Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

lundi 29 août 2011, par Astride MALBRANCHE, Gasner JOSEPH, Jean Jacques AINE, Jean Jacques BATRAVILLE, Rose ALMONACY

Santinèl Pèp la

Santinèl pèp la pa mare nan pye tab pèsonn. Se kontribisyon volontè ekip jounal la ak kèk zanmi ki fè l sòti.

Editoryal
Soti 1986 rive 1987, mouvman popilè ak demokratik la te konn eksprime l klè sou sa li vle ki pou chanje
nan Leta a ak nan sosyete a. Se dizon sa yo ki te gide lit revandikatif yo ; se yo tou Asanble Konstityant
lan te blije fè parèt an pati nan Konstitisyon 87 la. Men depi lè a, se sa nou pa dakò n ap denonse sèlman.
Nou pa vle diktati nan sosyete a. Nou kont depandans, titèl ak okipasyon peyi a. Nou rejte manje pèpè,
eleksyon-seleksyon, devlopman-anvlopman. Nou kont plan neyoliberal. Se yon trè bon bagay, lè nou rive
dakò sou sa nou tout pa vle. Men se t ap yon pi bon bagay ankò si nou te chache antann nou sou sa nou
vle pou rebati sosyete a ak peyi d Ayiti nou an. Lè sa a, n ap soti nan kilti opozisyon kolektif la pou n antre
nan demach konstwiksyon nan tèt ansanm lan. Jenerasyon k ap vini yo ap konprann pi byen direksyon
nou vle bay lòt Ayiti a epi, lè yo pran flanbo a nan men nou, y ap pi alèz pou swiv tras nou te trase a.
Nan Santinèl Pèp la, n ap koumanse bay tanzantan kèk pwen pou diskisyon sou lòt Ayiti nou ta renmen
wè ki konstwi sou yon baz kolektif la. Pou mwa jiyè a, n ap fè yon rale sou egalite ak jistis.
Nou vle yon peyi ki gen egalite, kote tout moun egal tout bon vre. An Ayiti se yon ti ponyen moun ki
konsantre tout richès yo anba men yo pandan y ap gaspiye resous natirèl nou yo. Se yon ti ponyen moun
ki ka manje, travay, gen kay, bay tèt yo swen, fè edikasyon tèt yo ak pitit yo epi okipe fanmi yo nòmalman.
Majorite popilasyon an nan chomaj, pa gen kay, pa ka manje, pa ka fè edikasyon pitit yo epi bay tèt yo
swen lè yo malad. Sa lakoz timoun kou granmoun ap soufri malnitrisyon, ap viv nan malsite, ap depafini
soupye. Tout moun nan peyi a san distenksyon dwe kapab viv nòmalman, swivan bezwen yo ak travay
yo, an fonksyon pwodiksyon ak pataj richès peyi a. Politik piblik nouvo Leta a dwe fasilite tout moun viv
nan diyite ; lè sa a n ap sou wout pou mete egalite tout bon vre nan peyi a.
Nou vle yon sosyete ki gen etik nan yon Ayiti k ap bay jistis pou tout moun. Pou gen jistis, fòk nou kaba
sistèm k ap kale enjistis, krim ak koripsyon an, ki se sistèm peze-souse a, ki ap evolye nan sèl avantaj
oligachi a, ti gwoup ki toujou gen pouvwa a ak enperyalis yo. Nouvo Leta a dwe konstwi nan konfyans
youn pou lòt, nan konsansis ant majorite moun ki vle pwogrè sosyal pou nasyon an, sou baz yon
konstitisyon ki ranmase dizon pèp la e ki pa depaman ak kilti li. Pou gen jistis, fòk gen nouvo lwa ki
koresponn ak volonte popilè a, ki fikse dwa ak devwa tout sitwayèn ak sitwayen yo san distenksyon. Fòk
gen yon lòt aparèy jistis ak yon nouvo kalite pèsonèl jidisyè ki sou kontwòl nouvo Leta a sèlman men k ap
mache nan sans volonte popilasyon an pou yon chanjman reyèl sosyete a.
Pou gen egalite ak jistis, fòk sitwayèn ak sitwayen yo reprann libète yo, fòk peyi a reprann dwa granmoun
li, fòk tout sektè nan sosyete a ap mache kòmsadwa epi fòk peyi a pran wout pwogrè sosyal, ekonomik,
politik ak kiltirèl ki makonnen ak idantite nasyonal li.
