Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la. (...)

SANTINÈL PÈP LA Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la. Volim III, Nimewo 4

vendredi 31 août 2012, par Santinèl Pèp la

Editoryal
Se mank vizyon mouvman 86 la, opòtinis anpil nan dirijan yo ak feblès òganizasyonèl li ki lakoz echèk mouvman sosyal sa a !
Enperyalis yo aloufa, se vre. Oligachi a kriminèl, se vre. Dirijan Leta yo pa gen vizyon pou peyi a, se vre tou. Men opòtinis anpil nan dirijan mouvman an pou bokou nan echèk mouvman sosyal la jodia. Travay devlope ak ranfòse òganizasyon yo sispann depi yon bon bout tan. Majorite dirijan yo sispann travay pou ranfòse fòmasyon militan yo ak jèn yo ki te ka pèmèt ranplase gwo pèt, ak dividal depèdisyon ki fèt nan mitan mouvman an. Travay refleksyon-deba pou degaje yon estrateji kolektif sou liberasyon peyi a pa fèt ankò nonplis. Anpil òganizasyon nan mouvman an te prefere enstale yo nan ti pas kout. Plizyè gwoup ak dirijan mouvman an te panse yo te ka fè dappiyanp sou pouvwa politik la, san kanpe dabò enstriman ak fòs politik ki pou kore nouvo pouvwa a. Nou fè erè sa a plizyè fwa nan istwa lit la.
Mouvman sosyal 1946 la t ap fini yon lòt jan si jèn militan ak dirijan yo, anplis kapasite mobilizasyon yo, te konstwi aparèy politik otonòm pa yo. Yo pa t ap viktim manipilasyon ak rekiperasyon enperyalis yo, militè yo, oligachi a ak legliz la nan epòk la. Mouvman sosyal 1986 la, ki debouche sou peryòd gwo tansyon ak konfli nan peyi a, te gen feblès pa li tou. Lari a, beton an, popilasyon an t ap mache pi vit pase dirijan politik mouvman an. Olye yon avangad, dirijan yo te plis an aryègad. Majorite dirijan yo pat mezire ase dimansyon ak enpòtans leve kanpe popilasyon an. Enperyalis yo te konprann plis pase yo, kouman revòlt sa a te ka vire an revolisyon si li te gen yon direksyon politik nasyonal ki konsekan. Yo te konprann plis pase dirijan mouvman an se vizyon, lafòs ak ladrès ki fè akouchman sosyal. Pou bare wout mouvman an, enperyalis yo debake gwo zam bay militè yo nan nwit ; laprès te rapòte sa plizyè fwa. Yo trennen yon pòsyon nan mouvman sosyal la antre nan antonwa « tranzisyon demokratik la » ; ki vle di fè l kwè se yon rejim demokrasi reprezantatif ak yon ekonomi mache lib k ap pèmèt chanje sitiyasyon an. Yo sèvi ak èd entènasyonal la pou demobilize popilasyon an epi bay kèk nan dirijan yo ti pwojè pou wete yo nan politik. Kidonk enperyalis yo ak oligachi lokal la te deplwaye tout kapasite yo pou kontwole epi detounen leve kanpe popilasyon an.
Dirijan politik mouvman 1986 la pat deplwaye tout ladrès ak mwayen ki te nesesè yo pou bay lit la plis direksyon pandan yo t ap chache ranfòse kòdinasyon l. Divizyon pral eklate nan mitan òganizasyon sosyal ak pati pwogresis yo, pandan pati tradisyonèl yo ap antre nan koulwa anbasad peyi enperyalis yo pou negosye eleksyon telegide ak masak sou popilasyon an. Se yo menm ki pral mete yo dakò ak kèk lidè popilis nan mouvman an, an 87-90, pou dechoukay la kontinye nan eleksyon pito, olye pou se revandikasyon yo ki pou fè chimen yo. Monte Lavalas la sou pouvwa a, konpwomisyon li fè pou retounen apre koudeta epi jan li jere peyi a depi lè a jouk an 2010 la, fin depafini mouvman sosyal la nèt. Jounen jodia, si nou pa fè analiz erè nou, echèk nou ak betiz nou, nou pap ka janm remonte pant òganizasyon an ak mobilizasyon an pou nou rive konstwi yon lòt mouvman sosyal dyanm, nasyonal, patriyotik, popilè ak demokratik ki pou pran kontwòl politik peyi a epi transfòme l.
