Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > SANTINÈL PÈP LA

SANTINÈL PÈP LA

dimanche 1er mai 2011, par Ekip Jounal la

Editoryal

Zanmi lektè yo, men premye nimewo jounal la pou dezyèm ane a. Nou resevwa plizyè pwopozisyon pou amelyore prezantasyon an ak atik yo. Nou fè jefò, nan sans sa a, nou ogmante ribrik yo. Nou pote plis enfomasyon ak analiz. Nou ranje fòma a pi byen. Nan distribisyon jounal la, n ap chache kontak toupatou pou mesaj la rive pi lwen posib anndan ak deyò peyi a. N ap bezwen plis kolaborasyon lektè yo pou diskisyon yo ; deba yo ka makonen plis sou zafè peyi a ki tonbe nan kafou tenten. Nou swete patizan Santinèl yo kontinye distribye jounal la, fè nou jwenn atik, pwopozisyon pou travay la ka pi byen fѐt.

Patriyòt yo, nou nan goudougoudou pi rѐd. Apre goudougoudou tranblemann tè a, nou tonbe nan
goudougoudou politik ki li menm pote anba dekonm pwojè mafya Preval la pou kontinye kenbe pouvwa a.
Jodia, nou tonbe nan yon goudougoudou elektoral ki mete pati politik yo ak majorite (¾) elektè yo anba dekonm. Entènasyonal la te vle yon eleksyon-seleksyon pou yo te ka chita pwojè dominasyon yo sou peyi a. Yo voye jete pozisyon majorite elektè yo ki pat vle ale nan eleksyon ak Preval, ni ak KEP sa a. Yo meprize pati politik yo ki te di non, paske yo bouke pran move kout grif anba pat Preval. Plizyè platfòm politik òganize kongrè nan Distinction Night Club pou mobilize kont eleksyon. Se te bèl jefò. Listwa pap pran tan pou li montre se te blòf.
Kongrè a pap gen swit. Pat gen ankenn estrateji serye pou bloke Preval ak patwon entènasyonal li yo. Se te bèl pawòl. Jodi a, anpil nan pati politik ki pat ale nan eleksyon yo ap fè laloz pou chache ti pòs pa yo nan nouvo gouvènman an. Jounal Santinèl Pèp la toujou kanpe sou menm bit la :

1. Pat gen eleksyon demokratik nan peyi a. Se yon konplo elektoral ant mèt dam ak koken ki reyisi
rale yon milyon ayisyen nan pèlen tèt sa a.

2. Menm si kou a pase, akòz lachte, mank estrateji dirijan òganizasyon ak pati politik yo, batay pou
retire peyi a ak pèp la anba kontwòl peyi etranje yo ap kontinye.
3. Se pa plenyen pou nou plenyen defèt nou, se otokritik nou pou nou fè. Se fòmasyon politik
popilasyon an ki pou rapousib. Se òganizasyon politik serye, kredib pou nou mete kanpe toupatou nan peyi a. Politik la pa kapab fѐt san moralite, li pa kapab fѐt san prensip, san òganizasyon konsekan ki mare ak pèp la.
Jèn gason ak jèn fanm ki sou defann enterè peyi a tout bon dwe konstwi òganizasyon sosyal ak politik dyanm pou fè fas kare ak plan enperyalis la ak alye l yo nan peyi a. Batay sa a dwe mennen nou nan konstwi yon leta nasyonal ki pou pwoteje richès ak entere peyi a. An nou travay pou sa toupatou nan peyi a tankou lòt bò dlo. Chimen an long, men pèp òganize pa janm pèdi batay.
Ekip jounal la

I. - SELEKSYON AN FINI. YO CHWAZI WA A. KRIZ PEYI A PRAL JERE NAN KANAVAL NÈT ALE.
Depi plis pase 30 an, Ayiti genyen you gwo kriz k ap brase l, ki anpeche l pran wout
devlopman tèt li. Kriz la nan tout sektè aktivite yo : agrikilti, anviwonman, endistri, komès,
finans, politik, edikasyon, elatriye. Si kriz jeneral sa a ap vale teren toujou, se paske elit yo
pat janm sou konstwi nasyon an. Yo kite Leta a fin kraze ; yo livre peyi a bay enperyalis yo ki
pa la pou ranje l pou ayisyen, men pou piye l. Pou fè sa pi klè, nou pral analize dènye
mannèv eleksyon-seleksyon yo.

