Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Pozisyon Sèk Gramsci sou eleksyon 28 novanm 2010 yo.

Pozisyon Sèk Gramsci sou eleksyon 28 novanm 2010 yo.

samedi 27 novembre 2010, par Franck Seguy

Tout kandida yo se anbisye depi yo bezwen gouvène yo fòse pèp rele (…)

Manno Chalmay

Nou menm ki nan òganizasyon Sèk Gramsci, ki se yon òganizasyon k ap batay bò kote mas yo, pou ride yo soti nan mizèrere ki gen koulè dominasyon politik, diskriminasyon kiltirèl ak eksplwatasyon ekonomik ; nou kwè li enpòtan pou n bay dizon nou sou konjonkti elektoral prezidansyèl ak senatoryal 28 novanm k ap vini yo. Menm jan nou te fè l nan lane 2006.

Lè n konsidere gwo mobilizasyon moun k ap viv nan sèten katye popilè te fè pou kore vòt yo te bay ekip lespwa ki te gen nan tèt li Rene Preval, malgre l pa t prezante okenn pwojè pou amelyore lavi moun nan peyi a.

Lèn konsidere se ak koko makak epi bal ekip lespwa sa a ki vin inite jounen jodi a te resevwa pèp la lè l t ap manifeste kont grangou klowòks la an avril 2008.

Lè n konsidere gouvènman sa a fin vann pou gran mèsi tout byen pèp la epi revoke pi fò anplwaye leta, alòske nan kanpay yo, yo te pwomèt plis pase 100 mil anplwa.

Lè n konsidere kijan moun nan peyi a ap vin pi pòv chak jou, kote yon bann ti moun ap viv nan lari, yon bann jèn lage bra balan, yon bann granmoun ki te chèf fanmi pèdi tout otorite yo ak dinyite devan madanm yo, mari yo ak pitit yo akoz yo pa ka reponn ak bezwen fanmi yo ; sa ki lage yon gwo katastwòf sosyal nan peyi a.

Lèn konsidere pèp la pa gen okenn kontwòl sou jan gouvènman ap itilize lajan peyi a, kote yo lage popilasyon an tankou pitimi san gadò anba men biznisman ki pa gen okenn wont pou fè 900% sou sa y ap vann, anba men MINISTA k ap pann jenn, tire moun, vyole jenn fanm ak jenn gason epi vòlè san okenn krent ; anba men lanati ki kase chèn, depi yon ti lapli oubyen yon ti van soufle, san pale tranbleman tè ki antre nan koze a.

Lè n konsidere jan moun ki te pase nan eleksyon 2006 yo te fè sèman sou konstitisyon an pou yo travay pou amelyore lavi moun sou ti bout tè sa a epi n gade ak ki kalite degou yo trete moun ki pi ba nan sosyete a nan moman peyi a t ap viv pi gwo malè li konn nan listwa l.

Lè n konsidere atitid gouvènman nou an apre siklòn, tranbleman tè, tònad ak epidemi ki sakaje e k ap sakaje peyi a, jan yo te parèt san konpetans, san vizyon ak pwojè, san kapasite ak volonte pou bay yon repons ki ka fè fas kare ak egzijans moman an, pou pran an konsiderasyon kondisyon lavi pèp la.

Lèn konnen eleksyon se zouti klas dominant lan, kominote entènasyonal la ak politisyen malonèt pa bò isit itilize pou asire pwolonjman dominasyon yo ak eksplwatasyon yo sou majorite popilasyon ki pral vote yo a,

Lèn konnen òganizasyon nou an pa bay tèt li otorite pou di pèp la sa pou l fè paske nou rete kwè se granmoun yo ye, yo ka pran desizyon pou kont yo, menm si n panse analiz nou yo ka ede yo pran desizyon

Nan Sèk Gramsci nou panse

1. pèp la ta dwe fè yon ti reflechi sou vòt li te bay ekip preval la nan lane 2006 yo. Sa ki t ap bay posiblite pou n wè kote n te ye ak kote n te swete ale. Gade tou pozisyon gouvènman, senatè ak depite te gen sou revandikasyon sosyal yo. Mouvman 200 goud la se yon gwo ekzanp. Sa ap tou pèmèt nou wè nan enterè kiyès desizyon yo toujou ye. Sa vle di èske se pou gran nèg oubyen pou malere gouvènman yo ap travay ?

