Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > KOMINIKE POU 16zyèm ANIVÈSÈ ANSASINAY

KOMINIKE POU 16zyèm ANIVÈSÈ ANSASINAY

dimanche 29 août 2010, par P. Frantz Grandoit

Nou menm nan lig la, nou konsidere ke Pè Jan Mari Vensan mouri paske li te anti enperyalist. Menm jan tou ak Antwann Ismeri.Pa bliye, lè peyi a libere tout bon vre, mesye sa yo ap gen la ri ki pral pote non yo.Nou toujou ap mennen akèt pou konnen ki moun ki asasinen antiperyalis ak progrsis yo. Si yo vivan, nap jije asasen yo, si yo mouri, nap mete non yo sou yon lis nan tout peyi a.

28 daout 1994 - 28 daou 2010, n ap selebre ane sa a sèzyèm anivèsè ansasinay Pè Janmari Vensan. Evenman sa a rete grave nan kè anpil moun nan sosyete a : kretyen oswa vodouyizan konsekan ak anpil militan, fanm kou gason. Ansasinay sa a se yon krim ki antre nan listwa batay ayisyen mennen pou lalibète. Goumen sila a nou konnen li lakòz anpil sakrifis, tout kalite soufrans san konte atanta, tankou sa k te fèt Fresino a oswa Jan-Rabèl, ki fè san koule. Depi 28 daout 1994 la, Janmari antre nan listwa legliz la kòm yon kretyen devwe ki bay vi li nan sans levanjil la, pou delivrans la rive. Potorik gason sa a antre tou, nan listwa peyi nou an, kòm yon gason vanyan, militan serye, ki t ap batay san pran souf pou yon lòt mòd sosyete, pou yon peyi lib kote tout dwa ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik pèp la te ka vrèman respekte.

N ap selebre marti yon prèt, sèvitè Levanjil la. Li te deside swiv Kris la jous nan bout pou sèvis pèp ayisyen an, sitou sa k pi piti yo, pòv yo, moun ki gen lalèp yo, moun yo rejte yo, moun ki pa gen vwa pou yo rele. Li te viv an kominyon avèk peyizan yo, avèk jèn josis ak jesis yo (jèn ouvriye katolik epi etidyan katolik yo), ak kretyen angaje yo - rich kou malere - nan pawas Basen Ble, Pòdpè, Jan Rabèl. Li te rete soude, pandan 23 lane avèk frè l ak sè l yo ki fè pati Kongregasyon frè ak sè Monfòten yo. N ap sonje angajman pastoral li anndan lavi popilasyon Nòdwès yo.

Nou p ap bliye masak ti peyizan Jan Rabèl yo anba manchèt grandon yo ki te rayi Pè a pou solidarite l avèk moun sa yo. Nou vle asosye Jan Mari ak tout gason ak fanm vanyan nan peyi a ki te bay lavi yo, onon Kris la, pou diyite ak libète sa k pi piti yo. N ap sonje , nan menm epòk sa yo (1983-1991), li t ap dirije Biwo Karitas nan dyosèz Okap la.

Alokazyon angajman sa a, li te fè konnen byen klè se nan doktrin sosyal legliz la, se nan Levanjil la, epi nan fòs istorik yon pèp k ap lite pou yon chanjman total ke li menm Janmari, li te jwenn kouraj pou l al jis nan bout misyon li a. Nan liy sa a, li te patisipe nan akonpayman ak fondasyon plizyè mouvman sosyal tankou Gwoupman Tèt Ansanm, Tèt Kole ti peyizan ayisyen. Menm jan tou, li te pote kole nan kreyasyon oswa konsolidasyon plizyè enstitisyon tankou Ekip Misyonè Jan Rabèl, Enstiti Kiltirèl Kal Levèk, GATAP (Gwoup api teknik ak animasyon pedagojik), FIDES (Fon Entènasyonal Devlopman Ekonomik ak Sosyal), FONHADES (Fon Ayisyen Devlopman Ekonomik ak Sosyal), CCG (Koperativ Kosyonnman an ak Jestyon). Fondasyon sa yo, li te kreye yo ansanm avèk lòt konpayon paske li te renmen peyi l epi li te fè anpil bon rèv ak pèp ayisyen an. Li te vle pou tè yo, ni nan mòn ni nan plenn, rapòte avantaj ak benefis avan tou pou malere ki bay fòs kouraj yo anba solèy cho a. Li pa t dakò pou yon ti pòsyon moun chita ap jwi, gras ak kòripsyon, nan gwo chato alòske tout rès popilasyon an ap mouri grangou nan kay ki bati nan mitan ravin. Jouk jounen jodi a, Pè Janmari Vensan rete, nan memwa nou, kòm yon santinèl ki raple nou.. tout menas ki peze sou libète nou, sou lafwa nou, sou avni peyi nou an. Nou envite tout zanmi ansyen l yo, ak lòt nouvo zanmi ki pral dekouvri l sou entènèt la, pou yo fonde, sou egzanp lavi li a, pwòp angajman pa yo. Janmari mande tout militan ayisyen konsekan yo pou yo pa fè bak nan batay la, pa bay legen, kontinye goumen pou rèv jistis yo kapab reyalize, pou ni pòv yo ni rès pèp la retounen gen lespwa, fyète ak lanvi pou sa chanje.

Nan yon moman kote kriz sistem ekonomik mondyal la lakòz anpil anpil ouvriye ap pèdi djòb yo, mas popilè yo ap plonje chak jou pi fon nan mizè, grangou, chomaj ak ensekirite. Popilasyon nan divès zòn nan peyi a, rekòmanse leve kanpe pou rele anmwe kont lavichè, klowòks, k ap pete fyèl moun ki pi pòv yo. Jodi a se yon devwa pou 3 pouvwa yo mete ansanm pou : chèche desann pri pwodui premye nesesite yo, mande sektè prive a aksepte redui kantite benefis li pou rann posib ogmantasyon nivo salè minimòm la, mete bank semans ak konpòs toupatou nan komin yo, louvri yon deba piblik pou relanse yon bonjan refòm agrè nan peyi a, bay peyizan yo tè ak zouti pou yo travay epi ba yo bonjan ankadreman pou yo ka pwodui plis manje, ogmante bidjè agrikilti a ak alfabetizasyon an nan bidjè nasyonal la pou travayè latè yo,sa k nan elvaj bèt yo ak pechè pwason yo ka pèmèt pèp la an jeneral jwenn garanti lamanjay la, epi pou kanpay nasyonal alfabetizasyon an rive jous kote l dwe rive a.

Pou Konsèy Direksyon F.J. M.V a

P. Frantz Grandoit Kòdonatè Konsèy Direksyon an

Répondre à cet article