1.1 Pou plan enperyalis yo ateri, fòk enpinite ak zizani toujou enstale nan peyi a.
Apre goudougoudou a, pouvwa anplas la pa poze okenn zak jidisyè ni administratif pou
konstwiksyon kay sispann touye moun lè gen nenpòt ti sekous. Okontrè, li pito livre peyi a
totalman bay kominote entènasyonal la. Pouvwa a ak MINISTA pwofite konfizyon ki te
genyen an pou kite ansyen kriminèl kidnapè yo chape poul yo nan prizon. Yo foure peyi a
anba leta dijans epi yo enpoze l you eleksyon-seleksyon. Mete sou sa, gouvènman meriken,
fransè ak ayisyen mete ansanm pou fè Jean Claude Duvalier ak Jean Bertand Aristide
retounen, annatandan lòt kiminèl tankou Michel Francois, Raoul Cedras, Toto Constant,
elatriye. Kidonk, pandan enperyalis yo t ap distrè pèp la nan seleksyon pèlen tèt la nan fè 2
kan, y ap louvri vàn enpinite ak ensekirite a. Anplis, y ap kite Aristide ak Duvalier rasanble
twoup yo pou kreye enstabilite nan peyi a pi devan si yo bezwen.
An menm tan kominote entènasyonal la ap òganize silema zizani ant kèk politisyen ayisyen ti
sèvèl k ap goumen pou yon lonbray pouvwa, pwodui dominiken ak ameriken fin pran mache
nasyonal la, konpayi etranje yo ak ONG entènasyonal yo ap pwofite fè kòb nan èd imanitè ak
nan ranmase dekonm. Preparasyon ap fèt pou titèl la chanje an pwotektora ; pwospeksyon
min ak lòt resous natirèl yo ap vanse, menm jan tou etid pou mete zòn franch yo kanpe ap
finalize. CIRH ap pare l pou fè renouvle manda l.

1.2 Bese taks yo sou do pèp la pou foure l nan seleksyon an apre sa, kofre l.
Depi dènye trimès 2010 yo, pri petwòl la ak pri pwodui alimantè yo ap monte byen wo sou
mache entènasyonal la. Olye pouvwa a ak titèl Nasyonzini k ap pwoteje l la fè rezèv estratejik
gaz epi mete sou pye pwogram agrikòl konsekan pou ogmante pwodiksyon manje, yo pra l
sèvi ak pwoblèm lan kont pèp la.

Kwak peyi a jwenn bon avantaj nan lajan Leta prete nan Kontra Petro-caribe a, Preval
chwazi bay UNIBANK fè espekilasyon ak lajan sa a nan enterè tèt li ak zanmi l. Li pran
mwens taks sou pri gaz la depi an sektanm ane pase, ki vle di anvan kanpay kanaval
elektoral la estat. Tout ajans Nasyonzini yo ak tout ONG etranje yo ki ranplase Leta a, depi
nan mwa out ane pase yo gaye kò yo toupatou nan peyi a pou mete pèp la nan djòb kalewès
« cash for work ».

Rezilta dezyèm tou seleksyon an poko menm pibliye, gouvènman an mete plis pase 35% sou
pri gaz, dyezèl ak kewozin lan sou mache a ; oligachi a ajiste pri diri, sik, farin, lwil, elatriye ;
PAM, PNUD ak ONG yo koumanse fèmen vàn djòb ak manje sinistre yo t ap distribiye lavil
kou andeyò yo. Lavi chè ak lamizè fann pi rèd nan kò popilasyon an. Ki fè, pou ankouraje
pèp la foure kò l nan pèlen tèt seleksyon yo a, kominote entènasyonal la ak pouvwa a pran
pòz y ap chache bese kou lavi a epi lè yo fin regle zafè yo, yo pete fyèl pèp la pi rèd.
1.3 Enperyalis yo, oligachi a ak pouvwa a pouse 15% elektè yo mete peyi a nan
madigra Tèt Kale.