2. Se pou popilasyon an gade nan ki sans desizyon rejim ki sot pase a te ede l rezoud pwoblèm li genyen yo tankou pri lekòl, manje ak swen sante. Menm kote a li enpòtan pou n founi je gade atitid gwoupman ak pati politik yo nan moman li te nan gwo detrès 12 janvye a jiska jounen jodi. Li enpòtan tou pou n gade atitid yo nan batay 200 goud la ki te yon revandikasyon popilè. Eske n gen nan memwa n yon pati politik ki te kanpe bò kot pèp la pou l te jwenn 200 goud sa a.

3. Pèp la ta dwe gade èske pèp enpòtan pou politisyen bò isit, paske malgre grangou, move kondisyon dòmi, kolera pèp la ap sibi jounen jodi a, eleksyon rete sèl priyorite politisyen ak zotobre bò isit, gen ladan yo depans kanpay elektoral yo rive jiska 20 milyon dola us.

4. Pèp la dwe konnen eleksyon se yon espas politik mennjan ak palman, meri yo ak lòt, sa vle di fòk popilasyon an gade ki fòs li genyen pou bay kandida yo direksyon apre vòt la, èske se senpman vote yo vle l vin vote pou lejitime yon seri moun ki pou meprize l epi reponn yo ak bal ak baton chak fwa li pran lari pou di sa l santi. Lè n konnen eleksyon koute anpil kòb, lè n konnen kote kòb sa yo soti, anplis lè n konnen moun nan peyi isit pa janm depanse pou pèp men pou fè pwofi gen anpil rezon pou moun pòv yo pa fè eleksyon konfyans.

5. Pèp la ta dwe mezire diferans ki genyen ant vòt la nan reyalite ak sa yo di sou vòt la (pwopagann). An reyalite vòt pa gen okenn enpòtans reyèl, si non pèp sou latè pa t ap nan mizè paske yo toujou vote. Sa vle di se sèl fòs òganizasyon pèp ki a ka retire l nan mizè l ye.

6. Pèp la dwe klè vòt li ap gen konsekans. Vote pa senpman yon kesyon fè ti kwa sou kandida, li pa yon pwogram plezi men al vote se yon aksyon politik ou pral poze pou di yon seri moun pran yon seri desizyon nan plas ou, pou ou menm, fanmi w, zanmi w ak peyi a. Si se sa, fòk nou klè pa gen kenn kandida nan kous elektoral la ki gen kenn pwojè reyèl pou peyi a. Ki donk nou pati pou yon lòt 5 lane mizè ak malsite tout kalte ankò. Pa janm bliye sa, lè pèp la t ap mande bay Preval pouvwa an 2006, Sèk Gramsci te di fòk yo bal Preval li si se li l mande. Men n te di menm kote a Preval se pa t pou pèp la preval ta pral travay. Jounen jodi a, nou pa kwè gen pi gwo verite pase sa.

Nou menm nan sèk Gramsci nou pa nan eleksyon !

Nou pa nan eleksyon sa yo pou menm rezon nou pa t ladan nan lane 2006 la. Nou di byen wo, ak tout fòs nou, tout kandida ki la a yo se piyaj/ dilapidatè yo ye, nou menm se kote pwoblèm pèp la ka rezoud la nou ye, sa vle di dinamik kanpe bonjan òganizasyon pou pèp ayisyen pran desten peyi a.

Pou nou menm nan Sèk gramsci si pèp la pral vote nan eleksyon 28 novanm lan fòk li klè li pral poze yon aksyon politik ki pral gen konsekans sou lavni li. Li klè sa k t ap pi bon jounen jodi a se pou pèp la ta rive boude eleksyon sa yo, sa vle di pou l pa patisipe nan fouye pwòp tonm li, jan sa te rive nan lane 2006.

Sèk Gramsci mande pou tout moun ak sektè ki nan eleksyon oubyen k ap pouse pèp al fouye tou lanmò li 28 novanm k ap vini la a, pou yo fè yon ti reflechi sou kantite fwa yo trennen pèp la nan erè swa nan di yo vote Preval oubyen nan sipòte Michèl P.L kòm premye minis nan 5 lane ki sot pase la yo. Sèk Gramsci swete yo fè yon kout je sou peyi a ; yon peyi ki sot konte plis pase 300 000 kadav, 100 000 mil andikape, 1 500 000 moun san kay san konte ravaj kolera kounye a chak jou ki jou ; yon peyi politisyen ak klas dominant yo fin delabre epi mete ajenou nan pye kominote entènasyonal la ; yon peyi politisyen ak kandida pa bò isit fè tounen yon labouyi cho ; yon peyi kote chak jou pòv ap vin pi pòv, rich ap vin pi rich, inosan ap peye pou koupab, koupap ap sikile lib e libè epi sa k pa koupab ap kwoupi nan prizon ; yon peyi ki tankou yon ti bato ak vwal ki pa gen kapitèn, yon peyi ki pa peyi.