Ekip jounal la
Santinèl/ Kontèks nasyonal
BILAN POUVWA SWEET MICKY A : 3 MWA PÈDI TAN, FO PWOMÈS AK KOUTBA
Nan Santinèl Pèp la Volim II–Nimewo 2 a, nou te fè eta sitiyasyon peyi a lè Prezidan Micky
t ap monte sou pouvwa, 14 me 2011 lan. Se te yon fason pou chak lè n ap mezire zak
pouvwa a, nou te fè sa sou yon baz ki objektif. Men franchman, 3 mwa apre, bilan an se yon
veritab katastwòf, atèl pwen gen moun ki di pouvwa a ekspire anvan lè menm jan ak yon
move medikaman.
Twa mwa pèdi tan pou peyi a, nan chire pit ant majorite lavalas la ak prezidans
neyodivalyeris la.
Tout ekip ki rive sou pouvwa a e ki vle dirije vre konnen se nan 100 premye jou yo pou yo
jete baz sa yo vle fè nan peyi a. Men pouvwa doub tèt kale/ lavalas la pase tout tan an ap fè
dilatwa : 2 fo premye minis deziye, youn pa asiste tiraj. Ni prezidan an ni majorite palmantè
GPR la te konnen se konsa sa pral pase.
Majorite palmantè GPR la, sou kontwòl Aristide ak Préval, tou lè 2 te fè yon seri zak kriminèl
ak antikonstitisyonèl lè yo te sou pouvwa a. Menm si se enterè oligachi a, dilè dwòg yo ak
enperyalis yo yo t ap defann, sa ki ba yo yon ti garanti pou pa trennen yo devan lajistis, yo pa
vle pran chans. Yo vle premye minis lan ak kèk nan minis yo se moun pa yo tou. Konsa, afè
yo pap nan lari epi y ap kontinye gen lajan ak pouvwa Leta pou mennen politik yo nan peyi a.
Prezidan Micky ak ti ekip li a genyen anpil ma nan kafe yo tou : yo se poulen oligachi a, dilè
dwòg yo ak enperyalis yo tou, men anplis yo se divalyeris. Pou yo rive nan tèt Leta a, yo fè
yon seri antant kont maltaye ak enperyalis yo, oligachi a epi divalyeris yo pou pataje
gouvènman an avè yo. Men se te byen konte mal kalkile paske nan rejim politik ayisyen an,
si yon prezidan pa gen majorite nan palman an li pap ka dirije vre. Kidonk Tèt Kale ak ti ekip
li a ap fè tan pase pou tann eleksyon novamn yo pou al eseye ranmase miz tyè (1/3) Sena a,
nan magouy ak koken.
Pandan politisyen ki nan tèt Leta yo ap jwe lago kache nan yon peyi k ap depafini pou wè
kilès k ap gen plis pouvwa, enperyalis yo menm pap betize. Yo bezwen lave lajan èd imanitè
ak pou rekonstwiksyon an an Ayiti nan CIRH la, pou vòlè l epi al regle bagay serye lakay yo
ki nan kriz finansye. Ansyen prezidan Clinton, gwo raketè entènasyonal, fòse Micky pran
angajman pou renouvle manda CIRH la ki pral fini.
Twa mwa pase, peyi a nan fo pwomès epi bay ti pòsyon pèp ki t al vote a move koutba.
Pwoblèm peyi a pa ka tann ankò ! Rekòt jaden yo pa bon nan okenn depatman ; lè ti mango,
veritab ak zaboka a fini an sektanm lan, grangou a pral pi rèd toujou. Nou nan peryòd siklòn :
chak ti lapli se kè sote epi moun anba tant yo se nan dlo y ap dòmi. Kolera, MINUSTHA pote
ba nou an, kontinye ap fè ravaj anpil kote. Paran, direktè ak pwofesè lekòl koumanse mete
de men nan tèt pou rantre klas la yo wè ki pral pase an gagòt. Dyaspora a chaje ak difikilte :
akoz kriz ekonomik lan, espesyalman Ozetazini, li pa kapab ede fanmi isit yo menm jan ankò.