Ekip jounal la

Santinèl/ Kontèks nasyonal
PLAN ENPERYALIS YO POU RANFÒSE OKIPASYON AN SOU PEYI A PANDAN GOUVÈNMAN MAFYOZO LAMOTHE/MARTELLY A AP VALE TEREN
Ajanda enperayalis yo pou tabli yon pouvwa ekstrèm dwat nan peyi a pou kontinye eksplwate mas popilè yo ap fè chimen li. Klan mafyozo Martelly/Lamothe la ap aplike youn aprè lòt tout sa ki ekri nan « fèy de wout » Thierry Mills te vin dikte bandi legal yo : kadejak sou manman lwa peyi a, yon CSPJ tisourit ki gen tan ap bwè dlo bouch li, kanpe yon KEP pèmanan pou vòlè eleksyon pou yo, anklanche pwosesis eleksyon telegide yo, nominasyon jij nan tout nivo nan aparèy jistis la epi mete ajan nan tout meri pou rive kontwole tout kwen pouvwa a pou pèmèt enperyalis yo ak klas dominant restavèk pa bò isit kontinye piye richès peyi a piplis toujou. Tout mizanplas sa yo, se pou yo voye lasi nan je klas popilè yo nan enstale yon aparans demokrasi pandan y ap ranfòse kontwòl fòs okipasyon an sou peyi a.
Li sifi pou nou analize fason yo vare sou konstitisyon an, fason jounen jodia yo enstale konsèy elektoral pèmanan san respekte okenn lwa ak fason yo minimize palman koupyon an, pou nou konprann ni pouvwa sa a ni enperyalis yo pa nan kesyon demokrasi nan peyi a. Demagoji ki montre konsèy minis ap fèt an dirèk sou televizyon antre nan kad mistifikasyon pwopagann popilis ektrèm dwat sa yo ap fè pou montre yo ap travay epi yo ap fè desantralizasyon. Pandan tan sa a enperyalis ameriken ak kanadyen ap vare sou resous minyè nou yo, enperyalis koreyen ap pouse do peyizan yo sou tè yo ap travay epi fè kadejak sou anviwònman an pou konstwi zòn franch nan Karakòl. Miltinasyonal olandè Heineken achte Brana pou pran kontwòl bwason gazez nan peyi a. Leta kite miltinasyonal ilandè, Digicel achte Voila epi kochon NATCOM pou rive kontwole jodia plis pase 85% mache telekominikasyon an Ayiti. Enperyalis yo kente pi rèd toujou lè yo rive konsantre pi fò pouvwa a nan men Laurent Lamothe ki se veritab gouvènè yo. Jounen jodia, misye gen anba ponyèt li ministè ki enpòtan yo : li premye minis, ki donk li gen kontwòl pouvwa politik la ; li minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn ; li plase yon restavèk li nan tèt ministè afè etranjè, san konte lòt manm nan klan li an ki nan yon seri lòt ministè tankou ministè enteryè. Sa vle di gouvènè Lamothe konsantre tout pozisyon esktratejik yo nan men li.
Goumen nan mitan klas dominant yo pou wè kilès k ap rive ranmase piplis nan sa enperyalis yo kite pou yo !
Depi nan kòmansman 3èm okipasyon an, ki vin louvri teren an nèt pou miltinasyonal yo, genyen yon dife ki ap boule nan mitan klas dominant lokal yo. Men yo tout antann yo, ni antre yo ni ak enperyalis yo, sou eksplwatasyon mas yo anjeneral. Nan sektè koutay la, katèl BIGIO ap fè bè l nan pouvwa tèt kale a k ap bloke sou fwontyè a kamyon k ap pote materyo konstriksyon (FER) pou katèl BAUSSAN ki se Lavalas-Inite. Nan komès siman an tou, se menm batay la ant 3 katèl : katèl Fanmi JAAR ki makonnen ak MARIO ANDRESOL, chèf lapolis, katèl fanmi VORBES ki se Lavalas-Inite ak katèl fanmi GARDERE ki makonnen ak mafya kolonbyen yo (siman Cina). Nan komès farin, se menm batay sa k ap rapousib ant gwo katèl yo : katèl mafya dominiken k ap voye vann farin ak katèl fanmi BAUSSAN (UNIBANK) k ap pwodui farin nan peyi a (farin Lakay). Prensip pou plimen poul la san li pa rele a se sa ki ap aplike la a. Klan mafyozo ki nan tèt aparèy Leta a jounen jodia ap fè tout sa yo konnen pou bay pèp la amizman epi anpeche mas yo konprann ki plan malouk k ap aplike nan peyi a. 2 kanaval nan mwens pase 6 mwa epi Tisimòn anonse 2 lòt ankò anvan ane a fini. Gen anpil moun ki di pè zo bandi legal sa a se yon sosyete pònografik yo vle kreye nan peyi a pou layite pèp la nan plezi ak tafya pandan klan yo ak enperyalis yo ap fè tiyon.