Komimote entènasyonal la, pou chita plan pa l la pi byen nan peyi a, enpoze seleksyon an e
li finanse òganizasyon l. Oligachi a, pou asire pouvwa ekonomik li, achte kandida nan tout
nivo. Preval ak klan li an kenbe pouvwa a, monte Inite, mete machin elektoral la anba
kontwòl yo epi deklare enskipsyon pou « eleksyon yo » koumanse. Sa k pa kontan, anbake !
2
Anpil platfòm pati politik boude seleksyon an, yo mande boykòt li ; apre premye tou, menm
platfòm sa yo mande anilasyon l. Men reyalite a pral montre pi fò pami yo te sou blòf.
Majorite gwo òganizasyon sosyal serye yo pa pran pa nan pèlen tèt la, men baz anpil nan yo
file dèyè kandida pa yo. Enperyalis yo ak oligachi a fè Madan Maniga kwè fwa sa a pa gen
mank, pandan y ap antrene Martelly Tèt Kale yo a. Preval te panse l ap pran yo sou vitès ; yo
fè bandi legal yo a mete chimè l nan lari, apre sa yo bay rezilta definitif premye tou pa yo a
sou baz yon echantiyon. Mas pèp la pa pran pa nan seleksyon wa kanaval la, ni nan premye,
ni nan dezyèm tou. Sou yon popilasyon 4 milyon 712 mil elektè, se apèn si gen 717 mil
moun ki patisipe nan lage peyi a pi fon toujou nan tyouboum.

Tèt Kale se yon popilis, nan sans sa a li sanble ak Aristide ; men li te gen kat makout li sou
Jean Claude Duvalier ; li se yon sousou devan dirijan etranje yo menm jan ak Preval.
Enperyalis yo ak oligachi a pat kapab jwenn yon pi bon wa madigra pou foure peyi a nan
tenten pandan y ap kontinye piye l san gade dèyè.
JeanJacques AINE

II.- KOTDIVWA / AYITI SE MENM KOUT BWA ELEKSYON-SELEKSYON ENPERYALIS YO.

2.1 Lafrans fè tout kalite piwèt pou defann enterè l nan Kotdivwa.
Prezidan Sarkozy ak kouvèti Nasyonzini bay lame fransè a lòd pou debake nan peyi
Kotdivwa sou pretèks li vle pwoteje lavi popilasyon sivil la kont atoufè Laurent Gbagbo yo epi
fòse l respekte rezilta eleksyon-seleksyon 28 novanm 2010 yo. Men li klè pou tout moun se
enterè kapitalis fransè yo Sarkozy ap defann. Nan lane 2002, sou prezidan Jacques Chirac,
Lafrans te voye lame l deja nan peyi Kotdivwa. Lè sa a, se te pou anpeche lame rebèl yo, ki
te gen nan tèt yo Guillaume Soroh, premye minis Alassane Ouattara, prezidan ki swadizan
genyen eleksyon 28 novanm yo, kapote gouvènman Laurent Gbagbo a ki t ap defann enterè
Lafrans nan epòk la.
2.2 Lafrans vle kontinye dominasyon l sou Kotdivwa menm jan enperyalis meriken yo
vle kenbe Ayiti sou titèl.
Lame fransè ap kraze-brize nan peyi Kotdivwa, ansyen koloni li, pandan Sarkozy ap vante
kouraj Aimé Césaire, yon gwo ekriven matinikè ki te toujou ap denonse kolonizasyon Lafrans
te tabli sou peyi Afrik yo. Fason Lafrans foure pye l nan pwoblèm entèn peyi Kotdivwa a
montre volonte l genyen pou ranfòse dominasyon l sou peyi sa a. Pou gouvènman franse a
fè sa, li chache lese-pase nan men Nasyonzini, yon enstisyon ki ta dwe garanti lapè nan
