Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

jeudi 4 avril 2013, par Jounal Santinel

Editoryal
Santinèl Pèp la gen 3 zan : n ap chanje vitès pou nou ka ateri pi byen.
Jounal Santinèl Pèp la gen 3 zan nan mwa mas la depi n ap pwodui li pou ou, zanmi lektè. Se lè bilan epi gade devan. Nou vin gen plis militan, plis senpatizan, plis zanmi toupatou. Lektè yo li epi apresye travay la. Dòt sèvi avè l pou anime reyinyon politik nan òganizasyon yo. Dòt lektè fè kopi epi yo distribye li. Dòt fè distribisyon an mache sou entènet. Se patisipasyon pa yo nan travay konstwiksyon jounal Santinèl Pèp la. Nou di yo tout mèsi. Yo dwe kontinye fè bout travay pa yo, nan reyisit jounal la. Se pa fè jounalis ki enterese ekip Santinèl la. Se yon zouti politik nou vle bay militan yo pou yo itilize nan kad lit pou transfòmasyon Leta a ak sosyete a. Nou swete pou Santinèl Pèp la kontinye sikile piplis sou katye yo, bò lakay nou, nan seksyon kominal yo, nan travay nou, nan òganizasyon yo epi ankouraje deba sou kesyon esansyèl yo. Se nan refleksyon ak aksyon n ap jwenn vrè chimen chanjman epi degaje antre nou nouvo lide, nouvo pwopozisyon k ap anrichi deba a. Kidonk, verite a se nan yon pwosesis dyalòg ale-vini ak aksyon ansanm l ap fèt. Pèsòn pa gen yon bwat verite l ap distribye pasi-pala. Kontribisyon jounal la ap rapousib antre nou. Relasyon dyalòg la dwe ranfòse piplis. Kote pa nou, nan direksyon jounal la, n ap chanje vitès. Se pa ekleray sèlman nou vle pote sou politik peyi a. N ap plis ankouraje travay òganizasyon popilasyon an. Lit politik la ap vin pi makawon. Klas dominant yo vle toufe mas popilè yo. Nan batay klas sa a, si nou pa pi byen òganize, n ap pèdi davans. Pwojè pou transfòme peyi a nan yon gwo zòn franch ki chaje faktori a ap vale teren ak tout kalte mizè, soufrans, eksplwatasyon sa ap pote pou pèp la. Òganizasyon yo dwe fè plis jefò pou redefini tèt yo, si yo pa vle sanble ak òganizasyon tradisyonèl yo. Pati politik yo dwe sispann « aloral ». Vizyon chanjman yo gen pou peyi a dwe kole ak reyalite a. Objektif yo dwe kwoke kote longè bra yo ka rive. Se fòs òganizasyon w ki va di ki kantite objektif w ap ka atenn. Otreman w ap blofe popilasyon an, menm jan ak pati tradisyonèl yo k ap pwomèt syèl ak tè, alòske yo pa kapab ni yo pa vle bay anyen.
Pati nan limanite k ap lite pou transfòmasyon sosyete yo toupatou pèdi yon potorik dirijan ak lanmò Hugo Chavez. Nan moman enperyalis ameriken an te parèt tou pwisan nan rejyon an, Chavez, nan tèt mouvman sosyal lakay li a, te oze leve defi. Menm si ladwat ta genyen eleksyon prezidansyèl yo 14 avril 2013 la nan Venezwela, men lit yo ap kontinye. Se pa kantite petwòl peyi Venezwela a k ap di si konkèt demokratik yo ap rapousib. Se oryantasyon ak nivo fòs òganizasyon pati Chavez la, se nivo maryaj ideyolojik, politik pwojè Chavez la te pote ak popilasyon an ki pral di si revolisyon an ap kontinye nan Venezwela. Si nivo konsyans politik mas yo gen tan pran wotè, si popilasyon an òganize, ni Chavez ni Castro ni Correa ni Evo mèt ale, men lit la ap kontinye jouk nan viktwa final li. Listwa aprann nou, se rapò fòs òganize yo ki defini kouman sosyete a ak Leta ap mache. Pa bò isit, nou gen anpil travay pou nou fè toujou si nou vle retire popilasyon an anba dominasyon ekonomik, politik, kiltirèl peyi sousè yo ak oligachi a. Jounal Santinèl Pèp la vle patisipe nan travay sa a, men se reskonsablite pati pwogresis yo pou yo foure pye yo pi fon nan edikasyon ak òganizasyon mas yo. Eleksyon pa dwe premye priyorite a. Nou poko la e gen anpil travay ranfòsman òganizasyon yo ak leve nivo konsyans pèp la, anvan nou rive la.
