Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA

SANTINÈL PÈP LA

vendredi 11 février 2011, par Santinèl Pèp la

Nimewo 12 Fevriye 2011
SANTINÈL PÈP LA
Santinèl pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la
I. Pwojè politik enperyalis Ameriken an Ayiti
1.1. Yon mòd okipasyon rive nan bout li ; yon lòt mòd ap

prepare pou ranplase l.
Lè merin yo ap kite Ayiti an 1934, Depatman Deta Ameriken

te klè mòd dominasyon yo tabli sou peyi a ap toujou

garanti enterè enperyalis yo genyen bò isit. Apre preske

20 tan lokipasyon bout di,Ameriken fè Leta ayisyen tounen

restavèk li sou plan politik, ekonomik, finansye ak

diplomatik. Pou sa, li mete sou pye Lame d Ayiti kòm sèl

kolòn vètebral Leta sa a, ki totalman sou lobedyans li epi

li ba l antrènman espesyal pou fè represyon kraze zo nan

mas popilè yo pou anpeche yo leve kanpe.
Nan epòk sa a, gwo konpayi ameriken yo te gen kontwòl

majorite bon tè nan plèn yo pou pwodui danre agrikòl yo

bezwen ak esplwatasyon san gade dèyè forè bwa dèv peyi a

pou voye lakay yo.
Yo te gen kontwòl kèk sèvis esansyèl tou tankou kouran

elektrik. Sou yon lòt bò, ameriken te rive

Editoryal
Zanmi, patnè ak lektè yo, jounal Santinèl Pèp la rive nan

12yèm nimewo l, nan premye ane egzistans li. Inisyativ sa

a jèn toujou, men jefò fèt pou l kenbe pawòl li. Jefò fèt

tou pou chache trase epi kenbe liy jounal la.

Nan devlopman travay li, Santinèl te bay tèt li 5 objektif

 : 1) Bay yon enfòmasyon ki verifye ;
2) Fè yon seri analiz k ap ede lektè yo poze tèt yo

kesyon epi ale chache apwofondi kesyon sa yo ;
3) Denonse sistèm peze-souse peyi enperyalis yo
ak konplis yo, oligachi ayisyèn lan, tabli an Ayiti a ;
4) Fè pwopozisyon yon ansanm konpòtman ak aksyon pou

rive traseliy yon batay manch long pou chanje Leta a epi

rekonstwi peyi a nan avantaj tout popilasyon an ; 5) Pote

konkou pou ranfòse rapwochman ak inite nan mitan

òganizasyon pwogresis ak patriyotik yo.
Nan travay sa a, Santinèl Pèp la resevwa ankourajman, li

resevwa kritik, li resevwa pwopozisyon epi li fè pwòp

otokritik li tou. Tout sa ap pèmèt li amelyore

preparasyon, pwodiksyon ak difizyon 12 nimewo k ap vini

yo. Nan sans sa a, Santinèl ap mande zanmi, patnè ak lektè

yo 3 bagay :
1.- Kontinye li jounal la regilyèman.
2.- Kontinye fè lòt zanmi, lòt patizan
chanjman li jounal la.
3.- Voye bay Santinèl plis atik, plis enfòmasyon, plis

kritik ak plis pwopozisyon pou travay amelyorasyon jounal

la rapouswiv pi byen toujou. Depi genyen yon ale-vini ki

tabli ant moun, gwoup ak òganizasyon kap travay pou

chanjman ak pwogrè peyi a, se yon gwo pa ki franchi. Lit

pou transfòme Leta ak sosyete a nan yon sans patriyotik ak

pwogresis ap koumanse pran rasin tout bon.