Sèk Gramsci mande pou tout fòs pwogresis ak tout òganizasyon konsekan nan peyi a mete tèt yo ansanm nan yon gwo konsètasyon pou bay yon altènativ fas ak plan lanmò klas dominant lan, politisyen yo ak kominote entènasyonal la pral bay benediksyon nan eleksyon 28 novanm k ap vini la.

Sèk Gramsci.

Pozisyon prensip sou respè vòt 7 fevriye 2006 la

Boujwazi entènasyonal mele ak tiklik posedan boujwazi nan peyi Dayiti a te kouri vit reyaji pou anpeche leve kanpe etidyan yo souke nannan sosyete eksplwatasyon an. Yo te fè tout mannèv pou mete sou kote revandikasyon etidyan ki genyen kòd lonbrit yo mare ak pa moun yo rann pòv yo, pandan yo bloke mouvman grennnanbouda a pou li pa ale pi lwen pase 29 fevriye 2004.

Entèvansyon militè sou teritwa nasyonal la, 29 fevriye 2004, se prèv reyaksyon boujwazi entènasyonal la, pou etidyan pwogresis pa rive fè yon sèl ak mas popilè yo epi pran konsyans pou transfòme kondisyon lavi yo. Depi lè sa a, moun ki gen tout mwayen yo ak zouti ideyolojik dominasyon yo gen anba men yo tanmen yon seri kanpay denigreman sou moun ki nan katye popilè, kole vye etikèt sou do yo : « chimè », « ratpakaka », « katye cho », « zòndenondwa »… Pandan tan sa a, gwo chabrak nan leta ak nan gouvènman yo pa fè anyen menm pou eseye rezoud ak ladrès pwoblèm moun yo ap viv nan katye popilè yo : ensekirite, chomaj, lamizè, grangou, pa gen lekòl, maladi…

Depi entèvansyon 29 fevriye 2004 la, boujwazi entènasyonal la mete ak boujwazi restavèk lokal la pwofite piye resous peyi a gen anba lanmè. Yo pwofite distribiye franchiz bay tèt yo pou yo pa janm peye leta okenn taks ; yo fè dappiyanp sou tout enstitisyon ak richès peyi a ; yo tabli zòn franch… Plan yo se privatize tout enstitisyon piblik ki la pou bay pèp la bon jan sèvis nan bon kondisyon.

Pandan de (2) lane ki sot pase yo, piyajè entènasyonal ak lokal mete sou pye yon aparèy elektoral zobop pou te fè eleksyon bouyivide epi voye pèp la nan yon kwen san li pa te rive chwazi ki moun li vle nan tèt leta a. Li te klè pou tout moun ki ap goumen pou chanjman tout bon, moun sa yo te vle fè eleksyon sou non pèp ayisyen an pandan yo ap manniganse tout sa yo konnen pou pa kite li patisipe nan eleksyon sa yo : kit se nan jan yo fòme K.E.P a, kit se nan jan yo fè epi distribiye kat elektoral yo, kit se nan jan ak kote yo mete sant pou moun al vote yo ; mete sou reta yo pran pou tabli jewontje de twa grenn biwo enskripsyon nan katye popilè yo … Nan Petyonvil, sou plas Senpyè sèlman te gen 5 sant vòt ki fè yon valè 80 biwo. Poutan nan mitan kè Site Solèy pa te genyen biwo ditou. Kisa yon moun bezwen ankò pou konprann ki valè estrateji akaparè yo deplwaye pou te rive mete pèp la kònè nan eleksyon sa yo ?

Malgre tout kalvè ak peripesi moun nan katye popilè yo pase, yo rive dejwe tout plan malouk eksplwatè ak piyajè te mete sou pye pou anpeche li eksprime sa li vle.

