen ladan yo ki te pran pòz ‘’nasyonalis’’ yo. Yo tout se ak riz, lafòs,koripsyon ak yon seri lide aryere yo rive kenbe pouvwa a. Pami tout rejim sa yo, pouvwa Duvalier yo pote lamayòl nan kesyon sanginè a ak transfòme pouvwa otoritè a an totalitè. Papa ak Baby Doc ansanm pase 29 an nan tèt Leta a. Pandan long peryòd sa a yo toufounen konstitisyon an, tabli kò milis tonton makout yo pou fè ak defè epi yo fè lame a tounen domestik pou antre pirèd nan kraze zo dapre fòmasyon li te resevwa pou sa nan men meriken. Rejim sa a kraze tout pati politik,asosiyasyon sosyal ak kiltirèl ki pa sou kontwòl yo epi touye osinon voye an ekzil tout opozan politik. Yo pa tolere laprès pale ak ekri ki pap fè pwopagann pou yo. Sou pretèks konbat kominis ak konplisite meriken, yo makoutize lise yo ak inivèsite a, mete legliz katolik ak pwotestan yo epi badji vodou yo anba koupyon yo. Pou chita dominasyon yo, Duvalier yo kenbe peyi a anba laperèz ak enpinite ; yo touye plis pase 20 mil fanm ak gason epi yo fòse plis pase 40 mil kad ak entèlektyèl kite peyi a. Se sou rejim yo a espekilatè ak grandon ap ranfòse pi rèd pouvwa yo ; se nan epòk sa yo tou oligachi Pòtoprens lan, nan pataje piyay la ak fanmi Duvalier yo, koumanse pran kontwòl tout richès peyi a. Se yo menm tou ki pèmèt mafya dwòg entènasyonal la ak fanmi Luciano, Ganbino, Bonanno, Labay, Escobar, elatriye, koumanse pran pye nan peyi a. Se diktatè sa a, apre mouvman sosyal 86 lan fin gonfle ponyèt li pou voye l ale, pouvwa Preval la pran pòz Pons Pilat li, nan jou retou l 16 janvye 2011, pou di li pa gen ankenn kondanasyon lajistis kont piyajè kriminèl sa a. Anbasadè ameriken an di nou fòk nou pa okipe l ; vrè kesyon an se rezilta eleksyon-seleksyon yo. Kanta Lafrans ki te mete diktatè a sou wot siveyans, li di li pa konnen si se chemen Ayiti misye t ap pran. 1.2 Preske tout lòt ekip ki monte sou pouvwa apre 1986 konplis nan koripsyon, represyon ak enpinite a. Mouvman popilè ak demokratik ki te ranvèse diktati Duvalier yo te fò nan fè mobilizasyon ; anplis, revandikasyon li charye yo te makonnen ak kriz estriktirèl peyi a ap konfwonte yo ; sa te fè enperyalis yo espanta. Sòti 1986 pou rive 1988, pouvwa CNG militè yo pran pòz mete laksyon piblik an mouvman kont detounman lajan rejim Duvalier yo fè. Yo te pran pòz jije 2 ou 3 kriminèl tankou Luc Desir ak Samuel Jeremi. Yo te oblije kite konstitisyon an, pase men yo kraze eleksyon novanm 1987 yo nan yon gwo masak, apre yo leve tout ankèt ak tout pousuit kont Duvalier yo. Lesly Manigat monte sou pouvwa a sou san pèp la nan konfyolo ak militè yo ak yon zèl nan oligachi a. Prosper Avril ak Ertha Pascal Trouillot se menmman parèyman. Depi 1986 plan neyoliberal la ap enstale, represyon ap fèt sou mouvman popilè ak demokratik yo, oligachi a ap koupe-rache nan ekonomi peyi a epi enpinite a ap vale teren. Mouvman sosyal ak politik 86 la te trè frajil sou plan vizyon estratejik : li pat byen òganize, li te divize epi nan pa defini objektif ak estrateji batay li, li te antre nan pyèj enperyalis yo ak oligachi a te tann pou li. Nan eleksyon desanm 1990 yo, pèp la fè yon soulèvman elektoral. Fòs fè nwa yo bije kite pouvwa a ; Aristide enstale men yo negosye avè l pa anba pou l pa deranje plan neyoliberal la sou kous li nan peyi a. Lè sektè popilè ak demokratik yo koumanse ekzije enstitisyonalizasyon pwosesis demokratik la ak satisfaksyon revandikasyon popilè yo, enperyalis yo, oligachi a, politisyen reyaksyonè yo ak militè yo fè koudeta sektanm 1991 lan pou anglouti fòs demokratik, popilè ak pwogresis yo nan peyi a. Plis pase 5 mil moun pèdi lavi yo, plis pase 10 mil manm sektè popilè a bije kite peyi