Nan zafè ekonomi ak politik, peyi a antre depi kèk tan nan

you kalfou danjere. Leta a ap depafini piplis chak jou ;
okipasyon an ap vale teren ; òganizasyon sosyal kou politik

yo ap demantibile. Apre yon premye tou eleksyon-seleksyon
ki pase nan tenten, enperyalis yo ak konplisite pouvwa a

enpoze nasyon an you dezyèm tou kote yo mande l chwazi ant
« pa bon menm » ak « pa bon ». Sinema ap kontinye pandan

popilasyon an ap soufri anba grangou, anba tant, anba kay
tach, anba maladi, anba imilyasyon, anba lamizè. Pa genyen

okenn chans pou sitiyasyon popilasyon an chanje anba
okipasyon sa a ni nonplis ak kalte kandida restavèk je

chèch sa yo. Se pou patriyòt yo, pwogresis yo ak

òganizasyon konsekan yo pran kouraj yo ak 2 men, pou yo

makonen tèt yo piplis toujou antre yo epi makonnen yo

djanm ak klas popilè yo andeyò kou lavil pou rive kapote

sistèm gwo vale piti ki tabli nan peyi a. Santinèl Pèp la

pral chache pote kontribisyon pa l piplis toujou nan

travay sa a.
Foure anba zèsèl li yon bon valè nan elit ekonomik,

politik ak entèlektyèl yo, epi li ankouraje yo mare
sosis yo ak oligachi antinasyonal Pòtoprens la. Ameriken

te fasilite oligachi sa a pran kontwòl richès peyi a pou

asire l tout avantaj piyaj la ap ale lakay li. Nan ane

1986, yon gwo mouvman sosyal popilè ak demokratik rive

dechouke pouvwa sanginè Duvalier yo epi li pral

destabilize Leta restavèk la ak dominasyon politik

ameriken te tabli sou peyi a. Apre 52 zan depa lame

ameriken nan peyi a, mòd dominasyon sa a te rive nan bout

li. Karaktè totalitè, sanginè epi aryere rejim Duvalier yo

pat kab bloke kòlè mas popilè yo kont sistèm peze-souse a.
1.2 Kote Ameriken ak alye l yo rive nan tabli nouvo mòd

dominasyon an.
Mete diktati Duvalier a atè pat chita sèlman sou fòs

mouvman sosyal an Ayiti a. Peyi enperyalistankou Etazini,

Angletè, Almay, Lafrans, elatriye lè yo fini sèten menas

Inyon Sovyetik la rive nan fen li, akòz pwoblèm ekonomik

yo te kòmanse genyen lakay yo, te deside pase nan yon lòt

fòm nan dominasyon sou lòt peyi nan monn lan. Sou baz

konsansis yo fè antre nan fen ane 1970 yo, yo lanse

politik ekonomik neyoliberal la. Politik sa a pral chita

sou 3 gwo poto pou l gaye kò l :
1.- Mete diktati ki pi nwizib yo atè pou anpeche mouvman

kontestasyon yo vin pi fò epi ankouraje yon
sanblan demokrasi nan peyi sa yo.
2.- Fòse peyi sa yo privatize tout gwo antrepriz Leta yo,

louvri vant ekonomi yo ak louvri pòt yo gran lajè pou

pwodui peyi enperyalis yo antre sou mache lakay yo.
3.- Redui wòl Leta nan ekonomi a ak nan kesyon sosyal yo

epi remèt mayèt ekonomi an bay Fon Monetè Entènasyonal ak

Bank Mondyal pandan y ap pase mayèt sosyal la bay gwo ONG
entènasyonal yo.
Aplikasyon politik neyoliberal la pral rankontre plizyè

obstak sou kous li an Ayiti.
Premye a, chema klasik la – refòm konstitisyonèl, eleksyon

touswit – pou kase mobilizasyon an epi kenbe sistèm nan
pa rive pase. Mouvman sosyal ayisyen an pral mennen gwo

batay pou detwi Leta restavèk la,menm si absans yon

direksyon kòrèk pral pèmèt yo detounen mouvman an nan wout

li te pran epi trennen l sou teren eleksyon chak 4-5 an.

Dezyèmman, kontrèman ak anpil peyi nan Amerik Latin lan ki

te pwofite peryòd 1945-1970 yo pou rezoud nan fason pa yo

kèk pwoblèm tankou refòm agrè, degradasyon anviwònman,

refòm nan aparèy Leta a, refòm edikasyon ak lasante,

pwoblem lojman ak refòm ekonomik, nan peyi d Ayiti akòz

makfabrik elit yo, karaktè aryere rejim Duvalier yo epi

wòl rezèv mendèv ak plak tounant pou dwòg la ameriken vle

pou Ayiti nan karayib la, refòm sa yo pa rive fèt. Apre

depa diktati a an 1986,kriz anviwònman, ekonomik, sosyal

ak politik yo t ap toufe depi lontan an pete nan peyi a.
Aplikasyon politik neyoliberal la pral anvlimen kriz sa yo

kote lamizè, ensekirite ak enstabilite pral gaye kò yo pi

rèd.

