Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > KOULIN

KOULIN

vendredi 11 novembre 2011, par Koulin

KOULIN yon zouti fòmasyon, enfòmasyon, edikasyon ak refleksyon politik ; yon espas deba ak lit ideyolojik ; yon zouti pou konstwi inite ideyolojik, teyorik ak òganizasyonèl. KOULIN, yon gid pou aksyon, yon zouti pou goumen.
MACHIN DIKTATI A PATI
Nan nimewo sa a, nap pote yon atansyon espesyal ak gouvèlman Koniy lan pou wè kouman sa riske pase ak prezidan Martelly. N ap gade kouman represyon KOULIN te anonse ki pral blayi sou klas popilè yo tanmen jodi a. N ap reponn yonn nan kesyon lektris ak lektè nou yo voye ban nou. Men nou pa ta ka soti nimewo sa a san voye yon kout je sou pwojè diktati a, pwojè Martelly pou mete pye sou kou popilasyon an.

Depi mwa me nou te klè pou tout lektè, lektris nou yo : ekstrèm dwat la ki sou pouvwa a makònen ak makout, dilè dwòg epi ak tout ekip Martelly a, avèk benediksyon yon moso nan entènasyonal la, monte nan kad yon pwojè diktati fachis. Nou fè anpil rale sou sa nan lòt nimewo jounal la. Jounen jodi a, pou tout moun ki te doute, pou sila yo ki pat kwè, pwojè a vizib, san yo pa bezwen fè jefò pou fouye reyalite a. Li klè Martelly ak ekip li a nan Palè Nasyonal ap deplòtònen pwojè diktati a. Machin diktati a pati.
Jodi a diktati a fè yon pa anplis nan mach li. Premye etap ki te planifye depi lontan pou kreye yon nostalji epòk diktati Divalye yo depase. Jodi a, ak Martelly, pwojè diktati sa a soti aklè. Li kòmanse ap bay odè nan lari a. Jodi a, anplis makout, anplis ansyen milis ekstrèm dwat FRAP tankou Gonzague Day ki delege Lwès, se yon bann divalyeris, dilè dwòg oubyen sektè ki mare sosis yo ak mafia dominiken, ak nouvo makout epi malandren ki pa gen kras pwoblèm ak diktati, depi yo nan pozisyon pou fè lajan, se bann sanzave sa yo ki gen mayèt la nan men, se yo k ap opere nan divès koulwa aparèy Leta yo.
Nan kad sa a, Gary Conille pa gen pwoblèm, paske li leve nan prensip divalyeris, papa l, Serge Conille, bawon divalyeris ak janklodis te ba li. Ekzanp : Primati Gary Conille nan ap woule anba bagèt yon chèf kabinè ki te yonn nan tonton makout ki te pi terib sou Divalye : Rony Gilot.
Kidonk, gouvènman an chaje makout ak atoufè tankou Laurent Lamothe (ke afriken nan Kotdivwa denonse kòm volè). Anndan Palè a chaje dilè dwòg (dosye òganizasyon dwa moun yo mete deyò klè sou ekip sa a). Pifò direktè jeneral yo se makout, ansyen pitit rejim Divalye yo oubyen se menm ekip atoufè yo. Kanta pou eskandal 19 sekretè deta yo, se pa pale. Direktè y ap nonmen nan Dwan ak nan APN nan pwovens yo se sèvitè dirèk pouvwa a. Yo la pou fasilite lajan antre pou eleksyon ak pou garanti trafik poud ak lòt...
Libète laprès menase : Martelly kontinye ap atake laprès ak raj nan espwa pou elimine tout fòm opozisyon nan peyi a. An menm tan l ap achte yon bann lòt jounalis. Plizyè jounalis gentan gen chèk nan Palè Nasyonal oubyen vin pòtpawòl nan plizyè ministè. Sak pa dakò koube yo, pral wè piblisite leta yo koupe…
Machin diktati a pati ! Yo konprann yo ka fè listwa fè bak annaryè. Yo bliye si tan pou nou pale pa siy nan pa alamòd ankò. Pèp ayisyen pap asepte fè bak ! Pèp ayisyen ann kontinye òganize nou pou nou rive bloke machin lanmò sa a, pandan n ap goumen pou tabli nan peyi a yon leta demokratik ak popilè ! VIV KONSTRIKSYON YON MOUVMAN SOSYAL FÒ ! VIV KONSTRIKSYON YON POUVWA POPILÈ !
