Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Anndan lanfè travayè agrikol yo

Anndan lanfè travayè agrikol yo

mardi 11 octobre 2011, par Antoni Meme

Chapant ekonomik peyi d Ayiti chita sou agrikilti. Malgre pwodiksyon agrikol la ap bese, li toujou, rete sèl sous lavi peyizan yo. Kontrèman ak anpil peyi k ap modènize agrikilti lakay yo, peyizan ayisyen yo kontinye ap travay ak fos ponyèt yo ak wou, manchèt, sèpèt ak tout lot zouti tyradisyonèl ki ekziste depi aktivite agrikilti te komanse sou latè. Anplis, tan yo pase sou jaden pa yo (pou sa ki gen ti bout tè) anpil peyizan blije al vann kouraj yo kom ouvriyè agrikol sou jaden grandon. Koman travay agrikol la oganize ? Ki sityasyon ouvriyè agrikol yo ?

Tankou anpil lot kote nan peyi a, peyizan nan seksyon kominal yo oganize yo pou travay latè. Chak sezon travay la rive, yo fè konbit. Konbit la se yon travay tèt ansanb ki fèt nan anbyans zanmitay ak lespri yon ede lot. Moun kap resevwa konbit la blije bay manje ak kleren pou ankouraje travayè yo.

Gen lot kote nan peyi a konbit la se tankou yo sosyete ki gen bonjan chapant ki la pou mete lod epi oganize tout travay la, yon fason pou chak manm sosyete a jwenn yon jounen. Gen sosyete Mazanga nan zile Lagonav ak plizyè lot sosyete nan depatman Latibonit. Jounen Jodi ya, nan Sid ak Grandans, konbit ak sosyete gen tandans disparèt piti piti. Se ouvrye agrikol ki ranplase yo.

Yon ouvrye agrikol se yon moun ki deside bay kouraj li nan jaden yon lot pou fè yon ti kob. An jeneral se plis peyizanb san tè ki al travay kom ouvriye sou tè grandon.

Gen kote nan peyi gen de kalite ouvriyè agrikol :

Dabo gen travayè endividyèl e gen travayè kolektif.

Travayè endividyèl yo se moun ki angaje tèt yo dirèkteman ak mèt jaden an pou al travay. Mèt Jaden an kapab deside angaje travayè pou yon jounen oubyen li fè yon kontra pou tout jaden an.

Lè se yon kontra pri a depann ak grosè jaden an ak kalite travay ki gen pou fèt la.

Kanta travay kolektif yo, se yon asosyasyon jengason oubzen fi ki mete tèt yo pou fè yon gwoupman travayè nansanb. Gen kote na peyi a yo rele yo ranpono, ou ben eskwad, lavèy.

Yon ouvriye agrikol, se yon chomè degize, yon moun kap bat dlo pouf è bè. Lè peyizan bouke ak lavi andeyo,li rantre lavil.Podyab, sa pi rèd ! Paske sa kap tann yo se lanfè nan bidonvil yo.

Kit se travayè Agrikol, ouvrye Faktori, gason lakou yo gen menm desten. Yap vann kouraj yo pou fè pi gwo vin pi rich. Epi chak premye mey rive, yap rele viv TRAVAYE !

Atik sa nou pran l nan Jounal Libète Nimewo 238 -30 Avril 1997.

Mèt Atik rele Antoni Meme

Répondre à cet article