monn lan, men ki sou kontwòl total gwo peyi enperyalis yo.
Se menm bagay la Meriken ap fè nan peyi Dayiti. Li sèvi ak MINISTA kòm enstriman pou
ranfòse dominasyon l sou peyi a. Sonje dezòd ak klima laperèz peyi enperyalis yo tabli nan
peyi a apre piblikasyon rezilta pwovizwa eleksyon-seleksyon yo pou yo kab pran kontwòl
KEP la epi enpoze rezilta pa yo.
Lè gwo peyi enperyalis yo ap aji konsa, yo pran pòz mete enterè pèp la devan, men tout
moun konnen se enterè gwo konpayi militinasyonal yo y ap defann. Nan Kotdivwa, dlo ak
elektrisite nan men yon miltinasyonal fransè : Bouygues. Sektè bankè a nan men yon seri
gwo gwoup finansye : BNP, Société Générale, Credit Lyonnais. Pò yo menm nan men yon lòt
miltinasyonal yo rele Bolloré epi sektè kominikasyon an anba monopòl konpayi franse yo rele
Orange.
3
Ajisman enperyalis franse nan peyi Kotdivwa pa depaman ak ajisman enperyalis meriken an
Ayiti. Nan peyi d Ayiti, miltinasyonal ameriken yo prezan ak American Airlines, Comme il
Faut, Labadie, Voilà, elatriye. Kounye a y ap òganize yo nan ranfòsman plan neyoliberal la
an Ayiti pou yo pran kontwòl tout ekonomi peyi a. Se prensipal rezon ki fè yo voye ansyen
prezidan Bill Clinton vin pran tèt CIRH la an Ayiti.
2.3 Gwo peyi enperyalis yo antann yo pou rebat kat dominasyon sou peyi pòv yo.
Gwo peyi enperyalis yo pataje monn lan antre yo. Yo chak gen zòn pa yo pou yo kouperache.
Yon bon pati nan Amerik la sou kontwòl Etazini ; gen kèk ansyen pisans kolonyal,
tankou Lafrans ak Langletè, ki kontwole kèk ti espas toujou nan zòn sa a. Lafrans ak
Langletè gen sou kontwòl yo yon bout nan kontinan afriken an, kote yo te kenbe popilasyon
kontinan sa a nan kolonizasyon pandan plis pase 60 an. Anpil fwa, gen ti chire pit antre yo
pou konnen kiyès k ap jwenn pi gwo moso gato nan richès peyi pòv yo. Se sa k fè Lafrans
prese voye lame l nan Kotdivwa. Alassane Ouattara, kandida kominote entènasyonal la di ki
genyen eleksyon prezidansyèl 28 novanm yo, nan pòch ameriken deja. Lafrans vle fè l
konnen Kotdivwa se teritwa pa l. Pa bliye Kotdivwa se youn nan pi gwo pwodiktè kakawo nan
monn nan, yon danre ki rapòte anpil lajan. Kidonk, enstabilite politik, eleksyon-seleksyon ak
enpinite, se mwayen sa yo enperyalis yo itilize jounen jodia nan rebat kat dominasyon yo sou
peyi pòv yo nan peryòd ekonomi neyoliberal la. Pou fè sa, yo chèche jwenn konplisite
restavèk yo genyen nan elit ekonomik ak politik peyi sa yo. Enterè pèp Kotdivwa a pa gen
anyen pou wè nan goumen ki te genyen ant Gbagbo ak Ouattara a. Menm jan nan chire pit
ki te genyen ant Preval, Manigat, Martelly se mwayen sa a enperyalis yo itilize pou renouvle
ekip restavèk k ap defann enterè yo. Lit pèp nan peyi pòv yo pou liberasyon yo ak defann
richès yo pase pa yon premye mitan kont restavèk enperyalis yo nan peyi sa yo.