Men, pwoblèm pèp Ayisyen an pa enterese kominote entènasyonal ki mete peyi a anba titèl
la. Sa ki gen valè pou yo isit, se fè Ayiti tounen piplis yon plak tounant pou biznis dwòg yo,
pou rezèv mendèv bon mache nan karayib la, epi fè peyi a tounen yon gwo mache pou voye
vann tout vye pwodui pèpè yo. Depi lè y ap mete tèt kale sou pouvwa a, yo te konnen se yon
medikaman ekspire li ye, men yo te bezwen debarase yo de Préval ki fin sèvi, fè yon ti tan
pase anvan yo vini ak bon ekip restavèk pa yo a.
2
Pwoblèm peyi a pa enterese oligachi a nonplis : majorite nan yo pa Ayisyen epi lajan yo se lòt
bò li sere. Se pou sa, nan tout gwo kriz k ap boulvèse monn lan e ki vin ajoute piplis
konplikasyon nan peyi a, oligachi a pa fè okenn jès menm senbolik ak Leta a pou pwoteje
ekonomi nasyonal la, ni yon ti ralanti sou peze-souse a. Sa ki gen valè pou yo, se kontrebann
ak koripsyon epi mete moun pa yo sou pouvwa a, nan koken, pou kontinye ak piyay la pi rèd.
Ayiti ap dirije l dwat nan yon veritab lòbèy.
Lè gen yon kriz ekonomik mondyal grav epi dirijan Leta yon peyi, pou ti enterè mesken yo, pa
pran tèt nasyon an pou mennen l nan bon pò, peyi sa a aladeriv. Lè elit ekonomik yon peyi ki
gen pwoblèm malouk sa yo se sèlman piyay san gade dèyè ki enterese yo, nasyon sa a gen
gwo malè pandye sou tèt li. Lè kominote entènasyonal la mete yon peyi anba titèl epi li pa
menm deside kite l ranje Leta li a pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, peyi sa a riske
gen gwo lòbèy lakay li.
Demokrat yo, patriyòt yo, pwogresis yo, peyi a sibi twòp anba gwo, se twòp atò ! Lè a rive pou
sa kaba. Zòt pase pèp la nan simagri twòp. Yo ba l twòp koutba. Ann òganize n pou
akonpaye pèp la, mobilize l pou transfòme lòbèy la nan yon veritab batay kont dirijan
restavèk yo, kont oligachi a, kont okipasyon an.
Jean Jacques AINE
Santinèl/ Politik
GASPIYAY RESOUS PEYI A SE YON ANDIKAP POU DEVLOPMAN L AK POU CHANJE
LAVI POPILASYON AN.
Genyen yon ansanm rezon istorik, politik, diplomatik, ekonomik ki makonnen ak plas Ayiti
nan monn lan, ki kapab eksplike poukisa se kalite fòm ekonomi sa a nou gen nan peyi a.
Men, mank vizyon ak konpòtman restavèk dirijan politik yo pèmèt mafya entènasyonal la, nan
alyans ak sèten fanmi nan oligachi a, pran direksyon peyi a epi kondui l nan sans pwòp
enterè pa yo sèlman. Nou gen ase resous pou nou ta konstwi peyi a yon lòt jan si dirijan Leta
yo ak sektè prive peyi a te pran reskonsablite yo pou mete an valè tè nou genyen yo ak
kantite dlo k ap sikile akote yo.
Dlo ap kouri pou ale nan lanmè alòske peyizan ap tann lapli pou yo travay latè.
Se yon eskandal piblik pou nou konstate valè kantite dlo k ap kouri chak jou ale devide nan
lanmè toupatou nan peyi a. Nan chak depatman, te kapab genyen etid ki montre kouman pou
mete gwo sistèm irigasyon kanpe pou irige tè yo epi fè jaden yo yon lòt jan.
Depi nan ane 1970, yon etid te bay plis pase 110.000 ekta tè kapab irige nan peyi a alòske
se 55.000 ekta tè ki te irige nan epòk la. Jodia, gen mwens tè toujou ki wouze paske pa gen
antretyen ki fèt nan kanal yo. Anpil sistèm irigasyon fin kraze nèt plizyè kote. Gaspiyay la fèt
tou sou lòt fòm. Nan plèn Kabarè, se yon ti sistèm irigasyon ki genyen, alòske gen 10.000
ekta tè ki kapab fè bannann. Nan Kanperen, Leta kite yon ti sistèm irigasyon k ap wouze
2.000 ekta tè, alòske li gen yon lòt 5.000 ekta tè ki kapab fè 2 rekòt pwa nan yon ane. Peyi a
pa ka rete nan devlope ti sistèm irigasyon toujou, paske li gen 10 milyon moun pou bay
manje jodia ; l ap gen 20 milyon moun nan ane 2050 yo.