Lè mas pèp la leve bò 2 zè, 3 zè, 4 trè nan maten pou bat plizyè kilomèt nan plenn, nan mòn, nan lavil al kanpe devan sant vòt yo ;

Lè mas pèp la rete kanpe nan liy disèt longè anba solèy pou rete tann biwo yo louvri a 8 tè, 10 zè e menm midi san li pa plenyen ;

Lè mas pèp la nan Site Solèy, nan Kafou, nan Laskawobas, nan Gwomòn … pran lari pandan jounen vòt la pou egzije KEP la ba li kote pou li vote ; konpòtman sa a pa sèlman dejwe plan malouk ki ap ranfòse divizyon sosyete a an kan moun rich ak kan moun pòv, li tradui tou volonte pèp la pou pran destine li nan de pla men li. Li eksprime volonte li pou se li ki chwazi moun pou dirije peyi a.

Nou menm etidyan, jèn fanm ak jèn gason ki genyen kòd lonbrik nou mare ak pa moun yo rann pòv yo, lè nou pran nòt sou konpòtman ak detèminasyon pèp ayisyen an eksprime jou madi 7 fevriye 2006 la, nou leve vwa nou byen wo pou mande ak tout fòs nou fòk K.E.P a respekte vòt mas moun yo ki te al vote madi 7 fevriye 2006 la.

Nou ap pwofite denonse tout mannigans ki ap chache fè dilatwa ak vòt mas yo. Li dwe klè pou pèp ayisyen, mannèv sa yo se zèv tiklik politisyen ak boujwa tradisyonèl ki pa satisfè apre yo fin mete peyi a sou okipasyon bòt blan, ki pito ap chache koulye a lage peyi a sou pwotektora olye pou yo aksepte se vòt mas yo ki deside ki moun ki gen dwa pou dirije peyi a.

Eleksyon 7 fevriye 2006 yo dwe pèmèt pèp la ak moun pwogresis ki ap goumen nan sektè popilè a wè klè : politisyen ak boujwa nan peyi isit ap kleronnen demokrasi tout lasent jounen, men pwogram yo se kenbe peyi a nan sitiyasyon lawont ak lamizè yo mete li depi 1806. Eleksyon sa yo se okazyon pou tout pwogresis ayisyen poze kesyon pou konnen si mas yo pa gen dwa chwazi ki moun yo vle dirije peyi a. Se yon okazyon pou yo pa rate pou mande jiskilè politisyen ak boujwa isit ap resi respetke prensip 1 moun = 1 vòt ki se baz demokrasi yo di yo vle tabli nan peyi a.

Gen anpil moun ki gen kouraj ki pa pè pran lari pou mande KEP la respekte vòt 7 fevriye a. Nou wete chapo nou pou felisite moun sa yo. Nan menm okazyon sa a tou, nou ap lanse yon gwo kri vijilans bay pèp la ak militan sektè popilè a pou mande yo rete vijilan. Pouvwa ki ap soti nan eleksyon 7 fevriye yo se pa yon pouvwa popilè (menm si se pèp la ki te vote pou li).

Li nesesè emenm ijan pou pèp la òganize li, pou militan sektè popilè a ranmase karaktè yo pou fè pouvwa sa a konprann se pa yon vòt yo ba li pou kontinye fè zak maspinay sou inivèsite pèp la, pou aplike plan malouk neyoliberal ki vle pran tout sa pèp ak leta posede bay atoufè nan sektè prive.

Vòt sa a, se pa baryè lib pou pouvwa sa a louvri vant peyi a bay boujwazi enperyalis vin pran tirès tè fètil pou peyizan yo travay la bay konstui zòn franch pou kapitalis sansi kontinye souse san pèp la.

Vòt 7 fevriye a se pa lisans pou kriminèl kontinye paweze nan tout lari san kè sote. Se pa kat blanch pou delenkan ki nan prizon lage san yo pa janm jije.

Vòt 7 fevriye 2006 la se pa otorizasyon yo bay pouvwa ki pral vini an pou kontinye ak okipasyon peyi a. Se pa lisans yo ba li ni pou fèmen je li sou mizè mas yo nan katye popilè yo, ni pou al tire kout zam sou yo pou fè boujwa yo plezi, ni pou sèvi ak mizè yo pou fè yo tounen enstriman politik jan sa te konn fèt nan ane ki sot pase yo.

Nou ap pwofite mande pou tout òganizasyon nan kan pèp la rete vijilan sou vrè revandikasyon mas yo. Sa vle di yo dwe òganize tèt yo pi byen pou rive fòse pouvwa vòt mas yo mete a satisfè revandikasyon sa yo : dwa pou jwenn bon jan travay san eksplwatasyon, laswenyaj gratis, dwa pou tout pitit yo jwenn bon jan lekòl gratis, dwa pou yo gen sekirite, dwa pou pran plezi yo san vyolans epi pou peyi a reprann dwa granmoun tèt li.