Libète ak dwa òganizasyon atake
Delege nan depatman Nò ak Nòdès entèdi ak fòs ponyèt yo tout manifestasyon nan 2 depatman sa yo. Nan depatman Lwès, yo maspinen etidyan ak gaz lakrimojèn. Kanta pou MOLEGAF, yo tire sou yo, yo bat yo epi yo arete 8 nan yo ki t ap manifeste kont lavichè, kont MINISTA pandan yo t ap mande travay.
Ekip Martelly a mande sektè prive a ak boujwazi ki anbake nan pwojè diktati a pou yo elimine tout sendika nan faktori ak nan izin yo. Nou te anonse diktati pral maspinen klas popilè a nan jounal mwa me a. Nou wè sak pase nan SOTA (Sendika Ouvrye Tekstil ak Abiman) kote jou sendika fè eleksyon alatèt li, nan menm semèn nan yo revoke yo nan izin kote yo t ap travay la (Genesis, izin GÉRALD APAID ak nan One World Apparel, izin CHARLES-HENRY BAKER). Tousa pase anba gwo presyon lapolis sou mann sendika a ak sou lòt ouvriye yo.
Egzekitif la pa respekte okenn lòt pouvwa : y ap mache sou palman an. Arestasyon depite Belizè ( depite Delma-Taba) se yon ekzanp klè. Yo pa gen dwa arete l san palman pa leve iminite l. Men iminite se bobin pou apranti diktatè yo. Prezidan Martelly pa dakò opozisyon aktif okenn palmantè. Li fè fouke Belizè, sitou depite a gen mikro laprès pou l pale, fòk yo fèmen bouch li. E se yon avètisman klè pou lòt manb palman yo.
Pèsekisyon politik planifye ap dewoule. Wowo Nelson ak lòt zagribay nan Palè Nasyonal yo avèti tout moun yo pap ranse, yo pa nan demokrasi. Prezidan di ak bouch li, li pral SINIK menm jan ak Papa Doc. Sinik vle di li pral manje moun, li pral pase sou moun.
Tankou tout diktati k ap blayi nan monn toujou fè l, pou okipe lespri popilasyon an epi maske vrè sa y ap fè, prezidan Martelly ap depanse plizyè milyon nan piblisite chak mwa, nan pwopagann Lucien Jura (Siyal FM) ak ansyen chef pwopagann Aristid la, Mario Dupuy (nou sonje l) deklanche nan tout radyo ak televizyon sou sa prezidan ap fè. Tele Nasyonal tounen nan emisyon Zafè Piblik ak pwopagann. Nan menm tan sa a, y ap gaye konfli toupatou pou alimante zen nan peyi a.
Ansyen militè, makout plis milis woz ap antrene toupatou nan peyi a : PNH pa di yon mo paske direksyon li anbake nan pwojè a. Anpil nan direktè depatmantal yo, DCPJ ak komisarya enpòtan pou pouvwa a se nèg pa yo ki nan dwòg ak yo. Menm jan tou, SIN poko kreye, men l ap fonksyone sou wout Frè nan kay ansyen trafikan dwòg Ketan. Jan dokiman ekip Martelly a ekri li, SIN nan la pou siveye rapòte, men sitou pou arete tout moun epi fè disparèt tout òganizasyon ki pa dakò ak yo, òganizasyon yo pral rele gwoup ektremis, gwoup teworis k ap menase sekirite peyi a.
Moun ki t ap di pètèt, lòt ki pat kwè, sila yo ki te vle fèmen je yo, ebyen koulye a jwèt la klè. Prezidan 2 chanb yo ki tankou 2 sousou t ap ride Michel « Ti Simone » Martelly vizite ansyen prezidan yo jwenn. Se yo ki te patisipe nan ede reyabilite Jean Claude Duvalier. Koulye a y ap di se yon diktati sa nou te anonse. Men pèp ayisyen, atansyon, pa okipe yo, yo pral ba yo pwojè, yo pral fèmen bouch yo. Sèl bagay nou menm ayisyen konsekan, nou menm nan KOULIN, nou pap pran lan baboukèt ankò. Goumen pou chanje peyi a sa pap bloke. Nou pap pran nan diktati, nou pap pran milis woz. Goumen fèk kare tanmen. Pandanstan, an nou swiv reyaksyon Radyo ak Televizyon Metwopòl, Megasta, Superstar ak Ginen…

MARTELLY / CONILLE, ESKE ANTANT LA POSIB ?