Si Leta te vle mete popilasyon an nan travay tout bon, tè a ta dwe baz ekonomi peyi a.
Se yon lòt eskandal piblik ankò lè nou konstate ki kalite tretman Leta bay tè yo. Nan nivo
legal, fason moun posede tè, fason moun vann ak achte tè oswa vòlè tè, Leta pa fè anyen
3
pou chanje estrikti agrè yo. Koze eritay tè mete anpil divizyon nan fanmi yo ; li lakòz anpil tè
pa travay. Men Leta kite dezòd ak kalbenday ap fèt ak pi gwo richès zansèt yo batay kite pou
nou an.
DGI, ki sipoze gen achiv pou kontwole tranzaksyon tè yo, pa okipe travay li. Pi rèd, l ap pran
nan men yon gwoup pou li bay yon lòt. Notè, apantè, lapolis, avoka fè yon sèl ak DGI pou
travay nan enterè sèl ekip oligachi a. Sa lakòz vrè gwoup moun ki bezwen tè pou yo travay,
pa ka jwenn. Moun ki sou tè yo pa okipe yo kòmsadwa paske yo pa gen garanti sou tè yo. Se
yon fòm gaspiyay lè tè yo pa gen bon estati legal ak lè pwopriyetè tè yo nan chire pit pou yo.
Alaverite, nan yon Leta konsekan ak reskonsab, se lalwa ak politik piblik sou zafè latè ki ta
dwe defini kouman pou tè yo jere, ki jan pou yo itilize yo ak sa y ap fè sou yo nan chak zòn.
Tè yo mal travay alòske n ap enpòte 60% manje nou bezwen nan peyi etranje.
Nan itilizasyon tè yo tou, Leta pa fè travay li. Pifò tè yo ap gaspiye toupatou nan peyi a. Anpil
pa itilize ditou ; yo abandone. Swadizan mèt yo ale chita lavil oswa kite peyi a. Yon bon valè
tè mal itilize. Pa gen bon jan metòd ak teknik ki devlope pou pèmèt jwenn plis randman. Pa
gen laboratwa serye k ap fè rechèch pou nouvo varyete semans, nouvo varyete plant. Lè kèk
teknisyen fè kèk rechèch, yo pa jwenn ankourajman ak sipò Leta.
Nan ane 1970-1980 yo, te gen rechèch ki t ap fèt nan ODVA, Salayak, Dondon ak Savann
Zonbi. Kisa yo fè ak rezilta rechèch sa yo pou mete yo an pratik ? Eske reskonsab Leta yo
vilgarize yo pou nouvo konesans sa yo antre nan pratik agrikòl popilasyon an ? Sa t ap
mande pou deplòtonen teknisyen nan peyi a. Sa t ap mande pou ranfòse divès lekòl mwayen
agrikilti ak fèm agrikòl ki te genyen nan peyi a. Sa t ap mande tou rebrase bidjè Leta a pou
mete priyorite nan agrikilti ak nan devlopman agrikòl.
Olye se oryantasyon sa a ki pran, nou konstate nan menm epòk la se oryantasyon mete
faktori, mete pak endistriyèl nan Pòtoprens ak SONAPI an 1973 ki te chwa ekonomik pouvwa
a. Depi 30 dènye ane sa yo, se nan politik neyoliberal peyi a antre. Jodia ankò, nouvo dirijan
Leta yo ap pèsiste pou kenbe menm ekonomi wete trip mete pay la. Ansanm ak ajans
koperasyon yo, dirijan yo gen plis pase yon douzèn pwojè pak endistriyèl nan pòch yo pou
Ayiti. Y ap betize ak resous natirèl peyi a ki te ka fè richès nasyon an epi y ap antre pi fon
nan yon fòm ekonomi k ap apovri popilasyon an, gaspiye fòs kouraj li, lage l nan vye manje
pèpè epi destabilize milye riral la.
Jounen jodia fòk nou fòse Leta fè bilan move chwa ekonomik sa yo epi pran yon lòt wout k ap
pèmèt nou soti nan enpas lamizè, grangou ak lawont sa a, nan valorize pi byen tout kalite
resous nou genyen nan peyi a.
Gasner JOSEPH
S antinèl/ Ekonomi nasyonal
“KAY PA M”, YON PWOGRAM POU KLAS MWAYÈN KI GEN MWAYEN YO !
