Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA

SANTINÈL PÈP LA

mardi 18 janvier 2011, par Sentinelle du peuple

Nimewo 10 Desanm 2010 Santinèl pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la. I. Eleksyon-seleksyon, yon mwayen efikas pou ranfòse sistèm peze souse a !

1.1 Yon deblozay byen prepare. Apre katastwòf 12 janvye a, ren popilasyon an kase ; detrès moman an fè li vin pi demobilize. Sektè pwogresis la ki te deja andifikilte, vin pi afebli ; kominote entènasyonal la ak pouvwa anplas la pwofite sikontans lan pou enpoze nasyon an plan rekonstriksyon pèpè a ak lwa leta dijans selera a. Se rezon sa a tou ki pral fè, malgre pa t genyen kondisyon pou òganize eleksyon serye, gwo peyi enperyalis yo, Etazini antèt, atravè MINISTA ak OEA, pral ensiste pou òganize yon eleksyon bouyi vide. Men se te byen konte mal kalkile. Se nan kontèks sa a eleksyon-seleksyon 28 novanm yo debouche sou yon deblozay akòz chire pit ki genyen ant divès klan nan oligachi lokal la ak mafya nasyonal kou entènasyonal la pou kontwòl pouvwa politik la. Dèyè chak kandida prezidan yo gen yon klan nan oligachi a ak yon gwoup mafya. Mirlande Manigat genyen klan Boulos la ak Senatè Youri Latortue, gwo dilè dwòg epi yon zèl divalyeris ki sou kontwòl Virginie St Pierre, ansyen minis afè sosyal sou Prosper Avril k ap sipòte l. Jude Celestin gen sou bò pa l yon bon pati nan oligachi a ki sou kontwòl klan UNIBANK, yon zèl nan divalyeris yo ak Rony Gilot, plis rezo dwòg dilè ki sou kontwòl Senatè Lambert ak Dimitri Vorbe. Michel Martelly gen eta majò ki te finanse ak fè koudeta 30 sektanm 1991 lan – Brandt, Mevs, fanmi Mayard-Paul ak Prosper Avril, Michel Francois, Biambi ak gwoup arab ninja yo. Se dènye ekip sa a, apre piblikasyon rezilta premye tou eleksyon-seleksyon yo, ki pran kontwòl lari a atravè rezo distribisyon dwòg yo ak sipò yon pati nan kò mafya lokal la. Kidonk nan mobilizasyon ki fèt apre piblikasyon rezilta yo, yo rive manipile yon pakèt jèn nan katye popilè yo, men se pa ni kòz ni enterè pèp la ki t ap defann. 1.2 Eleksyon te kowosòl pou fè pèp la dodomeya. Mobilizasyon manch long pèp la nan ane 1985-1986 yo te fòse peyi enperyalis yo ak oligachi lokal la lage pouvwa Duvalier yo, men fòk yo te jwenn yon mwayen pou kase mobilizasyon sa a epi antre mas popilè yo nan yon woutin eleksyon te kowosòl jan sa fèt nan plizyè peyi. Oligachi a ak gwo peyi enperyalis yo bay tèt yo mwayen tou pou kraze pwosesis elektoral yo lè mas popilè yo òganize yo Editoryal Zanmi kanmarad Santinèl Pèp la, n ap di nou senpati pou lane 2010 la ki ale a epi kouraj ak detèminasyon pou lane 2011 ki antre a. Kanmarad k ap goumen lontan isit kou lòt bò, peryòd sa a toujou difisil pou yo paske se moman bilan. Men tout patriyòt ak pwogresis yo dwe ranmase karaktè yo devan gwo defi ki poze pou lit pèp la nan tan k ap vini yo : -Fòk nou voye pouvwa restavèk Preval la ale ; -fòk nou mare ren nou pou kaba okipasyon MINISTA ; - fòk nou kwape titèl ekonomik FMI, BM epi CIRH la ; - fòk enstriman politik nou bezwen pou mennen batay la kanpe nan peyi a ak nan dyaspora a. Nan tout goumen pou yon chanjman total kapital, fòk genyen objektif klè ki