Eksperyans politik vòt sa a dwe mennen mas popilè yo sou bon jan chimen batay pou chanje kondisyon lavi yo.

Òganizasyon ki siyen nòt sa a se :

pou Tablo Amerik Latin
julien Sainvil

pou Sèk Lekti Gramchi
Jules Armand Joseph

pou Atelye Teyat Bètòl Brèch
Jean Léon Amboise, Jean Louis Louis

pou Mouvman Etidyan Granmoun Ayisyen (MEGA)
Jean Wilson Junior

pou La Lutte
Franck Séguy
Lalutte_haiti chez yahoo.fr This e-mail address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it

Atelier d’écriture en art dramatique Les GOLOS
Ernst Alcéus

Delege etidyan Fakilte Syanzimèn yo nan Rektora Inivèsite Leta a Wilson Jean Baptiste

Pòtoprens, 13 fevriye 2006

Contribution from Haiti : Principled position on respect for the February 7th, 2006 ballot
Written by In Defence of Marxism Thursday, 09 March 2006
PrintE-mail
Bookmark and Share
We have received the following declaration, in both English and Creole, from student groups in Haiti on last month’s elections. The declaration details the difficulties the masses faced in voting and the alliance of the Haitian ruling class with imperialism.

The international bourgeoisie, allied to the small wealthy Haitian bourgeoisie, reacted quickly to prevent the student mobilization from shaking the foundations of this society based on exploitation. They pulled on every proverbial string to push aside the claims from students whose roots, whose umbilical chords are intertwined with the people, the people the bourgeois have impoverished, while making sure that the Grennnabounda Movement (GNBs) did not survive beyond February 29th, 2004 (the day of the coup against Aristide – editor).

The military invasion of our national soil, on February 29th, 2004 is proof that the international bourgeoisie reacted to prevent the progressive students from uniting with the popular masses and to prevent them from consciously defining common objectives to change their living conditions. From that point on, the people with the means, - the owners of all the tools that allow them ideological domination - have launched a series of smear campaigns to denigrate the people in the poor neighbourhoods, pinning on their backs a number of ugly labels, like “Chimeres”, “ratpakaka” (rats are not shit), “hot neighborhoods”, “outlaw zones”, etc.

Meanwhile, the fat-cat state and government functionaries did absolutely nothing to try and address or resolve the many problems that define the reality of life in popular neighborhoods : no security, unemployment, abject poverty, starvation, no schools, no health care etc., just to name a few.

Since the intervention of February 29th, 2004 the international bourgeoisie, allied with the local puppet bourgeoisie, have managed to plunder the resources of the country.
They also took the opportunity to grant themselves fiscal exemptions that will allow them to pay no taxes whatsoever ; they’ve grabbed all the institutions and wealth of the country ; and instituted a free trade zone. Their plan is to privatize all public institutions established to give the people good quality service at an affordable price.

For the last two years, the international and local looters have set up a sham electoral machine to disenfranchise the people and to make sure that they would not have the opportunity to choose who should be their new chief of state. It was clear to everyone fighting for real change that these people wanted to organize elections in the name of the Haitian people, yet they spared no effort to make sure that the Haitian people would not participate. To be convinced, it suffices only to examine how they named the members of the electoral council, how they registered the voters and distributed the electoral cards, how finally, in the heavily populated areas they delayed the registration process and set up very few registration centers. In upscale Petion-Ville, at Saint-Pierre Square alone, there were five voting centers for 80 voting booths. But, in Cite Soleil, there were no voting booths at all. What more does one need to know in order to understand the strategy that was deployed to keep the popular masses outside of these elections ?

Despite the heavy crosses they were forced to bear to so many stations, despite the many trials and tribulations they were nailed to in the process, the people in the poor and populated areas managed to avoid all the pitfalls thrown onto their path by the exploiters and the raiders to prevent them from expressing their will.