Nan sousi pou diminye pouvwa prezidan an ki nan tout istwa peyi a toujou gen tandans tounen diktatè, Konstitisyon 1987 mouvman sosyal 1986 la te akouche te vin bay palmantè yo, senatè ak depite, plis pouvwa. Konsa konstityan yo te chwazi yon modèl ak 2 tèt pou egzèse pouvwa egzekitif la : prezidan an kòm chèf leta a, premye minis lan kòm chèf gouvènman an. Atik 136 Konstitisyon an di aklè prezidan an se chèf Leta a. Wòl li se veye pou tout moun respekte konstitisyon an, veye sou bon fonksyonman enstitisyon leta yo, fè pouvwa piblik yo mache kòmsadwa, pou Leta a kapab toujou rete Leta. Kanta pou premye minis lan, atik 155 lan di li se chèf gouvènman an ki fòme ak premye minis lan, minis yo epi sekretè deta yo. Wòl premye minis la defini nan atik 159 Konstitisyon an ki ba li reskonsablite fè egzekite lalwa. Li reskonsab tou defans nasyon an, nan tèt ansanm ak prezidan Repiblik la. Kidonk li klè dapre Konstitisyon 1987 la, prezidan an se chèf Leta a ki la pou veye sou bon mach enstitisyon yo. Alòske premye minis la se chèf gouvènman an, li la pou tabli, egzekite epi fè egzekite politik jeneral gouvènman an. Li chwazi minis ak sekretè deta yo ak konsantman prezidan Repiblik la.
Tout dispozisyon sa yo montre amoni ki dwe egziste ant 2 tèt ki konpoze Pouvwa Egzekitif la pou fasilite reyalizasyon plan ak pwogram politik pou devlopman peyi a. Nan sans sa a anpil kesyon ap poze nan lari a jodi a sou posiblite « cohabitasyon » prezidan Martelly ak premye minis Conille.
Alapapòt n ap di nan ka Martelly ak Conille, zafè « cohabitation » an pa ka jwe. Genyen « cohabitation », se lè yon prezidan oblije gouvène ak yon gouvènman ki pa pataje menm liy politik ak li. Yon « cohabitation » politik sipoze egzistans 2 vizyon politik diferan, depaman k ap twoke kòn youn ak lòt. Tout moun konnen tout manm gouvènman sa a se Martelly ki chwazi yo. Conille pa menm genyen yon minis ki ta moun pa li dirèkteman nan gouvènman an. E se pa prezans 3 minis Inite yo nan kabinè a ki ta vin kontrebalanse tandans lan, lè nou konnen se pa okenn vizyon politik diferan ki esplike chwa 3 minis sa yo, se yon kesyon djòb ak pouvwa k ap regle.
Sa pou nou konprann, prezidan Martelly ak premye minis Conille se 2 kabrit tomazo ki soti nan yon menm fanmi politik ki se kan makout divalyeris la. Anplis, tou 2 se pyon yon sèl mèt k ap pote yon menm pwojè politik, pwojè politik enperyalis la. Diferans ant yo 2 a chita nan lefèt Martelly plis mare ak CIA, sektè ekstrèm dwat pati repibliken ameriken an, sektè dwòg ak mafya nan peyi Dominiken, alòske Conille plis lye ak vizyon divès sektè pati demokrat ak Depatman Deta nan peyi meriken.
Yon kote, nou tande premye minis Conille ki rive la ak gwo benediksyon kominote entènasyonal la, espesyalman meriken, nan dokiman politik jeneral li pale de yon « pacte bien vivre ensemble ». Lide « pacte » sa a ta montre dispozisyon li ta genyen pou deplòtonnen yon politik tètansanm ant egzekitif, palman ak sosyete sivil pou kreye yon klima favorab pou egzekisyon pwojè enperyalis la andous nan peyi a, kote tout sèktè lavi nasyonal la ta kapab enplike. Natirèlman « pacte » sa a pa pran ankonsiderasyon patisipasyon ak enterè reyèl sektè popilè ak pwogresis yo ki an kontradiksyon lèt ak sitwon ak enterè epi vizyon estratejik enperyalis la. Se pito yon « pacte » pou reponn a swaf rezilta enperyalis la ak miltinasyonal yo ap tann jodi a pou satisfè apeti kapitalis yo.