a. Lè yo fin sèten Leta a afebli nèt, koreksyon « demokratik » la reyisi. Yo fè pouvwa Lavalas la tounen pou vini kontinye dezyèm manch koudeta a. Aristide ak Preval, nan dezyèm vèsyon an, pral parèt tèt yo kòm bon elèv Duvalier yo nan mare sosis yo ak oligachi a ak mafya nasyonal kou entènasyonal la epi nan restavèk enperyalis yo ki pran pòz wòklò. Nan mete baboukèt sou sektè popilè ak demokratik yo, pouvwa lavalas yo pral itilize menm vye zam yo : riz, kòripsyon, manti ak gang ame, lè yo pa sèvi ak menm divalyeris yo epi menm ansyen tonton makout yo. Se tout rezon sa yo ki pèmèt Jean Claude Duvalier tounen jodi a nan peyi a. Tout pouvwa ki pase apre li yo, se swa konplis li yo ye, osinon se menm politik avè l y ap mennen. Se pou menm mèt y ap travay. II. Fanmi ak gwoup k ap kontwole richès ak politik peyi d Ayiti (7èm pati) Nan peyi kote se soulèvman jeneral ki pèmèt pèp la pran kontwòl pouvwa politik la, moun fè politik pou defann yon kòz kolektif, pou pwoteje ak defann enterè nasyon an, pou popilasyon an jwenn sèvis li bezwen yo epi pou ranfòse pwosesis demokrasi patisipatif la. Nan peyi ki sou dominasyon, kote se diktati, kòripsyon ak eksplwatasyon k ap boloze, fè politik vin tounen yon mwayen pou oligachi ak politisyen restavèk yo, nan konfyolo ak pisans etranje yo, ranmase byen ak richès peyi a san swe. Politik la se yon mwayen pou piye peyi a, peze-souse popilasyon an epi kenbe l nan latwoublay pou esplwate l pi byen. Se mòd konsepsyon sa a ki t ap gide rejim Duvalier yo ki alabaz tout krim ekonomik li yo ; se sou menm bit sa a rejim lavalas la, ni ak Aristide ni ak Preval, chita tou. An fevriye 1986, CNG a nasyonalize nan yon dekrè tout byen ak lajan fanmi Duvalier yo, men an menm tan li fè yon lòt dekrè pou di se sou sekès li mete byen sa yo. An avril 1986, CNG a fè yon lòt arete pou mande tout bank ak tout lòt enstitisyon pou yo remèt DGI tout lajan ak tout byen Jean Claude Duvalier ak 75 pi gwo konplis li yo nan vòlè richès peyi a, pami yo : Michèle Bennett, Mario Théard, Auguste Douyon (Ti pouch), Jean Robert Estimé, Jean Sambour, Jean Claude Sanon, elatriye. Tout piyajè sa yo nan peyi a oswa y ap fè antre sòti. Menm jan Preval te leve pousuit kont Aristide pou vòl ak dwòg an 2006 malgre tout plent ak ankèt ki t ap fèt sou li, jodi a an 2011 li louvri pòt bay Jean Claude Duvalier pou retounen nan peyi a vin fè règleman epi separe ak asosye l yo pandan l ap prepare l pou divalyeris yo reprann fòs. Nan nimewo sa a n ap fè yon kout flash sou krim ekonomik Duvalier yo annatandan nou rive sou pa militè defakto yo, rejim lavalas la ak gouvènman Boniface-Latortue a. 1- Masak kochon kreyòl yo : Se pi gwo kou ekonomi peyizan yo te pran nan kad pwojè PEPADEP la ajans finansman meriken, USAID, te mete sou pye nan ane 1980-1983, ak konplisite dirijan Leta ayisyen, pami yo Jacques Edouard Alexis. Joukaprezan y ap sibi konsekans krim sa a. Mizè, grangou, povrete gaye nèt nan peyi a. Kochon kreyòl yo, nan sistèm elvaj la, te sèvi pou labouraj tè ; se te yon fòm epay ki te pèmèt peyizan yo fè fas kare ak yon seri pwoblèm ijan. 2- Konfyolo ak Fanmi Mevs pou fè dappiyanp sou izin HASCO : Izin HASCO te pèmèt 7 mil moun travay anplwaye ak ouvriye sèlman – san konte moun ki t ap viv sou pwodiksyon kann lan nan milye peyizan an. Nan ane 1985-1986 yo, HASCO te pwodui 800.000 sak sik, kidonk se yon izin ki t ap mache, menm si yo pa kapab konpare rannman l ak izin sik ki nan peyi Kiba oubyen Repiblik Dominikèn. Nan koumansman ane 1970 yo, Jean Claude Duvalier, ansanm ak manman l, mete ak Fritz Mews pou yo swadizan achte HASCO. Nan lane 1987, Fanmi Mevs kraze izin lan, vann feray yo