When the popular masses got up at 2 am, 3 am, and 4 am in the morning to walk many kilometers (miles) through plains, mountains, and cities and formed orderly queues in front of the voting centers ;

When the popular masses stood in long lines under the sun to wait for the voting stations to open, at 8 am, 10 am or even 12 noon, without complaining ;

When the popular masses in Cité Soleil, Carrefour, Lascahobas, Gros-Morne took to the streets on the day of the vote to demand that the CEP provide them with stations where they could vote ; this behavior alone foiled the Machiavellian plans that would have reinforced the division of society into a rich camp and a poor camp. It also translates as the will of the people to take their destiny into their own two hands. It expresses their gritty determination to choose for themselves who should lead the country.

We students, young women and young men who have our roots, our umbilical chords entwined with the people that have been reduced to poverty, when we take note of the behavior and determination demonstrated by the Haitian people on Tuesday, February 7th, we solemnly raise our voices to demand that the CEP respects the vote cast by the multitude of people on that day.

We use this opportunity to blow the whistle at all tricks aimed at delaying counting the vote of the popular masses. It must be clear to the Haitian people that this maneuver is the work of a coterie of the traditional bourgeois and politicians who, not satisfied with having put the country under military occupation, prefer to lead it to full protectorate status rather than accept the simple idea that only the masses can, through their votes, decide who will lead the country.

The elections of February 7th, 2006 should allow the people and all progressive folk struggling in the popular sector, to see the naked truth : while the politicians and bourgeois of this country constantly pay lip service to "democracy", their real plan is to keep the country in the shameful and misery-stricken condition it has been in since they set it there in 1806.

These elections offer all progressive Haitians an opportunity to question whether or not the masses have the right to choose whomever they want to lead their country. They should not miss this occasion to ask how long the bourgeois and politicians here will be allowed to ignore the basic “one man one vote” principle of a democracy they clamor about - saying they want to establish in the country.

Lots of people have the courage to take to the streets to request that the Provisional Electoral Council respects the February 7th vote. We take off our hats to congratulate these people. On that occasion, we also sounded a warning cry for the people and militants in the struggle for the popular masses to stay vigilant. The authority that will evolve from the February 7th election will not be a popular power (even though the people have elected it).

It is necessary, even urgent for the people to organize, for the militants in the popular sector to strengthen their will to make the elected authorities understand that the vote it received was not a mandate to repress the people’s university, to further implement the cynical neo-liberal plan designed to overtake every publicly owned asset and give them to the private sector freeloaders.

This ballot was not cast for the elected authorities to open the flood gates and let the imperialist bourgeoisie come and pick what’s left of the fertile land currently in the hands of peasants and give them to capitalists leeches through free trade zones that will continue to suck a debilitated people’s blood.

The February 7th ballot is not a license for criminals to continue rejoicing in the streets without concern. It is not a free hand for jailed delinquents to be released without trials.

The February 7th ballot is not permission granted to the new authorities to continue with the occupation of the country. It is not a license to let them close their eyes to the misery of the popular masses in their neighborhoods, or to go shoot indiscriminately at them in order to please some bourgeois, or again to exploit their misery and turn them into political instruments as used to be done in past years.

We take advantage of this opportunity to ask all organizations on the people’s side to remain vigilant of all true demands of the masses.

This meaning that they must reinforce their organizational structures and force the authorities installed by the people to satisfy the following demands :

1.

The right to find a job free from abuse
2.

The right to free health care

1.

The right to good and free education for their children

1.

The right to be safe

1.

The right to have fun without being subjected to violence

1.

For the country to take back its self-determination.

The political experience provided by this ballot should lead the popular masses to the right path for a struggle to change the conditions affecting their lives.

The Organizations and their spokespersons who signed this note :

for Latin American Scene
Julien Sainvil

for Gramchi Reading Circle
Jules Armand Joseph

for Berthold Brecht Theater Workshop
Jean Léon Amboise, Jean Louis Louis

for Mouvman Etidyan Granmoun Ayisyen (MEGA)
Jean Wilson Junior

for La Lutte
Franck Séguy
Lalutte_haiti chez yahoo.fr This e-mail address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it

for Atelier d’écriture en art dramatique Les GOLOS
Ernst Alcéus

for Delege etidyan Fakilte Syanzimèn yo nan Rektora Inivèsite Leta a Wilson Jean Baptiste

Port-au-Prince, February 13, 2006

Pozisyon prensip sou respè vòt 7 fevriye 2006 la

Boujwazi entènasyonal mele ak tiklik posedan boujwazi nan peyi Dayiti a te kouri vit reyaji pou anpeche leve kanpe etidyan yo souke nannan sosyete eksplwatasyon an. Yo te fè tout mannèv pou mete sou kote revandikasyon etidyan ki genyen kòd lonbrit yo mare ak pa moun yo rann pòv yo, pandan yo bloke mouvman grennnanbouda a pou li pa ale pi lwen pase 29 fevriye 2004.