Nan mitan mwa jiyè 2011 lan, Bank Nasyonal Kredi-BNC, ansanm ak Bank Popilè Ayisyèn-
BPH, mete deyò yon nouvo pwogram kredi ki rele « Kay Pa m ». Pwogram sa a pwovoke yon
pakèt pale anpil espesyalman nan laprès, kòmsi pwogram sa pral pèmèt tout moun jwenn
mwayen pou yo posede yon kay. Menm Prezidan Repiblik la kouri fè deklarasyon pou fè
konprann pwogram sa a antre nan estrateji li pou li reyalize pwomès li te fè nan kanpay
elektoral la.
Tankou sa fèt nan tout lòt peyi, kredi pou bati kay se yon aktivite kouran bank yo fè pou
pèmèt lajan kliyan yo depoze rapòte bank lan benefis. Se pa premye fwa yon bank an Ayiti
4
mete yon pwodui konsa sou mache a. Men, pi souvan, pwogram sa yo pa dire paske li difisil
anpil pou yon moun ranpli tout kondisyon bank la ekzije pou li kapab jwenn kòb la prete.
Bank yo pa vle pran risk. Lè konsa yo mete gwo enterè sou kòb la, yo mande pou pretè a
gen asirans vi epi pou li asire kay li pral konstwi a. Tout kondisyon sa yo fè kòb pou moun
nan peye chak mwa a vin twò wo.
Kisa pwogram “Kay Pa m” nan ye ?
Pwogram “Kay Pa m” nan se menm kalite kredi a men ak kèk diferans. Se yon valè kat milya
Goud ki vo san milyon dola ameriken (US $100,000,000.00) de (2) bank yo, BNC ak BPH,
dispoze pou prete moun kòb pou bati, achte oubyen repare kay. Selon sa vis prezidan Bank
Nasyonal kredi a, Misye Philippe Vixamar di, yo estime avèk kantite lajan sa a, yo kapab
prete apeprè 2,000 moun kòb. Sa ki fè an mwayèn de milyon (2,000,000.00) goud oubyen
senkant mil dola ameriken (US $ 50,000.00) pou chak prè. Sa pa vle di se valè kòb sa a
sèlman yon moun kapab prete. Li ka prete pi piti oubyen pi plis ; se selon sa mwayen li pèmèt
li prete. Yo kapab prete moun nan jiska 100% kòb li bezwen an ak yon enterè ki fiks pandan
trant (30) lane pou piplis. Enterè a pa ta sipoze depase plis pase 8% pa ane.
Pou yon moun kapab benefisye prè sa a, fòk :
· Se yon anplwaye Leta oubyen yon anplwaye nan yon biwo prive depi 3 lane pou pi
piti ;
· Yon tyè (1/3) salè moun nan dwe sifi pou li peye kòb l ap gen pou peye chak mwa a ;
· Moun nan dwe gen bonjan papye tè kote li pral bati a ou byen kay li pral achte a fèt
pou gen bon papye tou ;
· Moun nan genyen yon lisans pou kondui machin ;
· Moun nan gen ant 18 ak 65 lane sou tèt li ;
· Men sitou, fòk moun nan se pa yon kat make labank kòm move zafè.
Lè n ap analize pwogram nan, nou kapab di se yon bon inisyativ de (2) bank yo pran lè yo
kreye yon kredi konsa. Pwogram lan ap fasilite sèten moun jwenn kredi pou yo bati oubyen
achte yon kay paske li ofri kondisyon ki bay avantaj lè ou konpare li ak sa ki deja ekziste yo.
Men kondisyon yo toujou rete difisil pou reyini pou pifò moun ki ta renmen posede yon kay
nan peyi a.
Pou jan sitiyasyon lojman se yon tèt chaje, pwogram sa a, malgre merit li genyen, rete
limite anpil.
Nan yon peyi kote pa gen tout pwoblèm lojman tankou peyi d Ayiti, kote pa gen tout chomaj
sa a, kote tou salè yo pi wo, se t ap yon pwogram ki enpòtan. Men lè nou konsidere yo
evalye a plis pase senk san mil (500,000.00) kantite kay ki nesesè pou moun rete nan peyi
a ; lè nou konsidere Leta pa gen plis pase swasant mil (60,000.00) anplwaye, sektè prive a
gen ankò mwens anplwaye pase Leta, epi se pa tout moun sa yo ki ap kapab prete, nou deja
gen yon lide sou gwosè limit ki gen nan pwogram sa a.