Twazyèmman, depi byen bonè apre 7 fevriye 1986, gouvènman

ameriken ak alye entènasyonal li yo konprann ni lame

restavèk la ni kliyan li genyen nan elit politik, ekonomik

ak entelektyèl yo pap pèmèt li repran kontwòl total

politik peyi a paske mobilizasyon popilè yo twò fò.

Ameriken ak alye li yo antre atravè lame a, legliz yo,

pati politik yo, ONG etranje yo, kèk ajans entènasyonal

epi kèk lidè sosyal ak popilè, nan yon faz konfwontasyon-

rekiperasyon ak mouvman sosyal la. Nan sans sa a,pandan 25

an, yo pral mennen kont li yon politik represyon,kraponnay

ak koripsyon. Yo kitekonstitisyon 29 mas la pase men yo pa

janm mete l an aplikasyon. Yo kraze eleksyon 28 novanm
1987 yo, yo pran pòz kite eleksyon desanm 1990 yo fèt epi

yo reyalize koudeta sanginè sektanm 1991 la. Yo fè retou a

lòd konstitisyonèl la ansanm ak yon debakman militè an

1994 ; yo kraze lame restavèk la an 1995 ; yo dechouke an

2004 pouvwa popilis dejenere Aristide la ak yon lame

mèsenè epi yon mouvman GNB yo rive mete sou kontwòl yo

akòz feblès sektè pwogresis ki te ladan l ; an
2006, yo retounen ak pouvwa popilis Preval la nan yon

eleksyon-seleksyon, anba yon titèl MINUSTHA, kote kit se

pouvwa a, kit se titèl la, yo genyen kòm misyon prensipal

fini nèt ak mouvman sosyal 1986 la.

1.3 Lòt faz meriken ak alye l yo vle pase ak mòd

dominasyon neyoliberal la nan peyi a.Katastwòf 12 janvye

2010 la ede finalize misyon enperyalis ameriken ak alye l

yo te bay pouvwa Preval la ak MINUSTHA nan peyi a : ren

mouvman sosyal la kase ; Leta ayisyen an fin depafini ;
majorite kategori sosyal ki te kapab fè rezistans lan fin

apovri nèt. Pou Ameriken ak alye l yo,sitiyasyon sa a se

yon bon okazyon pou yo pase nan yon lòt faz nan politik yo

an Ayiti. Kisa ki anonse nan lòt faz la ?
1) Fè MINUSTHA, CIRH, ajans entènasyonal yo ak ONG etranje

yo ranplase Leta a pou yon ti bout tan.
2) Pran kontwòl tout gwo sektè aktivite ekonomik ki kapab

rapòte gwo pwofi atravè konpayi miltinasyonal lakay yo.
3) Refòme Leta a nan fason pa yo epi pran kontwòl li
nètalkole.
4) Ankouraje kreyasyon yon lòt elit politik, ekonomik ak

entèlektyèl ki pi koresponn ak pwojè yo a.
5) Mete oligachi a nan wòl li pou l pa deranje biznis

miltinasyonal yo nan peyi a. Pou rive fè sa, yo panse

kenbe popilasyon an nan ijans imanitè, nan “cash for work”

ak dyòb nan faktori y ap mete nan tout gwo rejyon nan peyi

a. Pou yo pa gen demagoji ankò, okipasyon an ap tabli, l

ap enpoze dikte l, epi si gen represyon, kraze zo ki pou

kontinye fèt, y ap fè l.
Pou kreye kondisyon pou aplike plan sa a, depandans lan

chanje an titèl epi titèl la ap transfòme chak jou an

okipasyon. Se pou sa tou malgre kriz imanitè a, yo enpoze

nasyon an yon eleksyonseleksyon tout vis tout kondisyon

kote nan dezyèm tou a, kit popilasyon an patisipe kit li

pa patisipe peyi a pran nan 3 wa.