Ekip jounal la
1
Santinèl/ Politik nasyonal
KI RESKONSABLITE YON PATI POLITIK PWOGRESIS NAN PEYI A JODI A ?
Youn nan pi gwo reskonsablite yon pati oswa yon òganizasyon pwogresis nan peyi a jounen jodi a se : fè ladiferans ak òganizasyon politik tradisyonèl yo sou fason y ap fè politik la. Pawòl sa a gen plizyè aspè anndan l. N ap gade kèk aspè ladan l jodi a.
Èske popilasyon an se sijè pwòp istwa l, aktè prensipal la oswa yon enstriman ?
Dabò, gen fason dirijan yo trete mas popilè yo. Òganizasyon tradisyonèl yo ap itilize popiilasyon an pou regle pwòp zafè yo. Se plis manipilasyon k ap fèt ak volonte pèp la. Jodia, yo peye gwo espesyalis pou montre yo kouman pou yo fè maketin politik, sa vle di kouman pou yo bay pèp la manti pi byen. Objektif la se jwenn kouman pou politisyen an konpòte l pou li kapte senpati moun k ap gade l yo, paske se senpati a li plis bezwen. Se emosyon ak santiman moun k ap koute l yo li bezwen. Ekip espesyalis yo ap montre li kouman pou li pale anpil san li pa di anyen, kouman pou li vann tèt li kòm sovè peyi a. Yo sèvi ak pèp la tankou yon zouti, yon mach eskalye. Se sou do pèp la pou yo monte pou yo ka dekwoke sak anbisyon yo. Chapit manipilasyon an enpòtan anpil nan politik tradisyonèl la paske se li k ap kouvri tout mank, tout feblès ki genyen nan pwogram reyèl òganizasyon politik la.
Sou yon lòt bò, òganizasyon politik pwogresis yo ap travay pou pèmèt popilasyon an pran istwa l anmen. Se pèp la, apati nivo konsyans politik li, apati nivo òganizasyon li, apati nivo mobilizasyon li, ki dwe aktè prensipal nan batay politik la. L ap soti nan yon sitiyasyon objè, yon enstriman, yon ti jwèt nan men politisyen tradisyonèl yo pou li vin transfòme tèt li an yon sijè, yon ansanm moun ki gen kapasite konprann epi ki gen pouvwa deside kisa k ap bon pou yo ak tout nasyon an, ak tout peyi a, ak tout limanite. Reskonsablite òganizasyon pwogresis la, se ankouraje, se fasilite devlopman kapasite jijman kritik ak aksyon lakay militan yo, nan mitan oganizasyon yo, nan kominote yo. Si òganizasyon tradisyonèl yo ap pale pou moun yo, ap mete pawòl nan bouch yo, òganizasyon pwogresis yo ap respekte popilasyon an, gwoup òganize yo depi nan dwa yo genyen pou yo pale, jouk nan dwa yo genyen pou yo deside, pou yo pran destine yo anmen. Mas popilè yo pa machandiz. Yo pa sèlman elektè k ap pote bilten vòt al vide nan bwat. Yo pa chèf boukman osèvis yon ti ponyen lòt moun ki pa gen ankenn rapò ak yo. Rapò òganizasyon pwogresis yo ap devlope ak pèp la pa dwe menm ak rapò dominasyon, manipilasyon òganizasyon tradisyonèl yo toujou genyen ak pèp la.