fikse ak estrateji ki makònen avè l ki deplòtonnen. Se konsa yon pèp òganize, mobilize, vanyan ak fwonte ap rive vanse, viktwa apre viktwa, sou chimen libersyon l ak epanouyisman l. 2 pou kontwole yo. Sonje masak oligachi ak kèk nan gwo peyi enperyalis yo deside fè sou pèp la nan eleksyon 29 novanm 1987 yo atravè lame d Ayiti ak eskadwon lanmò ki te pote non “san manman”. Koudeta lame d Ayiti te fè 30 sektanm 1991 lan sou direksyon meriken, ki lakòz 5 mil moun mouri, rantre nan menm lojik la tou. Depi nan eleksyon 1995 yo, lè sektè popilè pèdi anpil fòs akòz masak yo fè sou militan l yo, lè yo pa fòse yo pran egzil, gwo peyi enperyalis yo koumanse fè estrateji pou pran kontwòl eleksyon yo depi anlè pou evite efè sipriz mas popilè yo epi kontwole mannèv divès klan nan oligachi a. Sonje eleksyon 2006 yo kouman peyi enperyalis yo, toujou atravè MINISTA, t ap manipile konsèy elektoral la ak mas popilè yo pou pèmèt René Préval, alye yo nan epòk la, monte sou pouvwa. Si nou byen gade, n ap wè pandan 15 dènye ane sa yo kouman zafè eleksyon an vini trè konplike sou plan teknik epi kouman li tounen yon tèt chaje sou plan finansye. Konplikasyon ak gwo mas lajan gwo peyi enperyalis yo mete nan pwosesis elektoral nan peyi d Ayiti vin pèmèt yo gen yon gwo zèl kat nan men yo pou negosye kontwòl pouvwa politik la ak divès klan nan oligachi a epi kèk nan gwoup mafya yo lè sa nesesè. 1.3 “Katon wouj pou pouvwa Preval nan eleksyon-seleksyon yo” : yon eslogan pyèj. Eleksyon-seleksyon 28 novanm yo reyalize nan yon kontèks kote pèp la gen anpil ensatisfaksyon ak fristrasyon nan fason gouvènman an ak kominote entènasyonal la jere peyi a, sitiyasyon ki vin pi malouk apre katastwòf 12 janvye a, mete sou sa epidemi kolera MINISTA lage nan peyi a. Depi 1986, menmsi divès klan nan oligachi a ap goumen antre yo, yo bay tèt yo mwayen pou chire pit nan mitan yo pa rive menase sistèm nan. Chak moman nan kriz politik la kote mas popilè yo vle lonje dwèt sou sistèm nan, espesyalis k ap defann enterè oligachi a ak enperyalis yo toujou reflechi sou estrateji pou detounen atansyon pèp la. Eslogan “katon wouj pou Preval nan eleksyon 28 novanm yo” rantre nan plan sa a. Konsa y ap kapab mete sou pouvwa a swa Mirlande Manigat, swa Michel Martelly oubyen yon prezidan pwovizwa pou kontinye defann enterè oligachi a, kò mafya yo ak enperyalis yo. 1.4 Fòk mas popilè yo sispann pitimi san gadò pou pita pa pi tris. Manipilasyon mas nan katye popilè yo rive paske sektè pwogresis yo pa jwe wòl gid yo kòmsadwa bò kote mas popilè yo. Gen nan yo ki kanpe sou pozisyon opòtinis ; gen lòt ki fatige batay kidonk yo pare pou mache ak kèk kandida restavèk pandan y ap pran pòz fè bèl analiz. Jounen jodi a piplis pase anvan, mas popilè yo dwe kontinye mobilize sou baz pwòp revandikasyon yo ak enterè yo. Se sèl fason pou yo pa fè jwèt klan nan oligachi a, gwoup nan kò mafya yo ni gwo peyi enperyalis yo. Chanjman kondisyon lavi mas popilè yo pap kapab fèt san rasanbleman sektè pwogresis yo sou baz yon pwojè politik klè. Pou pita pa pi tris, annou pran desizyon istorik pou mete kanpe enstriman politik konsekan ki pou akonpaye mas popilè yo nan batay pou