Yon pwogram konsa ap toujou rete, nan peyi d Ayiti, yon fòm kredi espesyal pou bank
komèsyal yo. Li pap janm kapab antre nan yon estrateji pou devlope lojman pou malere ak
moun ki nan klas mwayèn defavorize yo.
5
Yon bon estrateji pou kreye lojman pou kategori sosyal sa yo dwe chita sou :
a. Yon kapital lajan ki kapab pran risk tout bon vre nan fè kredi. Sa k ap aleje kondisyon
pou yon moun kalifye.
b. Yon kapital pou konstwi kay pou fè yon pwogram lokasyon vant.
Pi bon enstitisyon ki kapab reyalize estrateji sa a se Leta li menm oubyen yon koperativ
lojman men pa yon bank komèsyal. Ak yon estrateji konsa, w ap kapab non sèlman satisfè
demand kay pou moun rete, men tou kòmanse rezoud pwoblèm bidonvil yo epi pwoteje
anviwonman an paske lè sa a, se nan zòn ki prepare pou sa kay yo ap kapab konstwi. Y ap
oblije mete nan zòn sa yo tout enfrastrikti ki nesesè tankou : wout, drenaj, dlo potab,
elektrisite, telefòn, mache, lekòl, elatriye. Nan kondisyon sa yo tou, l ap pi fasil pou òganize
yon seri sevis tankou ranmase fatra, sèvis ponpye ak lòt ankò.
Jean Jacques BATRAVILLE
Santinèl/ Kontèks entènasyonal
CHANJMAN KLIMATIK : NOU TOUT KONSÈNE ; NOU PA KA KANPE GADE.
Depi plizyè dizèn ane, lemonn ap viv ak anpil kè sote ogmantasyon tanperati k ap fèt
toupatou sou latè. Ogmantasyon tanperati sa a pwovoke yon bann gwo boulvèsman nan
klima mondyal la. Chak ane, akòz chanjman klimatik yo, kantite inondasyon, siklòn, sechrès
ap ogmante nan diferan rejyon sou latè.
Kisa ki eksplike ogmantasyon tanperati sa a.
Tankou nou konnen deja, latè a anvlope ak yon gwo kouch ki gen plizyè gaz ki melanje
ansanm yo rele atmosfè. Lè reyon solèy la traverse atmosfè a, tè a kenbe yon pati nan reyon
sa yo epi li voye tounen yon lòt pati nan lespas. Pati sa li voye retounen nan lespas la se gaz
ki nan atmosfè a tankou vapè dlo, men sitou gaz kabonik ak metàn ki absòbe yo. Gaz sa yo
retounen voye chalè yo ranmase a nan lespas la ankò epi menm efè a rekòmanse san fen.
Se kòmsi chalè a pran nan yon pyèj, li paka soti epi tanperati latè ap ogmante san rete.
Fenomèn sa a enpotan pou lavi kapab ekziste sou latè paske, si li pat ekziste, latè t ap
tounen yon boul glas kote moun patap kapab viv. Men se lè kòmanse gen twòp gaz sa yo
nan atmosfè a ki vin pwovoke dezòd n ap konstate nan klima a. Se nan lane 1896, yo te rive
montre plis kantite gaz kabonik la ogmante nan atmosfè a, se plis tanperati latè ap ogmante.
Ekspè k ap travay sou pwoblèm anviwonman yo kalkile ogmantasyon tanperati latè a pran
yon vitès siperyè avèk gwo devlopman endistri yo nan kòmansman 18yèm syèk la. Tout
devlopman ki fèt nan peryòd sa a rive jodia, chita sou yon gwo itilizasyon enèji yo pwodui
apati petwòl, gaz ak chabon natirèl ki nesesè pou te fè devlopman endistri ak transpò nan
epòk la. Itilizasyon sous enèji sa yo vin ogmante, yon jan ki konsiderab, kantite gaz kabonik
ki genyen nan atmosfè a. Yo estime itilizasyon sous eneji sa yo responsab apeprè 75%
kantite gaz kabonik endistri ak agrikilti kapitalis la lage nan atmosfè a. Soti 1750 pou rive
2007, kantite gaz kabonik nan atmosfè a ogmante 31%. Depi fen 20yèm syèk la, konsomasyon
enèji nan lemonn sitèlman ogmante li fè kantite gaz kabonik nan atmosfè a ogmante 80%.