Yon pwogram politik blòf, maskarad ki kache yon ajanda pèsonèl mesken.
Anpil fwa, pwogram politik òganizasyon tradisyonèl yo an franse. Sa ki vle di, li pa aksesib pou yon majorite moun nan popilasyon an. Li pa fèt pou yo. Se yon fòm distans dirijan yo ap pran ak popilasyon an. Langaj ki nan pwogram nan bay yon aparans trè teknik ki ta vle di mesye dam yo metrize dosye yo. Se ekspè k ap pale ! Sa ki se yon lòt blòf ankò. Se yon lòt fòm mistifikasyon pou twonpe gason ak fanm nan peyi a. Swadizan pwogram nan, se pito rezilta yon chita-pale ant yon ti klik alatèt ki deside kisa k ap bon pou peyi a dapre yo menm, depi kote yo chita Pòtoprens nan. Se yon demach anti demokratik ki plis sanble ak yon konplo malfektè. Alaverite, pwogram nan plis yon pawòl pou etranje yo k ap bay« lajan » nan peyi a ak oligachi a k ap bay lajan pou eleksyon. Se yon jwèt mèt dam pou montre direktè ajans entènasyonal yo ak anbasad peyi enperyalis yo, se yo pi kapab jere peyi a jan yo vle a. Y ap chache konfyans bayè de fon yo ak mèt konpayi k ap bay lajan yo. Nan nannan pwogram òganizasyon politik tradisyonèl yo, w ap jwenn yon pakèt pwomès tèt chat. Y ap met tout moun lekòl. Y ap fè pwodiksyon nasyonal. Y ap konbat koripsyon. Y ap fè wout, elatriye. Tout pwogram yo sanble paske se menm manti a y ap di yon lòt fason. Pa gen yon refleksyon serye sou sitiyasyon reyèl peyi a ni sou mizè popilasyon an.
2
Se poutèt sa, se dezyèm reskonsablite yon pati politik pwogresis pa bò isit. Yo dwe pran peyi a oserye, piplis pase tout lòt moun, si yo konsekan ak tèt yo. Peyi a konplike epi li difisil sou plizyè aspè. Nou te blije koupe tèt, boule kay. Nou te blije boule plantasyon, boule izin. Nou te blije fout moun ki gen lajan deyò ansanm ak moun ki te teknisyen yo, paske yo te yon kolonn kriminèl. Nou vin retwouve nou ak yon peyi dekonstonbre ; nou te dwe mete l kanpe ak zong nou. Kominote entènasyonal la te izole nou pandan Lafrans t ap ranje kò li pou li vin tire revanj. Tout eneji nou pase nan mobilizasyon, tanto pou defann peyi a, tanto pou peye dèt, nan yon premye tan. Apre sa, li vin tounen mobilizasyon pou kenbe pouvwa politik. Mobilizasyon an pa janm fèt pou rekonstwi peyi a, sou yon lòt baz, ak yon lòt modèl ekonomi. Men eritay ki vin jwenn nou la a. Sa mande jodi a, tout yon entelijans politik pou chita poze pwoblèm peyi a epi chache solisyon ki koresponn ak istwa pa nou, ak idantite n, ak vrè liberasyon nou an. Yon pwogram politik pou yon pati pwogresis pa kapab fèt menm jan ak pwogram pati tradisyonèl yo. Fòk nou pi serye ak pi detèmine nan batay pou liberasyon an.
Kouman n ap retire peyi a anba dominasyon/okipasyon li ye a ? Kouman n ap rebay peyi a diyite l ? Kouman n ap rann manje disponib pou 10 milyon moun jodi a, pandan n ap voye vann nan tout Karayib la ? Kouman n ap mete kanpe yon lekòl, yon inivesite nasyonal osèvis devlopman peyi a ak tout pitit li ? Depi nou soti nan diktati a, nou pa reyisi jwenn yon fòmil pou sekirite popilasyon an malgre milyon dola vèt gaspiye. Ki pwopozisyon nou pou regle kesyon sa a ? Kouman nou kapab mobilize popilasyon an pou refè anviwonnman peyi a ?