Santinèlpèp ap envite tout patriyòt, tout pwogresis pou yo

al chache fouye pou jwenn piplis enfòmasyon toujou sou

plan kominote entènasyonal la genyen pou Ayiti. Pou yo

tanmen yon travay denonsyasyon plan sa a nan tout rakwen

peyi a, epi koumanse rasanble fòs yo pou wè ki jan pou

rive devlope lòt mouvman sosyal ki pi byen òganize, ki gen

pi bon vizyon e ki genyen yon direksyon konsekan pou rive

bay peyi a yon altènativ a plan sa a.

II. Fanmi ak gwoup ekonomik k ap kontwole richès ak

politik peyi a ( 8 e pati)
Oligachi a ap fè pwopagann sikile pou fè konprann yo se

youn nan kategori sosyal ki itil sosyete a,paske yo ede

peyi a mache, yo bay moun travay e yo envesti pou fasilite

devlopman ekonomi an.
Yo jwenn jounalis, ekonomis ak politisyen pa yo k ap

repete koze demagoji sa yo nan zòrèy popilasyon an. An nou

pran yon ti tan pou gade byen zak ak tranzaksyon oligachi

a ap mennen depi lontan pa bò isit pou wè nan ki sans yo

patisipe ou pa nan kontriksyon peyi a.
1.- Anpil nan fanmi ki fè pati oligachi a jodi a tankou

Brandt, Madsen, Reinbold, Weiner, Moscosso,Léger, Boucard,

elatriye, nan ane 1930 pou rive 1980 yo, yo te negosyan

nan achte kafe, kakawo,fig bannann, vetivè, sitwon pou

voye vann lòt bò dlo. Kòb yo t ap achte danre sa yo se nan

bank Leta ak 2-3 bank prive etranje bò isit yo te prete l

ak kondisyon espesyal paske yo te gen gwo kontak, gwo

asosye nan pouvwa a oubyen nan direksyon bank etranje sa

yo. Ansanm ak espekilatè yo epi vòltijè yo, yo pran danre

sa yo pou granmèsi nan men peyizan yo, ni yo pa peye
Leta kantite taks pou yo ta peye a. Mete sou sa, yo pa

janm chache wè ak Leta ki sou kontwòl yo kijan pou devlope

pwogram pou ede peyizan yo refè plantasyon danre sa yo.

Jounen jodi a, majorite
plantasyon danre yo depafini, peyizan yo tonbe nan lamizè

rèd, men majorite nan fanmi sa yo milyonè epi y al

kontinye fè lajan nan lòt sektè ekonomik. Eske yon

boujwazi ki gen yon ti koulè nasyonal t ap genyen

konpòtman sa a ?
2.- Anpil nan fanmi sa yo nan oligachi a tankou Mews,

Brandt, Bigio, Nadal, Acra, Mourra, Apaid elatriye, nan

ane 1950 pou rive 1990 yo, t ap devlope izin pou

transfòmasyon ak fabrikasyon pwodui lokal tankou PRINSA

anba Mòn Kabrit, FACOLEF nan Kavayon, STEP OVER, FABNAC,

HASCO ak Aciérie d’Haiti nan Pòtoprens, CONASA nan Okap,

WELCH nan Limonad ak yon pakèt lòt izin sik, lwil ak

mantèg ki te genyen nan peyi a. Depi nan finisman ane 1980

yo, yo fèmen tout izin sa yo epi se diri, lwil, sik,

farin, siman, ze, zèl poul ak kwis kodenn y ap achte lòt

bò dlo pou revann nan peyi a. Peyizan yo pa jwenn gwo izin

sa yo pou vann pwodwi yo ankò, ouvriye kalifye kou senp

ouvriye yo pèdi travay yo, chomaj degize nan sektè enfòmèl

la ak chomaj total la vin ogmante. Ki batay boujwazi lokal

la mennen ak lòt sektè pou anpeche plan neyoliberal la

pase ?
3.- Nan ane 1980-1995 yo nou jwenn yon pakèt nan fanmi sa

yo tankou Moscosso, Perry, Jaar, Boulos, Baussan, Brown,

Brandt, Gardère, Behrmann, Arty, elatriye ki ap achte bank

etranje ki te nan peyi a oubyen ki ap monte nouvo bank

komèsyal nan Pòtoprens. N ap raple se nan menm epòk la FMI

ekzije Leta ayisyen pou liberalize to enterè yo epi se lè

sa a tou goud la koumanse pèdi valè tout bon devan dola

ameriken an. Ki sak pase nan bank sa yo ? Se menm fanmi sa

yo ankò ki prete lajan depozan yo. Bank sa yo se

espekilasyon y ap fè sou dola a. Se yo menm tou k ap
achte bon BRH nan fè Leta prè pou l peye dèt li ak gwo