chanje Leta ak chanje kondisyon lavi yo. ll. Fanmi ak gwoup ekonomik kap kontwole richès ak politik peyi a (6èm pati) Epòk eleksyon, se alafwa yon sezon semans pou sѐten, yon sezon rekòt pou dòt. Oligachi a ak peyi sousѐ yo ap mete lajan sou kandida poul kay yo. Sa ki pi restavèk yo ap jwenn plis. Modѐl eleksyon –seleksyon sa yo tounen yon konkou ant machann peyi, je chѐch, koken, ak malpouwont. Si Céant jwenn 2-3 milyon dola vѐt, Madan Manigat jwenn 5-6 milyon, Jude Celestin ak Sweet Micky jwenn 15-30 milyon. Mafya lokal ak entѐnasyonal la ansanm ak oligachi a konnen fòk yo mize gwo si yo vle fѐ gwo benefis lѐ pouvwa a fin chita. Kontra apèl dòf pral tonbe adwat agòch, sitou nan koze rekonstriksyon an. Yo pa pѐ depanse. Dayè se pa lajan yo, se lajan taks pѐp la yo separe ; se lajan Petwo-karibe solidarite pѐp Venezwuela a yo vòlѐ. Se lajan vye kontra wout ak koura elektrik Sogener ak Vorbe & Fils, lajan eta dijans yo kapte epi mete sou kote pou sezon eleksyon yo. Epòk eleksyon se sezon rekòt pou sѐten fanmi nan oligachi a : I- Fanmi Deschamps-Frisch. Se yo ki ranmase pi gwo lo lajan, an dola vѐt, nan prepare bilten ak materyѐl pou eleksyon yo. Pòch ak men Deschamps yo konn tѐlman plen ak kontra pou eleksyon yo, 3 yo konn pataje gato a ak fanmi Malval-Robert Malval, ansyen Premye minis Aristide, nan enprimri le Natal. Fanmi Deschamps ranmase lajan nan 2 men. Sou yon bò ak magazen “ONE SOURCE PAPER”, ki se magazen pa yo, ki vann papye, katon ak lòt founiti, sou yon lòt bò ak enprimri a y ap fѐ lajan nan enpresyon bilten, postѐ, livrѐ, elatriye. Ak tout mago lajan yo sot fè nan eleksyon-seleksyon yo, fòk nou tout chache konnen plis toujou ki kote yo rive nan piye peyi a ! Fòk nou ta mande Daniel Supplice, ansyen minis zafѐ sosyal J.C. Duvalier, ki se responsab Fondasyon Lucienne Deschamps. 2- Fanmi Jaar yo pa fѐ bri, men zafѐ yo ap mache trѐ byen. La Couronne se 2ѐm pi gwo brasri nan peyi a, apre Prestige ki se pwopriyete gwoup Madsen. Pou ane 2006-2007 la, yo te deklare yo vann pou 670 milyon goud. DGI te klase yo 17ѐm konpayi ki pi gwo kontribyab paske yo te peye(10%) 67 milyon goud taks pou ane sa a. Nan epòk eleksyon an, se sitou yon lòt konpayi fanmi an posede ki rapòte yo gwo lajan. Se konpayi UNIVERSAL MOTORS ki vann ak lwe machin NISSAN. Konpayi sa a tou nan fѐ foub pou pa peye tout taks yo ta dwe ; se sѐlman 51 milyon goud taks yo te peye DGI pou ane 2006-2007 la, ki fѐ yo te klase 23èm kontribyab. Fanmi Jaar aksyonè nan SOGEBANK. Nan mòn kanapevè ak nan mòn kalvè, yo genyen plis pase 15 kawo tè. 3- Fanmi Berhmann tou patisipe nan rekòt sezon eleksyon-seleksyon yo, nan lwe ak vann machin. Kòm yo se gwo sipòtѐ Espwa-Inite, yo bay gouvѐnman an anpil fasilite. Konsa y ap toujou kontinye benefisye gwo avantaj nan fè magouy ak sou-faktirasyon nan DGI ak nan ladwann. Dayè,Valentin, direktѐ jeneral ladwann, nan pòch yo. Rѐs mago lajan an pataje ant konpayi lòt bò dlo ki t ap prepare lòt kalite materyѐl elektoral, konpayi dominiken ki gen plis teknoloji pou fѐ gwo postѐ, konpayi telefòn isit yo tankou Digicel ak Voilà, epi radyo, televizyon ak jounal yo. Raketѐ ak mafya nan tѐt pati politik yo