Kesyon sa yo ak transfòmasyon Leta a dwe nannan pwogram yon òganizasyon pwogresis ki gen pou objektif prensipal : chanje kalite lavi nan sosyete a, ki vle di byennèt popilasyon an. Yon pwogram k ap vini nan yon ranvèsman rapò sosyal yo, yon priz anchaj resous yo nou yo nan yon peyi dezokipe epi granmoun. Yon pwogram ki pa rive la a, pa yon pwogram pwogresis.
Gasner JOSEPH
Santinèl/ Ekonomi nasyonal
NATI OLIGACHIK RESTAVÈK LETA A PA PÈMÈT LI PWOTEJE DWA TRAVAYÈ YO !
Batay pou lwa sou salè minimòm nan te montre klè enterè kilès otorite Leta yo ap defann.
Depi 1971 sou diktati Duvalier yo, tout gouvènman ki pase annapre yo adopte menm estrateji louvri vant peyi a epi devlopman zòn franch kòm chwal batay yo. Nou pap bliye se Aristide limenm, an 2002, ki t al pouse do peyizan ki t ap travay tè fètil yo nan plenn Maribawou pou enplante CODEVI. Sou pretèks pwoteje osnon kreye anplwa, tout moun te wè kouman Préval ak tout ekip li a te detèmine pou anpeche ouvriye yo jwenn 200 goud mizè a nan lane 2009. Prezidan Préval mobilize tout fòs li pou li bloke ogmantasyon salè a. Li achte depite ak senatè pou yo pa vote lwa pou ogmante salè a. Li te mete kanpe yon òganizasyon chomè pou fè fas kare ak mouvman pou 200 goud la. Li transfòme medya Leta yo, TNH ak Radyo Nasyonal, an zouti pwopagann pou boujwa yo kont ouvriye yo pandan sendika travayè yo ak ouvriye yo ap batay pou amelyorasyon kondisyon travay yo ak ogmantasyon salè yo.
Nan konplotay li ak depite Inite yo, Préval mete kanpe yon komisyon nan chanm depite a pou evalye lwa salè minimòm nan. Se Gérandal Thélusma ki te depite Gwo Mòn, ki te nan tèt komisyon sa a. Se Kesner Pharel, kès rezonans neyoliberalis la an Ayiti, ki te prensipal konsiltan komisyon fantòch sa a, alòske menm Kesner Pharel sa a t ap klewonnen tout lajounen sou tout radyo : 200 goud la se yon danje pou kreyasyon anplwa nan peyi a. Li te konsiltan tou pou Asosiyasyon Endistriyèl d Ayiti-ADIH ki limenm, nan yon konferans pou
3
laprès yo bay nan dat 18 dawou 2009, te deklare y ap fè tout sa yo konnen pou anpeche Prezidan an pibliye lwa sou salè minimòm nan nan « Le Moniteur », jounal ofisyèl peyi a. Kòm boujwazi a se Leta, Prezidan an obeyi lòd patwon yo.
Maranday Leta ayisyen ak enterè enperyalis yo pral pi klè toujou apre 12 janvye, kote yon bon pati nan peyi a fin kraze nèt. Pi gwo pwojè envestisman ki te fèt nan peyi a lè a, se pak endistriyèl Karakòl la, kote yo mete peyizan yo deyò sou tè yo t ap travay pou chache lavi yo. Otorite Leta yo, depi Préval jouk rive nan Martelly, te fin wè mò pou kreye kondisyon pou envestisman etranje vin peze-souse travayè ayisyen yo. Se Ministè Ekonomi ak Finans, atravè yon inite teknik li genyen, k ap jwe wòl majò jon nan pote pwojè sa a. Inite teknik sa a angaje gwo « agwo-ekonomis », gwo « sosyològ » pou pote bèl pawòl bay popilasyon an epi fè yo konnen se nan enterè zòn la pak endistriyèl la ap vin enstale la.