2
Mas yo nan grangou epi yo konprann yo ka ba yo kaka poul pou bè !
An 2008, se te grangou klowòks la ; ane sa a se yon grangou wòz k ap koupe trip pèp la pandan lajan ap gaspiye nan fè kanaval tout lane ak nan dividal ti pwojè sosyal gouvèlman popilis la ap simaye toupatou. Ni ti manman cheri, ni alokasyon familyal, ni kat sante, ni kredi wòz tout se plis pwopagann nan laprès ; anyen pap mache vre epi se madanm ak pitit Martelly k ap fè lajan yo. Nan milye peyizan an, se rèl ka Makorèl. Sechrès pote ale tout rekòt ki ta pral pare la ; peyizan yo se ti semans yo te sere pou plante yo blije ap manje ; lè ti estòk semans sa a fini, y ap tonbe nan grangou pi rèd. Nan Leyogàn ak nan Sen Michel Latalay, tout pwodiksyon kleren an anba gwo difikilte akoz anvayisman alkòl etanòl Boulos, Mews ak konplis yo nan gouvèlman an ap òganize nan peyi a. Mezanmi, ayè nou pat vle kwè si se nan tyouboum sa a okipasyon ak gouvèlman sousou yo t ap kondui peyi a. Jodia bagay yo klè. Pa gen ni 2 ni 3 solisyon : se òganize nou nan tout katye, nan tout bitasyon pou leve kanpe pou defann dwa nou genyen tou pou lavi.
Luc HENRY
Santinèl/ Politik
KI KOTE LETA A AK SOSYETE A RIVE APRE 25 AN KONSTITISYON 1987 LA ?
Mouvman sosyal 1986 la ki te jwe yon gwo wòl nan ranvèsman rejim diktati Duvalier yo te pote anpil espwa pou rive chanje sitiyasyon ekonomik, sosyal ak politik peyi a. Li te vini ak nouvo fòm òganizasyon, nouvo aktè politik ak yon nouvo diskou epi li te rive mobilize mas popilè yo toupatou nan peyi a. Li pat vle ni mòd pouvwa ni kalite sosyete ki tabli depi digdantan an. Enperyalis franse ak ameriken yo epi yon pòsyon nan oligachi lokal la ki pat vle kontinye ak rejim Duvalier yo ankò pou rezon pa yo, te espanta. Yo pat kwè Ayiti te kapab devlope yon mouvman sosyal ki tèlman detèmine sou kesyon chanje Leta a ak sosyete a.
Devan kriz politik mangonmen sa a, enperyalis yo ak oligachi a te gen 2 chwa : 1) antre nan lagè ak mouvman sosyal la ; 2) antre mouvman sosyal la nan wonn « tranzisyon demokratik la » avèk yon nouvo konstitisyon epi eleksyon telegide pandan y ap chache rekipere l jouk yo rive kase ren l. Yo pral chache konbine dezyèm chwa a ak yon seri masak sou mas popilè yo.
Konprann kontèks nasyonal ak entènasyonal ane 1986-1991 yo enpòtan pou rive analize poukisa sa pase konsa.
Sou sèn politik nasyonal la, te gen plizyè kan e yo chak pat gen menm enterè. Pou peyi dominan kapitalis yo, nan kontèks ejemonik global kote blòk peyi « sosyalis » yo ap fann an miyèt moso, priyorite yo an Ayiti se te : vide lari a, debarase beton an ak koze chanjman reyèl ki te nan bouch majorite òganizasyon yo, liberalize komès ak finans (louvri vant) peyi a pou pran kontwòl li epi kontinye piye l pi rèd. Pou oligachi sousou a, boujwazi restavèk la, eta majò legliz la ak lame makout la, priyorite pa yo se te : livre peyi a bay enperyalis yo, maspinen pèp revandikatif la epi kenbe kontwòl pouvwa politik la pou rive kapab kontinye piye Leta a. Pou mas popilè yo ki antre an mouvman, priyorite yo se : rebrasay estrikti peyi a pou chanje radikalman Leta a ak kondisyon lavi mas yo.