Yon lòt kote, Prezidan Martelly ap pale tou sou bò pa l de rekonsilyasyon nasyonal. Anreyalite, se yon blòf, yon kouvèti pou chache reyabilite, remete makout divalyeris yo sou moun jiridikman ak politikman nan peyi a. Se pa pou ryen nou wè prezidan an
antoure l ak yon latriye makout divalyeris nan tout koulwa pouvwa a ak administrasyon piblik la. Se chimen li pran pou eseye byen chita pwojè diktati fachis li a nan kè tout enstitisyon yo. Se sa l ap chache nan seri vizit « rekonsilyasyon » l ap fè kay ansyen prezidan yo. Li vle pran tout moun lage yo nan menm sakpay makout la. Yon demach konsa se konsekrasyon absoli sistèm enpinite a, kòmkwa 30 lane krim Divalye yo pat anyen.Yon inisyativ ki pa deranje deplòtonay pwojè enperyalis la nan peyi a jodi a. Okontrè …/…
Kidonk, li klè pa genyen yon kontradiksyon fondalnatal ki separe prezidan Martelly ak premye minis Conille. Yo tou 2 nan sèvis yon sèl e menm mèt, enperyalis la. Yo chak nan mannyè pa yo ak estil pa yo. Sepandan, li klè lang ak dan konn gen kont. Sitou lè pa gen metriz sou tout wouaj ak anviwonman yo. Nan sans sa a viv ansanm nan kapab difisil ant Martelly ak Conille. Vizyon Martelly sou kesyon rejim politik, kòm ansyen manm FRAP, pa kapab menm ak vizyon Conille kòm ansyen fonksyonè ONU ki kwit nan moul diplomasi ak politik newoliberal gwo pwisans enperyalis yo. Sa enpòtan pou nou retni, menm lè nou konnen tou 2 nèg yo pataje yon orijin makout komen. Kidonk kapab toujou gen gwo divèjans ki ka pwovoke gwo chòk nan rapò 2 nèg yo, sitou lè w annafè ak yon prezidan tankou Martelly ki pa gen okenn respè pou okenn nòm ak prensip kòrèk.
Men nou pa dwe janm bliye, an dènye rekou, lè 4 soti pou mare 3, enperyalis la rete mèt jwèt k ap jwe ant 2 tèt ki nan Pouvwa Egzekitif la. Raple nou, nèg yo pa mèt tèt yo, menm lè yo kapab genyen maj mannèv pa yo. Lòt eleman enpòtan nou pa dwe janm bliye, mas popilè yo deyò jwèt makawon sa a. Jwèt la ap dewoule kont enterè yo e anfinal se yo ki gen pou peye po kase a, kit parapò pwojè diktati fachis Martelly a ki mete anperil tout gany demokratik mas popilè yo rache nan batay yo depi 1986, kit se parapò pwojè newoliberal Conille gen misyon pou l vin ranfòse nan peyi a nan non enterè pwisans enperyalis yo ki riske vin lage mas yo ak nasyon an anjeneral nan plis mizè ak plis depandans ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl.
Kidonk evite antre nan fo deba « cohabitation » ki ta vle fè kwè genyen yon kontradiksyon fondalnatal ki ta opoze 2 tèt pouvwa egzekitif la. Fòk nou rann nou kont diktati fachis Martelly vle enstore a kapab matche trè byen ak ranfòsman politik newoliberal Conille pral chache aplike a pou maspinen mas popilè yo lè yo pral kanpe rele anmwe kont esplwatasyon ak lamizè sistèm kapitalis la pral miltipliye.
Sa ki dwe enpòtan pou sektè popilè ak pwogresis yo, pou tout militan ak tout moun ki konsyan nan peyi a se antre nan pwosesis konstriksyon kan pèp la, lè na pran inisyativ toupatou nan peyi a pou mete kanpe yon mouvman sosyal fò, solid pou nou ka rive gen kapasite pou fè faskare ak kowalisasyon fòs enperyalis yo ak fòs reyaksyonè diktati fachis yo ki menase egzistans nou jodi a nan peyi a.
Kesyon Mwa a : Ki sa Martelly genyen ak laprès ?
Nan enstalasyon premye minis Conille, Martelly kontinye atake radyo, televizyon ak jounal. Li pretann se yon près palab ki pap regle anyen e li fèk koumanse chofe yo. Zanmi lektris, lektè, kanmarad yo, nan analiz nou te fè nan KOULIN depi Martelly te fin genyen eleksyon seleksyon an, nou te klè : pou pwojè diktati sektè l ap sèvi yo deplwòtònen epi pou l rive tabli sistèm kraze zo modèn nan, fòk bouch laprès fèmen. Pou sa genyen y ap achte, genyen y ap bay djòb e rès yo ap rekòlte maspinay pou eseye mete bakoukèt nan bouch yo, depi yo pa vle travay je fèmen pou laprezidans. Se sa ki esplike raj ak mepri Martelly genyen kont laprès.
Zanmi kanmarad, fè KOULIN jwenn kritik ak sijesyon nou nan adrès sa a : koulinAyiti chez yahoo.fr. Voye imel sa a bay tout zanmi w pou yo ka fè kontak ak nou. Enprime jounal la, fè kopi l, distribye l pou pi plis moun ka li li. Fè ekip jounal la jwenn apwi finansye w pou li ka kontinye parèt regilyèman.

Répondre à cet article