Ni nan plenn Maribawou, ni nan Karakòl se sou yon pati tè yo pak endistriyèl la enstale. Si Leta te vle kreye anplwa dirab, li t ap irige rès tè nan de plenn sa yo. Men sa ki enterese otorite sa yo, se mare sosis yo ak oligachi ak enperyalis yo pou jwenn miyèt epi kenbe pouvwa yo.
Rezistans travayè yo ap kontinye jouk nan viktwa final li.
Se vre, konplo enperyalis yo, boujwazi koutayèz la ak Leta restavèk la ap vale teren, men lit kont plan piyajè yo ap ranfòse. Se vre Préval te anbrigade pifò sendika jòn yo nan bay yo dyòb, nan achte yo ak lajan jouk li foure yo nan CIRH. Men te gen kèk sendika ak òganizasyon pwogresis ki mennen yon batay an règ sou kesyon salè minimòm la. Se te yon moman enpòtan nan listwa lit travayè yo nan peyi a, kote ou te santi yon radikalizasyon mouvman an pandan li kenbe otonomi l. Alyans travayè yo, ouvriye yo ak kèk òganizasyon pwogresis epi yon fraksyon nan milye inivèsitè a te bay yon bon rezilta nan batay pou demistifye Leta ak boujwazi koutye a. Leta ak boujwazi brasèz la te mare sosis yo ansanm pou maspinen travayè nan enterè enperyalis yo. Lit la te tèlman rèd, lenmi an te blije itilize metòd klasik li yo : represyon, dyabolizasyon, arestasyon jouk rive menm nan eliminasyon.
Malgre tou sa, batay la pa kanpe, menm si ouvriye faktori yo pat rache 200 goud la touswit : batay pou mete kanpe Sendika Ouvriye Tekstil ak Abiman-SOTA, pou kenbe li anvi epi fè fas ak agresyon patwon yo ki revoke prensipal dirijan, dirijant sendika yo poutèt yo se manm sendika ; batay ki te mennen tou pou reentegre militan, militant SOTA yo pa t piti nonplis. Nan Karakòl menm, gen anpil akwochay ki kòmanse eklate depi nan debi operasyon yo, kote ouvriye yo pat vle travay pou sèlman 150 goud alòske pwopagandis yo t ap di yo pral touche 300 goud. Se Martelly, chèf bandi legal yo, ki te blije al mande ouvriye aksepte 150 goud la pou li annatandan. Batay peyizan Karakòl ak Maribawou yo ap mennen pou rejwenn tè yo, fòse Leta irige yo epi ba yo akonpayman teknik fè pati gwo chèn rezistans sa a tou.
Douvan pwojè pou fè Ayiti tounen gwo zòn franch ki chaje faktori a, se sèl òganizasyon otonòm travayè yo, nan alyans ak òganizasyon pwogresis yo ak tout lòt patriyòt, ki pou kwè nou pap rive soti peyi a anba dominasyon, imilyasyon ak peze-souse si nou pa kanpe yon mouvman sosyal pou chanje mòd Leta restavèk ak kalite sosyete esklizyon sa a.
Luc HENRY
OKIPASYON PEYI A AP VALE TEREN TOUPATOU ! TOUPATOU AN N ÒGANIZE NOU POU N DEFANN PEYI NOU ! ÒGANIZASYON SOSYAL, ÒGANIZASYON POLITIK KONSEKAN YO, YON SÈL DIZON : YON LAJ RASANBLEMAN POU LIBERASYON PÈP AYISYEN AN !
santinelpep chez yahoo.fr http://www.santinel.webuda.com Facebook : santinelpepla.

Répondre à cet article