Apre demonstrasyon fòs mouvman an devan Fò Dimanch 26 avril 86 epi masak lame a fè sou li pou anpeche l detwi gwo senbòl rejim kriminèl makout sa a, sou direksyon Washington, Paris, Ottawa ak Vatican, aktè tradisyonèl yo pran pòz yo pral fè demokrasi nan konstitisyon ak eleksyon. Yo monte Asanble Konstityant yo, kote yo chak fè nonmen moun pa yo pou al
3
akouche konstitisyon yo vle a ba yo. Men se te byen konte mal kalkile. Te genyen yon minorite patriyòt ak demokrat ki te antre nan Asanble Konstityant lan. Grasa presyon lari a ak chalè beton an, patriyòt ak demokrat sa yo te rive fè kèk nan pawòl souvrènte peyi a, chanje Leta a ak tabli yon lòt sosyete a, pase nan nouvo konstitisyon an. Pèp la te desann an mas al vote konstitisyon 87 la. Sektè tradisyonèl ak enperyalis yo pran kou a, men yo pat deside fè pèp la kado sa a.
Nan mwa jiye 1987, apre masak peyizan Jan Rabèl yo, gouvèlman meriken konvoke eta majò lame a lakay yo. Yo retounen nan peyi a ak yon « fèy de wout » ak yon kalandriye elektoral. Pouvwa militè a monte yon premye KEP sou baz konstitisyon 87 la ; yo pa rive kontwole l. Sou zòd meriken, lame makout la kraze eleksyon yo nan masak riyèl Vayan an novanm 87. Yo tou pwofite okazyon an pou mete konstitisyon an sou kote. Malgre tout represyon kraze zo nan Sen Jan Bosko, Pyat, Bokozèl elatriye, mobilizasyon popilè a pran kou men li kenbe. Enperyalis yo ak sektè tradisyonèl yo vini ak yon lòt eleksyon an 90. Fwa sa a, yo te oblije kite zèl popilis mouvman sosyal la monte sou pouvwa a ; men 7 mwa apre yo fout li yon panzou. Koudeta 91-94 la pral fè plis pase 5 mil mò epi l ap mete nan kanpe lwen pifò nan dirijan politik ak militan konsekan nou te genyen nan peyi a. Plizyè lòt vag depèdisyon pral vini, soti 1995 rive 2006, ak ensekirite, kidnapin, asasina, ekzil fòse. Divès sitiyasyon sa yo, ajoute ak opòtinis anpil nan aktè politik mouvman sosyal la, mete peyi a plat atè nan zafè òganizasyon, revandikasyon ak mobilizasyon.
Jodia nou plis gaye, madigra melanje ak bon mas, okipasyon an total epi poko gen okenn estrateji kolektif ki rive degaje !
Lenmi yo rive antre mouvman sosyal la nan wonn « tranzisyon demokratik la ». Tout demach politik yo pral chita, depi 1994 jouk rive jounen jodia, nan yon kesyon goumen pou aplikasyon konstitisyon an, al nan eleksyon, al kandida, al soutni kandida. Sou baz sa a, enperyalis yo ak sektè tradisyonèl lokal yo ap fè militè yo fè premye pati koudeta epi y ap voye pouvwa Lavalas tounen, lè yo fin rekipere l, vini fè dezyèm pati koudeta a, nan pase konstitisyon 87 la nan tenten, nan wete tout obstak jiridik ak administratif ki ta ka anpeche miltinasyonal yo ak pwodui lòt bò dlo pran mache nasyonal la, nan gaye zòn franch, nan retounen ak atache epi nan demantibile osnon rekipere òganizasyon sosyal ak politik ki te motè mouvman sosyal la.
Se konsa sa toujou pase. Kit an 1843, kit an 1929, kit an 1946, ki yo chak te bay yon konstitisyon demokratik, mouvman sosyal sa yo, menm jan ak sa 1986 la, pat reyisi konstwi fòs politik ki pou garanti sa ki ekri nan konstitisyon an. Kou enperyalis yo ak oligachi lokal la fin antre yo nan wonn « tranzisyon demokratik la » epi kase ren yo, yo amande osnon chanje konstitisyon yo pa vle a pou retabli yon diktati konstitisyonèl nan peyi a. Konstitisyon an ap toujou rete yon fèy papye si nou pa ranfòse travay òganizasyon ak mobilizasyon nou pou kanpe yon mouvman sosyal nasyonal, demokratik, popilè ak patriyotik ki gen vizyon ak ladrès pou kondui peyi a nan liberasyon l.
Gasner JOSEPH
OKIPASYON PEYI A AP VALE TEREN TOUPATOU ! TOUPATOU AN N ÒGANIZE NOU POU N DEFANN PEYI NOU ! ÒGANIZASYON SOSYAL, ÒGANIZASYON POLITIK KONSEKAN YO YON SÈL DIZON : YON LAJ RASANBLEMAN POU LIBERASYON PÈP AYISYEN AN !
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article