Mercidieu BENOIT

III.- LÈ LIT POLITIK YO PA MAKONNEN AK LIT EKONOMIK YO, PA JANM GEN CHANJMAN VRE NAN
PEYI A.
Zanmi ak lektè yo, jounal Santinel Pèp la pou dezyèm ane li vini ak yon ribrik ekonomi. Nou
fè anpil politik nan peyi a, men nou neglije koze richès ak resous Ayiti yo, pwodiksyon ak
komèsyalizasyon k ap fèt andedan l yo nan refleksyon ak aksyon nou yo. Poutan, se
ekonomi an ki mèt kesyon an ; se li menm ki domine nan tout kalite relasyon ant yon kategori
sosyal ak lòt, kit se nan peyi a, kit se nan monn lan. Politik la vin sipòte ekonomi an ; gwo
boujwa yo fè politik pou pwoteje pozisyon ekonomik yo. Militan nan òganizasyon politik ak
sosyal yo dwe bay konesans sou zafe ekonomi peyi a plis plas nan travay yo. Se pou sa
Santinel pèp la louvri deba a jounen jodia.
3.1 Lontan, ekonomi peze-souse a te chita sou konsantrasyon tè yo ak dappiyanp sou
danre peyizan yo.
Nan peyi d Ayiti, tankou nan lòt peyi ki sou dominasyon enperyalis yo, sa ki pi enpòtan nan
ekonomi an pou pisans sa yo, se zafè resous natirèl, matyè premyè, fòs kouraj travayè ak lòt
richès ki ka pèmèt fè lajan rapid. Yon ti ponyen fanmi nan ologachi a an Ayiti asosye yo ak
kèk konpayi lòt bò dlo pou akapare tout sa ki gen valè nan peyi a. Pou sa, yo antre nan tout
kalite aktivite ekonomik pou ranmase san gade dèyè tout sa yo kapab.
Apre 1804, premye baz eksplwatasyon ekonomik lan te koumanse lè ansyen afranchi yo ak
wo grade lame endijèn yo pran kontwòl tout tè yo. Apre, pou fè tè sa yo travay, yo te konn
bay peyizan yo fè jaden pou yo nan kondisyon demwatye. Fòs kouray ak swè ti peyizan
4
demwatye yo anrichi yon dividal grandon ak you seri negosyan bòdmè. Apati ane 1850-1860
yo, lè peyizan yo koumanse boude sistèm demwatye a epi chache gen pwòp moso tè pa yo,
piyajè yo pase you vitès siperyè nan detwi forè bwa peyi a epi yo vin antre pi fon nan fè
espekilasyon kafe ak kakawo. Ak fo balans, ak move pri, yo piye rekòt peyizan malere yo, sa
ki lakoz non sèlman kondisyon lavi travayè sa yo pa ka chanje, men anviwonman peyi a
koumanse atake. Apre 1915 avèk premye okipasyon meriken, piyajè yo antre nan fig
bannann, nan pit, nan kann, nan kawotchou. Se menm fòm eksplwtasyon an yo kontinye sou
do travayè, menm si se konpayi etranje yo menm ki vini pran plas grandon sou gwo
plantasyon yo. Nan ane 1950-1960 yo, piyajè yo antre nan fè dappiyanp sou min aliminyòm
ak kwuiv ki gen nan peyi a. Se nan menm epòk la irigasyon vale Latibonit la pral fèt ; grandon
akapare pi bon tè yo epi plantasyon diri nan plèn nan ap derape nan menm kondisyon
demwatye a.
Kòm ekonomi mondyal la ap chanje nan chak peryòd, ekonomi peyi a ki sou dominasyon
toujou ap adapte li chak fwa ak demann lòt bò dlo l ap resevwa. Gen aktivite ekonomik ki
disparèt nan peyi a akoz kalbenday ak neglijans Leta a epi karaktè awousa ologachi bò isit la
ak piyajè etranje yo. Demann mondyal pou kafe ak kakawo a toujou la, men pwodiksyon kafe
tonbe plat atè akoz kondisyon jan piyay la ap fèt la. Peyi a sòti nan pwodui 300.000 sak kafe
chak ane pou tonbe nan mwens pase 60.000 sak. Se menm bagay pou pwodiksyon diri : nan
ane 1980 yo, nou te rive pwodui plis pase 100.000 tòn diri, jodi a nou pa menm ka rive
pwodui 60.000 tòn pandan popilasyon an li menm sòti nan 5 milyon pou l rive nan 10 milyon
moun. Konsomasyon diri nan peyi a sòti nan 100.000 tòn, nan ane 1980 yo, pou li rive jodi a
plis pase 400.000 tòn. Malgre sa, Leta kontinye aplike politik kite sektè agrikòl la peri.
3.2 Jodi a ekonomi peze-souse a chita sou espekilasyon sou lajan pèp la nan bank yo
ak nan vann li pwodui pèpè byen chè.
Depi nan fen ane 1980 yo, piyajè yo chanje règ jwèt la. Se nan pran pwodui lòt bò vin vann
nan peyi a ak nan tabli faktori pwatrinè yo jwenn avantaj bab ak moustach yo. Se pou rezon
sa ki fè Leta ayisyen siyen yon dividal akò ak FMI, Bank Mondyal, Inyon Ewopeyèn, USAID,
elatriye, pou louvri vant peyi a bay pwodui etranje antre, pou abandone pwodiksyon nasyonal
nan kad plan neyoliberal la. Kidonk, apati ane 1980 yo, peyizan ak atizan yo nan batay san
yo pa konnen ak gwo konpayi lot bò dlo k ap vann diri, vyann, lwil, farin, espageti ak tout lòt
pwodui pèpè yo nan peyi a. Oligachi bò isit la kontante l fè benefis 30 rive 40% nan komès
pwodui enpòte, nan drennen tout lajan epay peyi a nan bank prive yo pou fè espekilasyon
sou dola epi bay kout ponya avè l, epi nan fè 10 % sou transfè malere lòt bò ap voye pou
fanmi yo. Leta kontante l fè pousantay pa li nan taks ak enpo, men li pa regle anyen ak lajan
sa yo ni nan nivo sosyal ni nan ankouraje pwodiksyon nasyonal la. Se nan koripsyon ant gwo
chabrak politik ak oligachi a lajan Leta a pase. Fòm ekonomi an pran jounen jodi a ak
ekzijans òganis entènasyonal yo pa nan avantaj ni popilasyon an, ni peyi a. Se konpayi
etranje yo, oligachi a ak politisyen ki sou pouvwa yo k ap koupe-rache pandan peyi a ap
depafini epi popilasyon an nan grangou ak malsite.
Nou pa dwe senpman denonse peyi enperyalis yo ak oligachi a ki ap akapare tout richès ak
resous nou yo. Nou dwe chache konprann pi byen estrikti ekonomik ak finansye peyi a epi
chache defini ak mete an aplikasyon estrateji pou ranvèse sistèm peze-souse sa a. Se sèl
fason reyèlman konsekan pou move lavi peyizan, ouvriye, atizan, chomè, fanm kou gason,
jèn kou granmoun rive chanje nan peyi a.
Gasner JOSEPH