Agrikilti ak elvaj responsab tou yon pati nan kantite gaz (gaz kabonik ak metàn) ki pwovoke
ogmantasyon tanperati latè. Yo estime aktivite sa yo (itilizasyon angrè ki gen azòt nan
plantasyon diri, elvaj bèf ak mouton), responsab 13.5% kantite gaz ki ogmante tanperati latè.
Yon lòt bò, aktivite destriksyon forè yo responsab pou 17.5% kantite gaz kabonik nan
atmosfè a.
6
Menm si gen kèk ekspè ak biznismann ki kontinye pa kwè se aktivite kapitalis endistriyèl la ki
prensipal rezon ki fè tanperati latè ap ogmante konsa, etid syantifik yo pa kite okenn dout sou
sa jounen jodia. Fason sistèm kapitalis la ap eksplwate resous natirèl yo san kontwòl, san
gade dèyè a, san yo pa sousye yo de jenerasyon k ap vin deye a paka kontinye ankò.
Chanjman klimatik yo mennen n nan yon kriz ekolojik.
Anjeneral, yo di gen yon kriz ekolojik lè anviwonman kote yon espès oubyen yon popilasyon
ap viv pa favorab pou li kontinye viv ladan l. Kidonk, si sistèm kapitalis la kontinye eksplwate
resous latè yo jan l ap fè l jodia, nan kèk dizèn lane ankò latè kapab vin envivab.
Se pou sa gen anpil rèl ki kòmanse ap fèt pou mande gwo peyi rich yo ki se prensipal
responsab ogmantasyon tanperati latè a pou yo ta pran kèk mezi ki pou diminye pwodiksyon
gaz sa yo. Nan mwa Jen 2009, 184 peyi reyini nan vil Kyoto (Japon) pou yo pwopoze yon
nouvo pwotokòl sou anviwonman pou ranplase konvansyon sou klima 1992 la. Pwotokòl sa
a, menm si li pa sifi, pwopoze kèk mezi pou redui pwodiksyon gaz k ap fè latè vin pi cho yo :
· Ankouraje yon itilizasyon enèji yo ki pi efikas ;
· Fè yon pi bon jesyon forè yo epi ankouraje pwogram plante plis pyebwa nan forè yo ;
· Ankouraje itilizasyon lòt sous enèji ki pa soti nan petwòl, gaz ak chabon natirèl ;
· Pa bay pwogram ki kontrè ak objektif pwotokòl la okenn sibvansyon.
Pi gwo peyi pwodiktè gaz sa yo se Etazini ki derefize ratifye pwotokòl Kyoto a. Paske si yo
aplike mezi pwotokòl la rekòmande yo, sa ap gen gwo konsekans sou aktivite pwodiksyon
endistriyèl ak agrikòl yo : ogmantasyon pri machandiz, djob k ap pèdi epi gwo lajan y ap
bezwen pou finanse transfòmasyon nan jan y ap fè pwodiksyon.
Men tou, pa fè anyen ap gen konsekans ki pi grav toujou paske l ap koute pi chè pou
anpeche oubyen repare dega sou plan anviwonman, ekonomik ak sosyal rechofman klima a
ap pwovoke pi devan. Dapre ekspè yo, lemonn ap bezwen itilize sèlman 1% nan PIB
mondyal la pou anpeche konsekans rechofman klimatik la alòske, si yo pa fè anyen, y ap
bezwen ant 5% ak 20% PIB mondyal la pou anpeche oubyen repare dega sa yo pi devan.
Si se gwo peyi endistriyèl yo ki responsab pi fò kòz rechofman klima a, tout peyi sou latè sibi
konsekans yo menm jan (inondasyon, siklòn, sechrès, elatriye). Se sa k fè tout popilasyon
nèt oblije òganize yo, mobilize yo pou fè presyon sou Leta yo pou yo pran mezi lakay yo epi
fòse peyi enperyalis yo pou limite rechofman klima a.
Astride MALBRANCHE
Santinèl /Konesans
N ap viv yon peryòd ki espesyal kote, apati ane 2007 la, kapitalis neyoliberal la koumanse
antre an kriz toupatou nan monn lan. Li kapab pran yon nouvo souf menm jan li kapab mouri.
Jan li pral evolye a pa depann sèlman de atitid fòs ekonomik ak politik ki kontwole monn lan.
