Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinel Pep la devan ; l ap klere chimen liberasyon peýp la.

Santinel Pep la devan ; l ap klere chimen liberasyon peýp la.

vendredi 30 novembre 2012, par Ekip Jounal la

Santinèl Pèp la pa mare nan pye tab pèsonn. Se kontribisyon volontè ekip jounal la ak kèk zanmi ki fè l sòti.

Editoryal
Politisyen yo ap danse kalinda sou do pèp la paske nou pa òganize vre.
Zanmi lektè jounal Santinèl Pèp la, men jounal mwa jen an. N ap antre pi fon nan zòn kriz jeneralize a. Peyi a gen yon dife ki limen nan 4 pwent li k ap mache kontre. Se politik dirijan sousou yo mete ak volonte peyi enperyalis yo pou domine nou ki limen dife sa a. Se bezwen mas popilè yo, travayè yo, jèn pwofesyonèl yo, ti antreprenè yo ak mas chomè yo ki pa satisfè, k ap bouyi mekontantman popilasyon an. Si gen òganizasyon ki detèmine ak mobilizasyon konsekan, leve kanpe manch long lan ap bon pou transfòmasyon peyi a. Si nou rete gaye, yon pil ti òganizasyon payaya kote chak sektè ap defann ti enterè chapèl li, se yon gwo lobèy k ap pete nan peyi a, kote se menm fòs dominant yo k ap gen kapasite pou ranmase leve kanpe sa a epi dirije l nan sans pa yo, jan sa toujou fèt nan istwa nou.
Yo detounen revolisyon mas esklav yo 1791-1804 la. Yo maspinen epi rekipere mouvman agrè 1843- 1848 la. Chak fwa mas popilè yo leve kanpe, klas dominant yo ak peyi piyajè yo mete ansanm pou afebli mouvman an, jouk yo rive mine l. Mouvman sosyopolitik jèn yo an 1946 te pote anpil lespwa, men oligachi ak meriken sevi ak lame kanson fè a dabò, answit ak makout Divalye yo, pou kase ren mouvman an epi gaspiye l. Mouvman leve kanpe 1986 la, ki se premye mouvman sosyal nan 20 yèm syèk la ki rive sekwe bil sosyete a ak Leta a, yo mirannen l ; yo maspinen l ; yo foure l nan lantonwa epi yo rekipere l.
Jodia, plis pase 4 fo amanman konstitisyon ap sikile pou kapab toufounen manman lwa peyi a. Preval ak palmantè yo poko jwenn arestasyon pou fwod ak trayizon. Trafik dwòg, koripsyon ak kontrebann legalize. Koze eleksyon magouy ap prepare nan koulwa palè nasyonal pou pran kontwòl kolektivite teritoryal yo ak nouvo palmantè ki gen pou antre yo.Ti kat ak ti braslè woz ap distribye pasi pala pandan zak ensekirite ak kidnaping ap vale teren. Grangou, malsite, chomay ap fè popilasyon an monte le syèl pa do. Tout sa se siy degradasyon Leta a ak dejeneresans sosyete a. Twò ta san lè bare nou si nou pa leve pye nou.
Otorite ak boujwa dominiken antre nan tout aspè nan vi nasyonal nou. Yo nan politik nou, nan ekonomi nou, nan komès nou ak nan edikasyon nou. Yo pratikman ap jere popilasyon an sou 315 km fwontyè : lopital, swen sante, telefòn, komès agrikòl, se lakay yo tranch popilasyon sa a pran epi bay sèvis. L ap pran nou anpil tan pou nou deparye nou ak makonnay sa a dirijan yo ak peyi piyajè lage nou an. An katimini y ap fè nou remèt dwa lamajay nou ak dwa pèp souvren nou bay Leta ak klas dominant dominiken. Eske n ap kwaze bra n epi kite peyi a tounen yon mache savann pou boujwa dominiken ak miltinasyonal meriken, franse, kanadyen, espayòl ki tabli Dominikani ?
Nou fèk kare pèdi mobilizasyon nou, si nou paka mete yon enstriman politik nasyonal solid kanpe epi mare l ak yon pwojè sosyete demokratik popilè. Se makonay yon direksyon politik dyanm ak yon mobilizayon pote boure dèyè yon pwojè altènatif konsekan k ap pèmèt nou sòti nan lobèy politik nou ye la. Yonn san lòt, se lave men siye atè. Politisyen rat do kale fèk kare danse kalinda sou do popilasyon an.
Ekip jounal la