IV.- ISTWA FANMI AK GWOUP EKONOMIK K AP KONTWOLE RICHÈS AK POLITIK PEYI A.

Listwa gwoup fanmi ki kontwole richès peyi a ak jan yo fè pou eksplwate mas pèp la konnen
plizyè chanjman nan divès peryòd pandan desanzan lavi nou kòm pèp.
1- Nan yon premye moman, yon ti tan anvan lendependans epi touswit apre, jeneral nan lame
ak lòt wo grade yo te pral separe antre yo anpil, anpil tè, sitou anpil bèl bitasyon nan plenn ki te
anba ponyèt kolon franse yo. Dayè, jefò Desalin pou kat la rebat, yon mannyè pou ansyen
esklav yo ki vin fòme sektè peyizan an jwenn moso tè, pral mennen konplo asasinay li. Nan
menm moman sa a, te gen yon ponyen negosyan, sitou etranje, k ap achte ak vann danre. Pitipiti,
de gwoup sila yo te pral mare sosis yo ansanm pou dechèpiye peyizan yo. N ap fè remake
tou se menm gwo jeneral sila yo ki okipe plas prezidan ak tout gwo fonksyon nan tèt Leta.
2- Nan yon dezyèm moman ki parèt nan mitan diznevyèm (19èm) syèk la, gen yon boujwazi
ayisyèn k ap boujonnen, kote genyen pami yo anpil komèsan ak kèk grenn endistriyèl. Nan
goumen ak zèl pi retwograd klas dominant yo ki se grandon yo, boujwazi sila a te disparèt sou
Salomon nan lane 1883. Lè sa a, negosyan etranje k ap achte ak vann danre vin taye banda
yo pi rèd. Negosyan sa yo te vin gen plis pouvwa chak jou nan prete gouvènman lajan. Yo pral
patisipe nan jete ak mete gouvènman epi nan chwazi politisyen ki bay plis avantaj pou biznis
yo.
3- Nan yon twazyèm moman, nou jwenn yon mouvman timid endistriyalizasyon ki pral pran fòs
nan lane1950 ak 1960 yo. Gen plis pwodiksyon endistriyèl pou konsomasyon moun andedan
peyi a. Men majorite izin yo rete Pòtoprens. Lòt koze ki pi grav ak sektè sa a, se jan li mare
sosis li ak pouvwa Leta anti pèp ki nan tèt peyi a pou li kapab jwenn gwo avantaj. Yon
sitiyasyon ki anpeche yo devlope tèt yo epi vin dinamik, paske se favè pouvwa y ap tann. Se
ka fanmi Mevs, Brandt, Madsen, Bigio, elatriye. Pral gen yon lòt zèl boujwazi a ki pral okipe
soutretans. Sosis yo mare dabò ak peyi etranje, sitou enperyalis meriken. Se sitiyasyon fanmi
tankou Apaid.
4- Nan yon katriyèm moman ki kòmanse nan ane 1980 yo, sèten fanmi oubyen plizyè asosye
pral met ansanm pou fè gwoup finansye, pou louvri bank ak ranmase lajan ti epayan pou
finanse biznis yo. Yo jwenn sipò Leta pou yo fè lajan san yo pa bay prensipal sektè ekonomik
peyi a okenn sèvis. Nou wè sa ak SOGEBANK ki pou Nadal, Moscoso, elatriye ; Promobank
Bigio te met kanpe ; BUH ki pou Brandt, elatriye. Bank nan peyi d Ayiti fè pi fò benefis yo nan
transfè lajan dyaspora ak nan chanje lajan ameriken.
5- Nan yon senkyèm moman, politik louvri vant peyi a pral kraze preske tout endistri lokal.
Oligachi a pral retounen san plenyen nan dyòb achte ak revann machandiz lòt bò dlo. Yo
retounen pi rèd tou nan aktivite koutye, nan goumen pou rachte gwo kontra ak Leta : fè wout,
vann Leta ekipman ak sèvis nan move kondisyon, vann elektrisite byen chè. Nan moman sa a
tou, pi gwo benefis bank yo pa sòti ditou nan aktivite kredi men nan koutay sou chanje dola ak
fè transfè lajan pou dyaspora.
Sa pèmèt nou konprann kouman sektè sa yo bezwen kontwole pouvwa Leta a, paske se sèl
nan mare sosis yo ak gouvènman pa yo y ap kapab fè anpil lajan.
CAONABO