Atitid mas popilè yo, si yo antre an mouvman, kapab fè l tonbe nan wout disparisyon l. Se
pou sa, nan Santinèl Pèp la pou mwa jiyè a, mo kle n ap devlope se mouvman sosyal.
Mouvman sosyal : se tout aksyon kolektif revandikatif ki vize transfòme yon sosyete, oubyen
kèk aspè enpòtan ladann, nan yon peryòd espesyal nan istwa l. Mouvman sosyal la toujou
7
charye yon ansanm evenman kote sèten kategori oubyen klas sosyal ap chache chanje
òganizasyon sosyete a an fonksyon ideyal pa yo. Mouvman sosyal la, se yon rezo
òganizasyon sosyal ak politik ki chita sou plizyè prensip ak valè yo pataje ansanm, ki solidè
antre yo, ki gen santiman yo nan yon menm mouvman epi ki mobilize yo nan divès fòm
pwotestasyon sou yon seri pwoblèm sosyal ki gen konfli sou yo.
An Ayiti, nou konnen nan istwa nou yon pakèt mouvman sosyal : mouvman esklav yo ak
afranchi yo an 1791-1803 ki debouche sou revolisyon 1804 la ; mouvman peyizan yo an
1843-1848 ak Acaau nan tèt yo ; mouvman peyizan yo ak Peralte epi Batraville kont
okipasyon meriken an 1918-1920 ; mouvman jèn ak entèlektyèl yo an 1946 epi mouvman
sektè popilè ak demokratik yo an 1986 ki jwe yon gwo wòl nan ranvèsman diktati Duvalier yo.
Nan monn lan, nou tande pale sou anpil mouvman sosyal, tankou revolisyon fransèz 1789-
1799, revolisyon meksikèn 1900-1917, revolisyon Lawisi 1917-1921, mouvman kont rasis ak
pou dekolonizasyon peyi an Afrik yo nan ane 1950-1960 yo, mouvman me 1968 yo an Frans
ak nan rès Ewòp la, mouvman feminis ak mouvman altèmondyalis yo an 1970-2000.
Mak fabrik yon mouvman sosyal se : 1) li toujou gen yon dimansyon kolektif ; 2) li gen plizyè
sektè nan popilasyon an l ap chache mobilize ; 3) li gen plizyè sektè nan sosyete a li idantifye
kòm advèsè l ; 4) li toujou gen yon seri revandikasyon ; 5) manm li yo gen yon seri valè yo
pataje ak yon pwojè komen ; 6) li gen kapasite òganize, reyini ak mobilize anpil moun ; 7)
pwotestasyon l yo kapab pran divès fòm tankou nòt kontestasyon, petisyon, konsè mizik, bat
tenèb, sitin, manifestasyon, grèv, bòykòt, koupe wout, leve kanpe, epi toke kòn ak fòs
represyon sistèm anplas la.
Mouvman sosyal yo konn pran divès oryantasyon : 1) mouvman sosyal yo kapab refòmis : yo
vle chanje kèk aspè nan sosyete a men san chanje sistèm ki tabli a ; 2) mouvman sosyal yo
kapab revolisyonè : yo vle yon chanjman radikal ki ap chache transfòme sistèm politik, sosyal
ak ekonomik ki tabli a. Nan evolisyon mouvman yo, oryantasyon yo konn chanje. Sa ki
refòmis yo kapab tonbe nan reyaksyonè oubyen ale nan revolisyonè. Menm jan sa ki
revolisyonè yo konn tonbe nan refòmis.
Mouvman sosyal revolisyonè yo pa janm rive abouti lè yo pa gen pwòp otonomi ideyolojik,
òganizasyonèl ak finansye yo ; lè yo pa gen kapasite pwoteje tèt yo ak òganizasyon ki
andedan yo epi sitou lè yo pa rive kreye oubyen fasilite, nan sosyete yo vle chanje a, yon kriz
politik nasyonal kote sa ki anwo yo pa kapab kontinye dirije menm jan ankò, sa ki anba yo
derefize jan yo t ap dirije yo a epi sa ki nan mitan yo ap ezite pou konnen nan kilès nan 2 kan
yo pou yo ale !
Rose ALMONACY
Aba okipasyon degize an titèl ! Aba pouvwa restavèk ! Aba enperyalis !
Viv mobilizasyon manch long pou liberasyon pèp ayisyen an !
SANTINÈL PÈP LA
jiyè 2011
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com
8

Répondre à cet article