Santinèl/ Kontèks nasyonal
BILAN 1e ANE POUVWA SWEET MICKY A
Kandida Micky nan kanpay li te pwomèt popilasyon an chanjman. Li te di an 2 tan 3 mouvman l ap retire sinistre yo anba tant epi li te pran angajman lekòl gratis ti cheri. Apre yon ane, Prezidan an fè bilan li. San l pa pè, san l pa wont li bay tèt li 8 1⁄2 sou 10. Sweet Micky kwè li ka pran pèp la pou egare epi rakonte l nenpòt radòt.
Yon lòt ane lamizè ak abi sou malere !
Plizyè komin nan depatman Latibonit, Nòdwès, Nodès, Plato Santral, Lwès, Sidès ak Sid kontinye anba grangou akòz inondasyon, sechrès ak lavi chè. Katye popilè tankou Site Solèy, Jalouzi, Matisan ak kan deplase yo nan Pòtoprens deja ap fè fas kare ak gwo grangou akoz lavi chè a. Mamit diri ki t ap vann 110 goud nan mwa mas la ap vann jounen jodi a 125 goud ; mamit pwa nwa soti nan 175 goud li pase nan 200 goud ; yon galon lwil soti nan 275 goud li pase nan 325 goud. Kote ale mye Martelly te pwomèt la ?
Plis pase 400 mil moun ki te viktim anba tranbleman tè a ap viv toujou anba tant nan kan deplase ; plizyè milye fanmi anba menas degèpisman fòse osnon ak dife. Apre kan Lise Tousen, kan Akra nan Delma 32, kan lekòl nasyonal Repiblik Ajantin, kan Mozole, kan Megamart, kan Mòmon nan Delma 30, kan Adoken, ak kan Delma 24, fwa sa a se tou pa kan Delma 2 ki boule depi pouvwa tèt kale a monte. Micky te pwomèt kay pou deplase yo, lè l rive prezidan, se dife ak kokomakak li lage nan dengonn yo.
Nan mwa avril la, kantite nouvo ka kolera miltipliye pa 3. Plis pase 300 mil lòt moun anba menas maladi MINISTA pote a. Pandan tan sa a, kantite sant tretman yo ap diminye, soti 101 ki te genyen lè epidemi an fèk pete, jodia li tonbe a 30 selman pou tout peyi a. Nan 2010, te gen plis pase 128 ONG ki t ap fè espektak bay tretman pou maladi a ; 6 mwa apre eleksyon yo, te rete selman 48 ; jounen jodia se apèn si rete yon ventèn. Martelly ak kominote entènasyonal la se menmman parèyman ; y ap ban n manti pou regle koze pa yo pandan y ap anfonse n pi fon nan mizè a.
Yon lane lawont pou nasyon an !
Depi yon ane, peyi a soti nan yon eskandal pou li antre nan yon lòt. Nan pa pòt prezidans lan, Martelly prete sèman sou yon vèsyon konstitisyon amande epi Preval pibliye yon lòt vèsyon. Eskandal amannman konstitisyon an pete. Martelly, nan jwe ak divizyon ki gen nan mitan ekip li a, fè peyi a pase plis pase 3 mwa san gouvènman. Meriken ak Nasyon Ini pwofite pou foure Conille nan kòsaj Tisimòn. Pou eseye sòti nan gòm, l al eseye fè misye siyen demisyon l avan menm li ratifye kòm premye minis.
Yon ti tan apre gouvènman Martelly/Conille lan fin monte, zen doub nasyonalite prezidan, minis ak sekretè deta pran lari. Palman an swadizan sezi dosye a pou mennen ankèt. Pandan tan sa a, Madan Prezidan ak fanmi li, zanmi Prezidan, manm kabinè l ak palmantè ap mennen tout kalite tranzaksyon koripsyon nan lajan Leta. Nan kont maltaye sa yo, zen Senatè dominiken Bautista k ap separe lajan sal ak Micky a pete nan laprès, sa ki vin montre kouman Prezidan an fon nan kò mafya. Eskandal nasyonalite vin envlime jouk li rive pote Conille ale nan poubèl listwa.
Si lontan se anba tab yo te konn ap peye palmantè nan swadizan negosiyasyon pou yo fòme gouvènman, jodia se sou estrad palman an menm senatè ak depite yo ap denonse kalite
2