tou fè kòb pa yo nan vann chapo legal. Pati politik « Repons Peyizan » vann Michel Martelly chapo legal. Janklodis Samir Mourra, mafya patante nan Miami, vann Jacques Edouard Alexis chapo legal MPH. Eric Jean Jacques, ansyen depite, dwòg dilѐ, ansyen pwopryetѐ Jacomin S.A., te gen tan monte 2 pati politik. Li vann Wyclef Jean chapo legal youn pou l ta l enskri, epi li vann Leslie Voltaire chapo legal lòt pati a « Ansanm Nou Fò ». Dirijan alatѐt rezo mafya k ap distribye dwòg ak zam nan katye popilѐ yo tankou nan Pòtoprens, Site Solèy, Matisan, Bèlè, Jalouzi ak nan kѐk vil pwovens kle nan trafik dwòg la tankou Okap, Okay, Mibalè, Kotfѐ, elatriye, te gen mago lajan pa yo pou fѐ distribisyon tou. Jounen jodi a, koze eleksyon prèske pѐdi tout sans li. Olye pou li ta yon aktivite nasyonal, souvren, kap pѐmѐt yon popilasyon òganize, eklere, chwazi bon dirijan l pou mennen bak peyi a, eleksyon yo tounen yon aktivite bandi legal ak bandi ilegal sou kontwòl kominote entènasyonal la, oligachi a epi mafya entѐnasyonal ak mafya lokal yo. Pѐp la ak avangad li poko konstwi fòm òganizasyon ki pou fѐ li pran pouvwa a : swa nan soulèvman elektoral, swa nan lese-frape ak fòs reyaksyonѐ yo nan kad yon soulèvman popilѐ, pou li transfòme peyi a epi tabli yon Leta Nasyonal Demokratik Popilè nan benefis tout pitit tѐ a toupatou nan peyi a. III. Koperasyon entènasyonal an Ayiti : yon zouti anplis sistèm esplwatasyon pou fè pèp la lasisin pandan l ap anrichi oligachi a piplis, isit kou lòt bò dlo (suit) Nan dènye nimewo Santinèl l, nou te fè istwa koperasyon an Ayiti e nou te montre kouman l ap tounen yon enstriman enpòtan pou afebli Leta ayisyen epi ranfòse peyi a piplis nan depandans. Nan nimewo 10 sa a, n ap bay suit atik la, kote nou plis chita sou egzanp èd imanitè ak èd pou rekonstriksyon apre tranbleman tè a pou montre karaktè piyajè koperasyon entènasyonal la. 3.2 Tranbleman tè 12 janvye a : kalamite pou nasyon an, opòtinite pou enstitisyon koperasyon yo fè lajan ! Apre goudougoudou a, pandan popilasyon an ap kriye pou plis pase 300 mil pitit li yo ki disparèt ak yon bon pati nan richès li yo ki detwi, tout pèp nan lemonn kanpe bò kote l. Solidarite sa a manifeste sou divès fòm : teknisyen ak pwofesyonèl ki kite travay yo pou antre an Ayiti vini pote lamen fòt ; menm jan an tou popilasyon nan peyi sa yo bay ONG imanitè ak ONG devlopman lakay yo lajan pou 4 vini ede pèp la. Nan sans sa a, men kèk egzanp : Oxfam-Angletè resevwa 800 milyon dola vèt, CECI-Kanada jwenn 20 milyon dola vèt, Cordaid-Oland resevwa 150 milyon dola vèt, Yele Ayiti nan Etazini ak Wyclef Jean nan tèt li jwenn 11 milyon dola epi Chaine du Bonheur nan peyi Suis resevwa plis pase 50 milyon dola. Leta nan peyi sa yo, ki konnen ki avantaj yo kapab jwenn nan okazyon sa a, bay lajan tou : peyi Etazini bay nan menm mwa janvye a 3 milya dola ameriken ; Leta Kanada, Lafrans, Venezwela ak Repiblik Dominikèn epi preske tout lòt yo te pote kontribisyon pa yo tou pou faz imanitè a. Epi yo tout fè yon pakèt pwomès lajan nan rankont 31 janvye ki te fèt Nouyòk la pou swadizan ta bay Ayiti 10 milya dola pou rekonstriksyon l. Ajans koperasyon yo, Leta etranje