Entèvansyon militè sou teritwa nasyonal la, 29 fevriye 2004, se prèv reyaksyon boujwazi entènasyonal la, pou etidyan pwogresis pa rive fè yon sèl ak mas popilè yo epi pran konsyans pou transfòme kondisyon lavi yo. Depi lè sa a, moun ki gen tout mwayen yo ak zouti ideyolojik dominasyon yo gen anba men yo tanmen yon seri kanpay denigreman sou moun ki nan katye popilè, kole vye etikèt sou do yo : « chimè », « ratpakaka », « katye cho », « zòndenondwa »… Pandan tan sa a, gwo chabrak nan leta ak nan gouvènman yo pa fè anyen menm pou eseye rezoud ak ladrès pwoblèm moun yo ap viv nan katye popilè yo : ensekirite, chomaj, lamizè, grangou, pa gen lekòl, maladi…

Depi entèvansyon 29 fevriye 2004 la, boujwazi entènasyonal la mete ak boujwazi restavèk lokal la pwofite piye resous peyi a gen anba lanmè. Yo pwofite distribiye franchiz bay tèt yo pou yo pa janm peye leta okenn taks ; yo fè dappiyanp sou tout enstitisyon ak richès peyi a ; yo tabli zòn franch… Plan yo se privatize tout enstitisyon piblik ki la pou bay pèp la bon jan sèvis nan bon kondisyon.

Pandan de (2) lane ki sot pase yo, piyajè entènasyonal ak lokal mete sou pye yon aparèy elektoral zobop pou te fè eleksyon bouyivide epi voye pèp la nan yon kwen san li pa te rive chwazi ki moun li vle nan tèt leta a. Li te klè pou tout moun ki ap goumen pou chanjman tout bon, moun sa yo te vle fè eleksyon sou non pèp ayisyen an pandan yo ap manniganse tout sa yo konnen pou pa kite li patisipe nan eleksyon sa yo : kit se nan jan yo fòme K.E.P a, kit se nan jan yo fè epi distribiye kat elektoral yo, kit se nan jan ak kote yo mete sant pou moun al vote yo ; mete sou reta yo pran pou tabli jewontje de twa grenn biwo enskripsyon nan katye popilè yo … Nan Petyonvil, sou plas Senpyè sèlman te gen 5 sant vòt ki fè yon valè 80 biwo. Poutan nan mitan kè Site Solèy pa te genyen biwo ditou. Kisa yon moun bezwen ankò pou konprann ki valè estrateji akaparè yo deplwaye pou te rive mete pèp la kònè nan eleksyon sa yo ?

Malgre tout kalvè ak peripesi moun nan katye popilè yo pase, yo rive dejwe tout plan malouk eksplwatè ak piyajè te mete sou pye pou anpeche li eksprime sa li vle.

Lè mas pèp la leve bò 2 zè, 3 zè, 4 trè nan maten pou bat plizyè kilomèt nan plenn, nan mòn, nan lavil al kanpe devan sant vòt yo ;

Lè mas pèp la rete kanpe nan liy disèt longè anba solèy pou rete tann biwo yo louvri a 8 tè, 10 zè e menm midi san li pa plenyen ;

Lè mas pèp la nan Site Solèy, nan Kafou, nan Laskawobas, nan Gwomòn … pran lari pandan jounen vòt la pou egzije KEP la ba li kote pou li vote ; konpòtman sa a pa sèlman dejwe plan malouk ki ap ranfòse divizyon sosyete a an kan moun rich ak kan moun pòv, li tradui tou volonte pèp la pou pran destine li nan de pla men li. Li eksprime volonte li pou se li ki chwazi moun pou dirije peyi a.

Nou menm etidyan, jèn fanm ak jèn gason ki genyen kòd lonbrik nou mare ak pa moun yo rann pòv yo, lè nou pran nòt sou konpòtman ak detèminasyon pèp ayisyen an eksprime jou madi 7 fevriye 2006 la, nou leve vwa nou byen wo pou mande ak tout fòs nou fòk K.E.P a respekte vòt mas moun yo ki te al vote madi 7 fevriye 2006 la.