bay peyi Jamayik epi yo antre nan enpòte sik ak siman. Fè règleman sou lajan sal Duvalier yo nan HASCO, ki transfòme an SHODECOSA, se youn nan dosye Jean Claude vin regle nan peyi a. 3- Izin sik Dabòn ak izin SODEXOL-ENAOL, 2 lòt krim : Izin sik nan Dabòn lan koute Leta 50 milyon dola vèt, men li pa janm rive mache tout bon paske plenn Leyogàn pa gen kapasite pou pwodui kantite kann izin nan bezwen pou moulen. Jean Claude Duvalier ak Frantz Merceron, minis Finans li, fè magouy ak espè Bank Mondyal yo pou Leta ayisyen achte izin sa a ki te fabrike pou peyi Ouganda. Tout chabrak yo fè lajan koutay yo ; izin lan pa janm travay tout bon vre nan kapasite li genyen. Pou SODEXOL, se menm istwa a. Gilbert Bigio, asosye Jean Claude Duvalier, vini ak pwojè sa a nan ane 1980 yo. Izin nan peye, komisyon ak koutay fèt, men izin nan pa janm jwenn ase pistach, oliv ak soya pou l fè lwil. 4- Enstalasyon pak endistriyèl arebò ayewopò Pòtoprens : Se yon lòt move chwa rejim Duvalier yo te fè ak konplisite mafya entènasyonal la plis oligachi restavèk lokal la. Chwa soutretans lan kòm izin pèmanan pa ede Leta devlope yon sektè endistriyèl ki garanti alafwa travay ak teknisyen kalifye. Anplis, li destabilize milye riral la nan ankouraje yon dividal peyizan kouri kite milye a pou vin chache yon alemye nan kapital la, alòske te gen mwayen òganize peyi a yon lòt jan nan ankouraje desantralizasyon ak devlopman pwodiksyon nasyonal la. Òganis Transparency International evalye lajan Duvalier yo detounen nan peyi a ant 300 a 800 milyon dola vèt. Ofis Nasyon Ini Kont Dwòg ak Krim evalye l sou bò pa l ant 500 milyon a 2 milya dola. Piyay sa a ap sispann lè patriyòt ak pwogresis ki pa sou blòf epi ki kwè nan kapasite pèp la pou bay repons va reyisi makonnen tèt yo ak popilasyon an nan kad yon òganizasyon solid pou pote chanjman k ap kondui nou nan tabli yon Leta Nasyonal Demokratik Popilè k ap adrese pwoblèm fondalnatal yo epi itilize resous disponib yo pou konstwiksyon peyi a nan enterè tout pitit li yo. III.- Mannigans enperyalis yo ak oligachi a pou pran kontwòl peyi a depafini klas mwayèn defavorize ak mas popilè yo Lè Francois Duvalier, Papa Doc, mete Jean Claude Duvalier sou pouvwa a ak konplisite gwo peyi enperyalis yo ansanm ak ajans koperasyon yo, yo louvri vàn èd entènasyonal la. Anpilnan dèt peyi d Ayiti monte nan epòk sa a. Tout lajan sa yo gagote, voye al sere nan bank peyi etranje yo epi mas popilè yo ap antre nan move lavi chak jou piplis. Pwoblèm tè a ki pa janm regle, plis anviwonman an k ap degrade chak jou piplis, mete sou represyon tonton makout yo pral lakòz anpil peyizan kouri kite milye riral la pou chwe nan Pòtoprens al bourike nan faktori. Nan menm moman an, gouvènman Jean Claude la fòje yon kòd travay pou envestisè ameriken ak oligachi a bò isit, ki antre nan soutretans tou, kapab souse san ouvriye, fanm kou gason, legalman. 3.1 Konbinezon kriz estriktirèl ak kriz konjonktirèl fabrike lakòz ekonomi peyi a tonbe fè fon.Nan fen ane 70 yo, apre peyi enperyalis yo fin antre Ayiti nan depandans finansyè a nèt, yo deside enpoze l yon pwogram ajisteman estriktirèl kote lajan Leta ak lajan èd ap transfere bay sektè prive a men se franj ki pi fèb nan klas mwayèn nan ak mas popilè yo yon fwa ankò ki viktim. Leta pral oblije koupe nan sèvis esansyèl yo, dezangaje l nan milye riral la. Chomaj la koumanse rèd, chak jou peyizan ap kite milye riral la pou lage kò yo nan sektè enfòmèl la oubyen vin pandye devan faktori yo, sa ki vin bay oligachi a plis latitid pou pimpe deyò tout ouvriye je kale ki vle monte sendika andedan izin yo. Anpil malere ak malerèz andeyò kou lavil ap pèdi lavi yo nan