yo, konpayi k ap vann sèvis lòt bò yo ak ONG èd imanitè nan peyi sa yo, mete ansanm ak gouvènman Preval la epi oligachi k ap sipòte l la pa bay pèp la tan pou leve tèt li pou chèche wout pou l sòti nan sitiyasyon malouk li ye a. Lame dominiken, lame kanadyen, lame fransè ak lame ameriken te gen tan debake pou vini koupe rache nan lajan èd la. Nan 3 milya dola gouvènman ameriken te swadizan bay pou Ayiti, lame ameriken pran 1.2 milya ladann epi USAID pran 1 milya dola. Se apeprè menm jan an lòt lame yo fè. Genyen menm tankou lame kanadyen ki pase isit, pran kòb la epi apre yo pran wout pou Afganistan. ONG etranje èd imanitè yo debake an mas. Yo lakòz pri lokasyon kay ak machin monte byen wo. Pipiti lajan yon depo 100 mèt kare lwe nan moman sa yo se 500 mil goud pa mwa. Pri yo lwe machin pa mwa pase 200 mil a 400 mil goud, sitou sa ki ka itilize pou pote chay epi fè move wout. Apre tranbleman tè a, lòt depatman ki pat touche yo te fè solidarite pa yo jan yo kapab nan voye chèche viktim yo pou ba yo swen, manje epi pran ka yo. 2 mwa apre evenman yo, popilasyon viktim yo kite fanmi yo ak zanmi yo nan lòt depatman ki pat frape yo pou retounen nan kapital la ak lòt vil ki sinistre yo. Leta ayisyen ak ONG ki espesyalize nan èd imanitè yo pa òganize ankenn sekou nan depatman sa yo epi yo fè kouri bri se sinistre ki nan Pòtoprens, Jakmèl, Leyogàn ak Tigwav sèlman k ap jwenn manje, dlo ak rekonstriksyon kay yo. Nan mwens pase sis mwa apre katastwòf la, ONG etranje yo sou bò pa yo deklare yo depanse plis pase 1.5 milya dola pou bay tant, pwela, manje, dlo ak medikaman. Sou chak pwojè ONG etranje yo jere, yo pran 25 pou san kòm frè jesyon, kidonk yo fè plis pase 300 milyon dola vèt kòm benefis. Jounen jodi a, politik ONG sa yo, nan konplisite ak gouvènman Preval la, se depanse yon lòt 2 milya dola vèt nan fè kay plastik oswa playwoud pou bay sinistre yo rete ; benefis la pi gwo toujou. Pouvwa Preval la, nan konfyolo l ak ansyen Prezidan Clinton epi Bank Mondyal atravè Komisyon Rekonstriksyon Ayiti-CIRH, ranje kò yo pou yo kraze, nan ti pwojè rekonstriksyon pèpè nan anviwon yon lane, 5 milya dola vèt. Men pi fò nan lajan sa yo se Clinton, Preval, Madanm Clinton ak Bellerive epi zanmi yo ki gen gwo biznis isit kou lòt bò dlo ki pare pou manje l. Anplis, yo gen yon latriye teknokrat nan ajans koperasyon yo ak ONG lòt bò dlo kou isit k ap ekri pwojè, fè evalyasyon epi fè rapò pou bay manti sou sak fèt yo. Koperasyon ak Ayiti a ap fèt an gagòt konsa akòz kalite dirijan ki genyen nan tèt Leta a ak kalite oligachi ekonomik ki pran kontwòl tout gwo biznis nan peyi a. Koperasyon an tounen yon enstriman enpòtan pou detwi Leta ayisyen nèt epi anvlimen malsite pèp la. Patriyòt ak pwogresis yo, reskonsablite nou nan men nou pou relve diyite nasyon an. An nou mete ansanm pou rive mete kanpe enstriman politik pèp la bezwen an pou liberasyon l epi konstwi Leta Nasyonal Demokratik Popilè a. Aba okipasyon degize an titèl ! Aba eleksyon bidon ! Aba pouvwa restavèk Preval la ! Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp la ! SANTINÈL PÈP LA Desanm 2010 santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article