koripsyon ki ap fèt nan koze sa a. Daprè kèk palmantè, se 3.5 milyon goud majorite kòlèg yo resevwa pou vote Premye Minis Lamothe, ki se chèf katèl Martelly a. Plizyè senatè manda yo t ap fini nan mwa me a vote Premye minis la swa pou pòs nan gouvènman an, swa pou jwenn lajan pou prepare pwochèn eleksyon yo osnon pou jwenn kouvèti paske anpil nan yo ta dwe nan prizon pou dilè dwòg, asasen/kriminèl, oswa dechèpiyè Leta.
Tout moun ki fon nan politik konnen se Meriken ki te mete deyò zafè doub nasyonalite prezidan an ak plizyè manm nan pouvwa a ; se li tou ki kase fèy kouvri sa epi mennen traktasyon pou gouvènman katèl Lamothe/Martelly a monte. Prensipal dil k ap regle nan kout kat ak tout eskandal sa yo, se yon kote enperyalis meriken bay pouvwa a tout asirans, li fini ak dosye doub nasyonalite a pou l kontinye fè manda l, epi yon lòt kote pouvwa a ap livre ba li tankou yon senp ti sousou tout sa li vle nan kesyon amandman malatchong, òganizasyon pwochèn eleksyon-seleksyon yo, mete sou kontwòl kèk nan atoufè li yo ak jere pi anbachal lame asayan an. Pouvwa Martelly a enkapab ; li se yon lawont e se yon veritab danje pou peyi a ; li sou pant pou vann bay enperyalis yo denye ti richès nou rete. Pwogresis yo, patriyòt yo, demokrat konsekan yo, sa n ap tann ankò pou ini fòs nou, mache kontre ak pèp la pou monte ranpa a.
Luc HENRY
Santinèl/ Ekonomi
AYITI VIN TOUNEN YON SAVANN, YON DEPOTWA, YON SIMITYÈ POU TOUT KALITE MALPWÒPTE K AP SOTI LÒT BÒ.
Absans yon politik ekonomik ak komèsyal byen defini k ap pwoteje enterè peyi a pèmèt Ayiti tounen yon savann kote tout kontrebandye vin lage tout kalite machandiz, pwodui ekspire e menm dechè. Dirijan ayisyen yo pa bay tèt yo reskonsablite defann enterè ni pwoteje popilasyon an. Sèl objektif yo, se jwi avantay pouvwa a pandan y ap pèmèt yon ponyen moun anrichi tèt yo. Se yonn nan kòz prensipal sitiyasyon delabreman peyi a. Dirijan yo pa deside chanje kondisyon lavi popilasyon an.
Pran pouvwa, vin chèf se yon siy reyisit pèsonèl. Se sa k fè tout konpwomisyon posib pou rive pran pouvwa a. Kòm se Meriken, Franse, Dominiken ki mete kandida bò isit yo sou pouvwa, politisyen nou yo gen plizyè vizit pou yo fè nan peyi etranje sa yo. Se negosyasyon, anba tab ak peyi etranje sa yo ki pral defini kouman pou yo konpòte yo lè yo rive sou pouvwa a. Nan kad sa a, jodia n ap fè yon kout flach sou komès ant Ayiti ak Dominikani.
Tete lang dirijan ayisyen yo ak mafya entènasyonal la lage ekonomi nou an nan twou.
Konpwomisyon sa yo te pèmèt Meriken vin bwote peyizan nou yo pou al koupe kann Kiba ak Sen Domeng, soti 1915 rive 1987. Yo te pèmèt tou Meriken vin touye kochon kreyòl peyizan yo an 1982-1984. Politik sousou sa a fasilite boujwa dominiken anvayi mache nou yo ak pwodui pa yo pandan y ap ranmase 2-3 nan pwodui pa nou yo sou fwontyè a pou granmesi. Atitid restavèk sa a mennen Prezidan Preval nan siyen akò ak Meriken an oktòb 1997 pou yo vin jere dosye dwòg la sou pwòp teritwa nou. Se menm atitid sousou a ki fè politisyen yo siyen, vote bann lwa, konvansyon, trete, akò neyoliberal yo, soti 1981 jouk nou rive jodia. Sa yo, se kèk nan move desizyon dirijan nou yo aksepte ki mete ekonomi peyi a sou do pandan l ap simen grangou ak chomay nan peyi a. Nou pap janm fè yon pa an avan toutotan nou pa kase kòd bann vye akò neyoliberal sa yo k ap kraze pwodiksyon nasyonal la.