pran chans kanntè pou ale Miami ak nan lòt Antiy yo. Se vag peyizan k ap kite milye riral la pou antre nan prensipal vil yo ki pèmèt oligachi a jwenn yon fòs travay pou piyay paske lamizè nan kò yo. Yon lòt kote, se sa a tou k ap alimante mouvman popilè yo. Sonje katye popilè lavil yo se te motè mobilizasyon popilè kont rejim bout di Jean Claude Duvalier yo nan koumansman ane 80 yo, sa ki pral lakòz oligachi a ak peyi enperyalis yo, patikilyèman meriken, lage pouvwa a yon fason pou bloke mobilizasyon popilè a, anpeche l kapote sistèm lan. Enperyalis meriken, FMI, Bank Mondyal ak Inyon Ewopeyèn pwofite nouvo sitiyasyon politik la tou pou ranfòse plan neyoliberal la nan afebli Leta, kraze pwodiksyon nasyonal la, koumanse likide antrepriz Leta ki te rete yo. Se nan kontèks sa a tou fanmi nan oligachi a ki te genyen izin pwodui premye nesesite ap fèmen yo pou antre nan enpòtasyon sik, lwil, diri, farin ak siman. Kòm konsekans, kriz lojman, dlo, manje ak lapwòpte a vin pi grav ; tout vil pwovens enpòtan yo eklate ; plis eleman klas mwayèn defavorize a tonbe nan chomaj ; nan Pòtoprens, bidonvil pouse kou dyondyon ; malere kou moun ki gen ti mwayen tonbe nan malsite epi yo kite peyi a anmas pou ale chache lavi lòt bò dlo. 3.2 Ranfòsman kontwòl enperyalis yo sou peyi a ak konpòtman granmanjè oligachi a ogmante lamizè a epi li demobilize pèp la. Nan okazyon koudeta militè yo nan lane 1991, peyi enperyalis yo, meriken antèt, pral pwofite anbago paswa a pou mete peyi a ajenou nèt. Anpil antrepriz bije fèmen, sa ki vin ogmante kantite moun ki te nan chomaj. Gen plis timoun ki pa ale lekòl, menm jan gen anpil etidyan ki pakab kontinye ale nan inivèsite. Sitiyasyon sanitè a vin pi konplike pou mas popilè yo akòz enstitisyon sanite yo gen pwoblèm fonksyònman. Yon lòt bò, anpil kad ak teknisyen rekòmanse kite peyi a. Retou Aristide an 1994 pral chanje done yo totalman. Liberalizasyon ekzajere ekonomi peyi a pral ogmante depandans lan piplis toujou : li demantibile Leta a nèt epi rezo dwòg dilè yo pral pwofite afeblisman Leta a tou pou monte tant yo nan katye popilè yo k ap devlope chak jou piplis. Gwo pwoblèm ekonomik plan neyoliberal la lage nan peyi a pral pèmèt rezo kriminèl sa yo jwenn yon lame jèn pou fè tout kalte trafik. Yo pral rekipere yon seri pati politik ak kandida, sa ki pral kase konbativite ak rezistans mas popilè yo. Menm si katye sa yo toujou genyen gwo pwa nan mobilizasyon yo, yo manipile yo nan sans enterè piyajè yo. Sonje mobilizasyon apre piblikasyon rezilta pwovizwa eleksyon–seleksyon 28 novanm yo. Anreyalite, depi nan mitan ane 90 yo, kesyon angajman sitwayen ak konviksyon koumanse disparèt nan mobilizasyon popilè yo paske anpil nan moun ki pran lari yo se sou baz lajan yo fè l. Menm jan anbago paswa a te regle zafè oligachi a ki te pwofite swadizan rate pwodui yo pou vann yo nan gwo pri, jodi a, se menm yo menm ankò ak ONG etranje yo epi konpayi etranje ki sou plas yo k ap pwofite sou kriz imanitè ki genyen nan peyi a apre tranbleman tè a pou fè lajan yo epi pèmèt yon lavi chè tabli pi rèd ankò nan kò popilasyon an. Nan sans sa a, plan neyoliberal la, ni nan nivo sosyal, ni nan nivo ekonomik ak politik, fè menm kantite dega ak tranbleman tè a, si se pa plis.Kontèks jounen jodi a montre chak jou piplis kouman nesesite pou konstwi yon enstriman politik solid se sèl fason pou bare pwosesis delabreman enperyalis yo ak oligachi a mete nan peyi a. Aba okipasyon degize an titèl ! Aba eleksyon bidon ! Aba pouvwa restavèk ! Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp la ! SANTINÈL PÈP LA Janvye 2011 santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article