V. - Kout flach sou mo kle osnon konsèp yo.
Volim II jounal Santinel Pèp la vini ak yon nouvo ribrik : “Kout flash sou mo kle osinon konsèp
yo”. Tanzantan nan atik li yo, jounal la sèvi ak kèk mo kote definisyon yo pa twò klè pou anpil
nan lektè yo ; sa ki fè souvan yo konn defòme sans konsèp sa yo. Se pou evite erè sa a ki fè
ribrik sa a ap parèt regilyèman. Anplis, l ap pèmèt rive genyen pi bon kominikasyon ak plis
antant ant Santinèl ak lektè, zanmi epi patnè li yo.
Yon mo kle osinon yon konsèp, se yon mo ki reprezante tout sa ki pèmèt ou rekonèt yon lide
lespri lòt moun te konstwi. Nan yon refleksyon, se avèk konsèp yo ou sèvi souvan, tankou
materyo pou bati analiz ou yo.
Nan nimewo 1, volim II Santinèl Pèp la, n ap bay definisyon 2 mo kle : 1) Leta ; 2) Kapitalis.
5.1 Leta. Se yon fòm òganizasyon politik, jiridik ak administratif yon sosyete mete
anplas pou l kapab jere tèt li. Chak Leta gen teritwa pa l ki toujou delimite e se nan
espas sa a ak sou popilasyon k ap viv ladan l li gen otorite epi lwa li yo aplike. Leta
toujou chita sou yon ansanm enstitisyon e se atravè enstitisyon sa yo li ekzèse pouvwa
l ak otorite l.
Leta parèt sou latè pou premye fwa nan menm epòk lèzòm fin envante lagrikilti epi gen gwoup
moun ki koumanse ap fè dappiyanp sou tè kominote yo pou fè yo vini pwopriyete prive. Se
konsa lagè ap koumanse epi premye fòm Leta a ap parèt nan anviwon 9 000 ane anvan Jezi
Kri fèt. Leta pase nan divès estad anvan li vini sa li ye jodia. Men se toujou yon revolisyon
popilasyon yo fè pou chanje nati ak fòm Leta a paske gwoup moun ki gen majorite richès yon
peyi nan men yo toujou chache pran kontwòl Leta a pou mete l plis osèvis pwòp enterè pa yo.
Listwa montre Leta ka genyen plizyè tip :
1. Diktati si se gwo ponyèt l ap fè sou popilasyon an ;
2. Demokrasi si li respekte libète ak dwa popilasyon ak enstitisyon yo ;
3. Endepandan si Leta a granmoun tèt li ;
4. Restavèk si li sou dominasyon yon lòt Leta ;
5. Leta a kapab santralize oubyen desantralize swivan jan desizyon yo pran, jan resous yo
pataje ak jan peyi a jere.
Leta a ka pran tou divès fòm :
1. Initè, lè se yon sèl Leta ki jere tout peyi a ;
2. Federal, lè se plizyè Leta ki asosye yo ansanm pou pran desizyon ki konsène tout peyi
a ; desizyon ki konsène yon sèl nan Leta asosye yo se li menm ki pran l poukont li.
Yon Leta toujou gen 3 eleman ki detèmine l : teritwa l, popilasyon l ak gouvèman l.
Teritwa a ede fikse popilasyon an e se Leta a ki gen reskonsablite pou amenaje l ak pwoteje l.
Nan espas sa a se sèl Leta ki dwe gen monopòl fè pèseptè taks ak fè vyolans ki lejitim pou
lalwa respekte.
Popilasyon an se li ki bay Leta manda pou l vini souvren. Pou Leta a fonksyone byen, pou l
kenbe epi dire, fòk majorite moun nan popilasyon li an genyen kèk mak fabrik (tankou lang,
relijyon, mès ak abitid) ki ini yo. Se inite sa a ki fè yo pale de yon nasyon.
Gouvènman an se ekzekitif la (prezidan, premye minis ak minis yo) ; se gouvènman an ki gen
reskonsablite reprezante Leta a, defini ak mennen politik li epi jere administrasyon piblik la.
Jounen jodia, pi souvan, se elit yo ki dirije Leta a epi se fonksyonè yo ki jere l. Leta a toujou
genyen plizyè fonksyon : politik, ekonomik, sosyal, jidisyè, administratif, defans nasyonal,
relasyon ak lòt peyi, kreyasyon lajan. Pou mennen divès fonksyon sa yo, li kreye plizyè
enstitisyon. Fòk enstitisyon sa yo gen yon chèn kòmannman epi kòdone aksyon yo pou Leta a
ka byen fè peyi a mache tout tan.