enterè. Se menm yo menm lan k ap pran lajan isit voye fè

plasman aletranje. Mete sou sa, se bank prive sa yo k ap

bay malere ak malerèz nan sektè enfòmèl la kout ponya nan

mikwokredi epi se yo menm k ap jere transfè dyaspora ap
voye pou fanmi yo nan peyi a. Kidonk tout epay peyi a

konsantre nan men yo, men yo pa fè ankenn envestisman

serye avè l. Eske yon boujwazi ki vle kreye travay, ki vle

devlope ekonomi peyi a t ap
janm aji konsa ?
4- Sòti nan ane 1970 rive jouk jounen jodi a, sèl pwogram

kreyasyon anplwa ni kominote entènasyonal la, ni Leta, ni

oligachi a genyen pou peyi a se faktori nan “zones

franches” yo. Jounen jodi a, yo vle fè peyi a tounen yon

repiblik « zones franches » yo vle mete nan prèske tout

gwo vil yo. Nan sans sa a, genyen yon pakèt fanmi nan

oligachi a tankou Baussan,Coles, Brown, Mews,Acra, Jaar,

Auguste k ap vare sou tè peyizan nan tout gwo komin sa yo

pou ale plase pwòp « zones franches » pa yo. Chwa ekonomik

ki fèt la a, se kraze agrikilti a, ogmante kriz alimantè a

epi voye malere ak malerèz yo al pwatrinè nan faktori pou

yon salè mizerab. Eske yon boujwazi nasyonal tout bon k ap

travay pou devlopman peyi l, ki konnen fòk travayè jwenn

mwayen sibzistans li t ap antre konsa nan chwa ekonomik sa

a ?
5- Dife pete nan izin elektrik vare, EDH konnen se fanmi

Vorbes ki mete dife a. Siwo pwazonnen laboratwa Pharval

touye pakèt timoun nan peyi a, otorite peyi a konnen

laboratwa a se pou fanmi Boulos. Moun mouri nan kleren

etanòl ak metanòl, otorite yo konnen se fanmi Mews ki fè

kleren pwazon sa a antre nan peyi a. Leta pa janm

rapouswiv fanmi sa yo pou zak malonèt ak kriminèl y
ap fè nan peyi a. Oligachi a an Ayiti, se yon bann aferis

- raketè : lajan fasil ak enterè pòch pa yo sèlman yo

konnen. Si pa gen lekòl, lopital, inivèsite, wout ak

kouran nan peyi a, yo reskonsab.
Menm jan tou si grangou, chomaj ak malsite ap kale kò yo

konsa, yo reskonsab. Zak ak tranzaksyon oligachi a ap

mennen yo nan dezavantaj peyi a ak popilasyon an epi yo

lakòz chak jou anpil moun ap mouri ; se pou sa Santinèl di

se kriminèl sosyoekonomik yo ye. Men fanmi sa yo gen
tout pouvwa sa a paske se yo ki reprezante epi garanti

enterè enperyalis ameriken nan peyi a. Se yo tou ki gen

kontwòl Leta restavèk kowonpi a.
Pou sitiyasyon piyay sa a chanje, fòk peyi a genyen yon

lòt Leta. Yon Leta k ap defann enterè nasyon an e k ap

chache entegre tout kategori sosyal yo nan yon sosyete ki

jis. Yon Leta ki gen eskanp nan figi l epi k ap pwoteje

epi defann dwa tout moun ak tout sektè nan
sosyete a. Yon Leta k ap travay pou pwogrè nasyon an ak

amelyorasyon kondisyon lavi tout moun nan peyi a.
Aba okipasyon degize an titèl !
Aba eleksyon bidon !
Aba pouvwa restavèk !
Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp la !
SANTINÈL PÈP LA
fevriye 2011
santinelpep chez yahoo.fr
http/www.santinel.webuda.com

Répondre à cet article