Nou ap pwofite denonse tout mannigans ki ap chache fè dilatwa ak vòt mas yo. Li dwe klè pou pèp ayisyen, mannèv sa yo se zèv tiklik politisyen ak boujwa tradisyonèl ki pa satisfè apre yo fin mete peyi a sou okipasyon bòt blan, ki pito ap chache koulye a lage peyi a sou pwotektora olye pou yo aksepte se vòt mas yo ki deside ki moun ki gen dwa pou dirije peyi a.

Eleksyon 7 fevriye 2006 yo dwe pèmèt pèp la ak moun pwogresis ki ap goumen nan sektè popilè a wè klè : politisyen ak boujwa nan peyi isit ap kleronnen demokrasi tout lasent jounen, men pwogram yo se kenbe peyi a nan sitiyasyon lawont ak lamizè yo mete li depi 1806. Eleksyon sa yo se okazyon pou tout pwogresis ayisyen poze kesyon pou konnen si mas yo pa gen dwa chwazi ki moun yo vle dirije peyi a. Se yon okazyon pou yo pa rate pou mande jiskilè politisyen ak boujwa isit ap resi respetke prensip 1 moun = 1 vòt ki se baz demokrasi yo di yo vle tabli nan peyi a.

Gen anpil moun ki gen kouraj ki pa pè pran lari pou mande KEP la respekte vòt 7 fevriye a. Nou wete chapo nou pou felisite moun sa yo. Nan menm okazyon sa a tou, nou ap lanse yon gwo kri vijilans bay pèp la ak militan sektè popilè a pou mande yo rete vijilan. Pouvwa ki ap soti nan eleksyon 7 fevriye yo se pa yon pouvwa popilè (menm si se pèp la ki te vote pou li).

Li nesesè emenm ijan pou pèp la òganize li, pou militan sektè popilè a ranmase karaktè yo pou fè pouvwa sa a konprann se pa yon vòt yo ba li pou kontinye fè zak maspinay sou inivèsite pèp la, pou aplike plan malouk neyoliberal ki vle pran tout sa pèp ak leta posede bay atoufè nan sektè prive.

Vòt sa a, se pa baryè lib pou pouvwa sa a louvri vant peyi a bay boujwazi enperyalis vin pran tirès tè fètil pou peyizan yo travay la bay konstui zòn franch pou kapitalis sansi kontinye souse san pèp la.

Vòt 7 fevriye a se pa lisans pou kriminèl kontinye paweze nan tout lari san kè sote. Se pa kat blanch pou delenkan ki nan prizon lage san yo pa janm jije.

Vòt 7 fevriye 2006 la se pa otorizasyon yo bay pouvwa ki pral vini an pou kontinye ak okipasyon peyi a. Se pa lisans yo ba li ni pou fèmen je li sou mizè mas yo nan katye popilè yo, ni pou al tire kout zam sou yo pou fè boujwa yo plezi, ni pou sèvi ak mizè yo pou fè yo tounen enstriman politik jan sa te konn fèt nan ane ki sot pase yo.

Nou ap pwofite mande pou tout òganizasyon nan kan pèp la rete vijilan sou vrè revandikasyon mas yo. Sa vle di yo dwe òganize tèt yo pi byen pou rive fòse pouvwa vòt mas yo mete a satisfè revandikasyon sa yo : dwa pou jwenn bon jan travay san eksplwatasyon, laswenyaj gratis, dwa pou tout pitit yo jwenn bon jan lekòl gratis, dwa pou yo gen sekirite, dwa pou pran plezi yo san vyolans epi pou peyi a reprann dwa granmoun tèt li.

Eksperyans politik vòt sa a dwe mennen mas popilè yo sou bon jan chimen batay pou chanje kondisyon lavi yo.

Òganizasyon ki siyen nòt sa a se :

pou Tablo Amerik Latin
julien Sainvil

pou Sèk Lekti Gramchi
Jules Armand Joseph

pou Atelye Teyat Bètòl Brèch
Jean Léon Amboise, Jean Louis Louis

pou Mouvman Etidyan Granmoun Ayisyen (MEGA)
Jean Wilson Junior

pou La Lutte
Franck Séguy
Lalutte_haiti chez yahoo.fr This e-mail address is being protected from spambots. You need JavaScript enabled to view it

Atelier d’écriture en art dramatique Les GOLOS
Ernst Alcéus

Delege etidyan Fakilte Syanzimèn yo nan Rektora Inivèsite Leta a Wilson Jean Baptiste

Pòtoprens, 13 fevriye 2006

Répondre à cet article