5.2 Kapitalis. Se yon sistèm ekonomik, politik ak sosyal yon sosyete, kote moun k ap travay
yo pa mèt mwayen pou fè pwodiksyon ak distribisyon yo.
Sistèm sa a genyen 6 mak fabrik :
1. Tout mwayen pou fè pwodiksyon nan antrepriz yo se pwopriyete prive yo ye ;
2. Tout pouvwa desizyon nan antrepriz yo chita nan men gwo aksyonè yo, gwo chabrak
yo ;
3. Travayè yo resevwa yon salè pou fòs kouray yo ;
4. Gen libète pou echanj ekonomik yo ak pou fè konkirans sou mache yo ;
5. Chache fè pwofi san gade dèyè ;
6. Ranmase kapital lajan pou fè piplis envestisman san rete.
Nan lojik sistèm sa a, pa gen anyen sou tè a ki pa kapab tounen yon machandiz ki ka achte ak
vann.
An jeneral, moun ki kapitalis yo òganize yo ak bonjan metòd pou pwodui, akimile ak envesti
richès yo nan yon lojik pou fè byen sa yo ogmante nètalkole. Sa a se pi gwo diferans ki genyen
ant sistèm kapitalis la ak lòt sistèm ekonomik ki te ekziste anvan l yo. Akimilasyon kapital sa
a chita sou eksplwatasyon travayè yo, nan pa peye yo fòs travay yo kòmsadwa ak nan
dechalbore lanati.
Sistèm kapitalis la parèt sou latè an Ewòp ant 12èm ak 14èm syèk la, men li se rezilta yon
ansanm inisyativ ak adaptasyon youn dèyè lòt nan nivo syantifik ak teknik ; sa ki mennen yon
ansanm gwo transfòmasyon nan pwodiksyon ak komèsyalizasyon pwodui agrikòl kou
endistriyèl yo.
Nan devlopman li, sistèm kapitalis la pran plizyè fòm : 1. kapitalis fonsye ; 2. kapitalis
komèsyal ; 3. kapitalis endistriyèl ; 4. kapitalis finansye ; 5. kapitalis monopòl. Diferan
fòm sa yo kontinye ap evolye youn akote lòt. Men jodia, se de dènye yo (kapitalis finansye ak
kapitalis monopòl) k ap domine nan ekonomi monn lan.
Sistèm kapitalis la ap etann li depi li fèk parèt, men se nan ane 1600 a 1700 yo li pral gaye kò l
epi enpoze l seryezman. Sa pral bay 3 gwo revolisyon kapitalis boujwa nan 3 gwo peyi :
Angletè (1649), Etazini (1776), Lafrans (1789). Se apati epòk sa yo sistèm kapitalis la pral
makonnen devlopman l reyèlman ak yon nouvo kalite Leta. Li pral kreye pwòp Leta pa l pou l
rive genyen yon rejim politik ak jiridik ki pèmèt li pwoteje : 1. pwopriyete prive li yo ; 2. mache li
kontwole deja ; 3. mache li vle pran. Konsa Leta kapitalis yo pral pran mwayen (lajistis, lame ak
lapolis) ki nesesè pou garanti pwoteksyon sa yo. Men sa pa anpeche kontradiksyon ki andedan
sistèm kapitalis la menm fè li antre an kriz regilyèman. Mouvman leve-kanpe òganizasyon
travayè yo ak lòt eksplwate yo konn sekwe l anpil epi menm rive chavire l nan kèk peyi.
Rose ALMONACY
Aba okipasyon degize an titèl ! Aba pouvwa restavèk ! Aba enperyalis !
Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp ayisyen an !
SANTINÈL PÈP LA
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com
8
Dernière mise à jour : ( 29-05-2011 )

Répondre à cet article