3
Klas dominant dominiken yo manje, bwè, fimen sou tèt nou. Sòt ki bay, enbesil ki pa pran !
Jounen jodia, komès dominiken ak peyi a rive nan 2 milya dola vèt pa ane. Chif sa a se san nou pa ka konte komès kontrebann anba fil la. Sa fè Ayiti vin tounen dezyèm patnè komèsyal Dominiken, apre Meriken. Se sitou nan zafè manje (ze, poul, bannann, espageti, sik, farin, lwil, bonbon, sirèt, ji nan boutèy,..) nan zafè angrè, nan materyo konstriksyon (siman, fè, tòl, planch,..), atik pou kay (mèb, mozayik, savon, pat, fab, elatriye). Depi nan fen ane 1980 yo, boujwa dominiken yo foure kò yo nan eksplwatasyon sit touristik nou yo (Sitadèl la) san ankenn antant ak Leta ayisyen.
Pak endistriyèl ak zòn franch dominiken ap enstale sou tout longè fwontyè a. Konpayi CODEVI deja kanpe faktori l yo nan Wanament sou 400 ekta bon tè agrikòl nan zòn Maribabwou. Se Aristide, nan mare sosis li ak mesye dam ADHI yo, ki likide youn nan resous peyi a, an avril 2002. Jodia, biznismann dominiken yo vle vin tabli gwo makèt ak gwo bank nan peyi a. Y ap negosye ak bank ki la deja yo ; swa yo asosye avèk yo, swa yo vini ak pwòp bank pa yo. Nan domèn travo piblik, yo deja gen kontwòl mache a paske pifò wout k ap fèt oswa repare, se konpayi pa yo k ap mennen. Nan ranmase dekonm tou, yo prezan an fòs. Kounye a otorite dominiken yo dèyè pran kontwòl edikasyon an tou. Gen plis pase 10.000 etidyan ayisyen ki pati al Sen Domeng paske yo paka jwenn inivèsite isit. Jodia, sou pretèks yo ba nou yon lokal pou inivèsite, nan yon dezyèm tan, yo deside y ap vin jere l pou nou ak pwòp pwofesè pa yo. Men ki kote Ayiti tonbe jounen jodia !
Se Leta a ak tout politik peyi a ki pou redefini si nou vle repran Ayiti an chaj
Dapre Anbasadè dominiken Jose Serulle Ramilla, an 2009, te gen plis pase 1 milyon ayisyen an Dominikani. Nan menm epòk sa a, te gen 20.000 dominiken an Ayiti. Avèk kriz ekonomik la mete ak konsekans tranbleman tè a, kantite ayisyen ki lòt bò a ogmante. Nou pa ka pèmèt tèt nou pa gen yon vizyon klè sou kalite relasyon pou n devlope ak yon peyi ki vwazen imedya nou, kote nou gen tout ayisyen sa yo lakay li epi ki se premye patnè komèsyal nou. Se yon veritab politik diplomatik pou nou genyen ki dwe chita sou yon vizyon global pou avansman peyi a ak tout popilasyon l. Se la tou politik ekonomik, komèsyal ak migrasyon nou ap sòti. Lè sa a, n ap ka siyen bon trete komèsyal, bon akò ekonomik ki pwoteje enterè Ayiti ak tout peyi patnè nou yo. Men pou sa, nou dwe retire aparèy politik la nan men souflantyou yo. Nou dwe retire peyi a anba grif enperyalis yo. Se sèl fason pou nou stope gaspiyay, kalbenday, piyay k ap fèt sou do peyi a epi remete pwodiksyon nasyonal la an valè. Pawòl sa a ap rete yon rèv je klè si pwogresis yo, si patriyòt yo, si demokrat konsekan yo, anndan ak deyò peyi a, pa mete ansanm pou fè yon fwon patriyotik komen pou pran pouvwa a, pou transfòme rapò yo nan sosyete a, chanje nati Leta a epi devlope yon lòt mòd relasyon ak peyi etranje yo.
Gasner JOSEPH

OKIPASYON PEYI A AP VALE TEREN TOUPATOU !

TOUPATOU AN N ÒGANIZE NOU POU N DEFANN PEYI NOU !

ÒGANIZASYON SOSYAL, ÒGANIZASYON POLITIK KONSEKAN YO YON SÈL DIZON : YON LAJ RASANBLEMAN POU LIBERASYON PÈP AYISYEN AN !
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article