Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Alfabetizasyon, edikasyon popilè

Alfabetizasyon, edikasyon popilè

dimanche 8 juillet 2007, par Lemèt Zefi

Atik sa parèt nan jounal Bon Nouvèl an 1987 Alfabetizasyon se yon branch nan edikasyon pou granmoun. Yon moun ta kwè moutre moun li ak ekri, nan afè teknik, se yon bagay fasil ann Ayiti paske tout moun peyi a, ni sa ki konn li, ni sa ki pa konn li, pale kreyôl net. Ayiti pa nan sitiyasyon yon seri peyi tankou Nouvel Gine ki gen 700 lang, peyi Enn ki gen 200 ak Risi ki gen 122>. Ayiti pa nan sitiyasyon kèk peyi kote chak gwoup moun pale yon lang diferan, ki fè yo dwe prépare materyèl pou chak gwoup moun aprann. Sa ta mande plis lajan, divès kalite teknisyen, épi plis tan.

I. Alfabetizasyon : Definisyon teknik Pi fò espesyalis dakò alfabetizasyon se yon seri reyinyon ki kab dire 2 è d tan chak jou, 5 JOU pa semèn, pannan 6 mwa, pou yon gwoup granmoun aprann li ak ekri nan lang pa yo. Iv Dejan montre sa fè 10 jou ak 8 è d tan antou2. Faktè tan an enpòtan anpil lè yon moun ap fè pwogram edikasyon. Si aktivite sa yo reyisi, yo mennen nan dezyèm sans mo a : alfabetizasyon se sitiyasyon yon gwoup moun ki konn sévi ak lekti ak ekriti. Anpil moun poze pwoblèm alfabetizasyon ann Ayiti jan yo te poze pwoblèm edikasyon popilè ann Amerik Latin nan âne 1980 yo.

Dapre anpil edikatè popilè, edikasyon popilè te dwe bay moun yo mwayen pou yo poze pwoblèm politik, pwoblèm klas sosyal, nan aie vini ant teyori ak pratik, pou yo te bâti yon pi bon sosyete. Nan koze alfabetizasyon, yo te pran Kiba ak Nikaragwa kôm modèl peyiAjMSiliS^-iSe^Sn Yaie moun li ak ekri nan moman sosyete yo ap chanje sistèm politik. Yo kwè aprann li ak ekri dwe mâche ak "konsyamizasyon". Kèk tan âpre, anpil chèchè remake feblès yon oryantasyon kon sa ki ap defann mas popilè san pâti politik. ki sévi ak aktivite aprann kôm pretèks pou gaye yon ideyoloji, k ap pale de edikasyon san pedagoji, k ap fè politik san okenn pwojè3. An reyalite, aktivite aprann nan tèlmân mêle ak yon bann lot koze, li vin tounen yon detay.

Se sa yon jèn pwofesè ayisyen ki te patisipe nan mouvman alfabetizasyon "Misyon Alfa" âpre 1986 esplike : "Yo te di v an fè alfabetizasvon ak konsyantizasyon, men, yo fè konsyantizasyon san alfabetizasyon" 2. Edikasyon popilè Peres ak Kastiyo rapote pawol edikatè polilè plizyè edikatè popilè ane 1980 yo : Jòj Osoryo4 : "Edikasyon popilè se yon travay politik ki sèvi ak edikasyon pou l libere pèp. Se yon travay politik o sèvis pwojè popilè moun ki nan mas pèp la ak mouvman pèp." Joze Bengwa5 :" Yo pa chita sou moun k ap aprann yo, pèp la, pòv yo, pou yo defini aktivite aprann yo rele edikasyon popilè li sanble pote a." Kalò Aldana6 : "Edikasyon....( popilè) vle : ranmase kilti pèp la epi rekonèt valè li, ranfòse konsyans pèp la sou afè klas sosyal, kreye kondisyon pou 1 mennen batay pou 1 chanje sitiyasyon 1 épi pou 1 rive o pouvwa." Edikasyon popilè, nan ane 80 yo, te bay edikasyon yon pouvwa majik, sitou le yon teyorisyen tankou Michel Segye kwè se travay edikasyon moun ki wè pi Iwen, "avangad ", te fè nan menm peryòd òganizasyon mas yo t ap pran antrènman milité ki te rive mete tout moun ansanm pou yo kouri dèyè Somoza : "Se edikasyon ki fè tout moun fè efò ansanm.

Sa moutre jan edikasyon enpòtan nan politik. Se sa k fè, pou mwen, edikasyon popilè se menm bagay ak yon seri aktivite yo mennen pou foure mas yo nan politik. Edikasyon se yon pâti nan seri aktivite sa yo tou."7 "Pou edikasyon sa a rive fèt, fok yo sévi ak môd pale mas pèp la pou yo edel konprann tout ti sekrè, tout verite ki kache nan chak bagay ki mete l dozado ak lòt klas"8 Tout lide sa yo chita sou"pouvwa majik"yo bay lekòl. Lekòl tounen yon mit. Men lè yo vle "ranmase kilti popilè a epi bali valè", menm lè yo vle "sèvi ak mòd pale mas pèp la" se yo kap ede l konprann tout ti sekrè, tout verite ki kache". Ann Ayiti, anpil moun ki di yo alatèt òganizasyon popilè, k ap pale pou òganizasyon popilè nan laprès, se moun ki pase lekòl, ki pale kreyòl dwòl, ki pale pou pèp la, men ki paka pale pou pèp la konprann yo. Se yo ki mande "alfabetizasyon konsyantizant" paske yo di moun ki pa konn li "nan fènwa"moun ki pa konn li se "moun sòt".Se yo ki mande si alfabetizasyon se aprann li ak ekri ase" 3 De mòd pale Kèk òganizasyon popilè, manm TKL ak òganizasyon fi di se yo ki pou fè alfabetizasyon pou gwoup yo reprezante yo.Men, gen gwo diferans ant mòd pale ak mòd pale pèp la. Se poa yon senp kesyon pwonosyasyon. Yo sèvi ak mo kreyòl daprès sans mo a genyen an franse. Paregzanp, tout fi sa fanm. Tout kiltivatè oswa abitan se peyizan. Tout vil se lakou. Tout bagay ki p ap bon pou peti a, se katchouboumbe. Tout reyinyon se woumble.

Tout lis bay fini ak elatriye menm le se yon latriye pèp la di : Yon latriye timoun ap jwe nan lakou a Gen yon latriye kabrit nan jaden an Gen nan yo ki chache pale tankou granmoun lontan. Yo di chive, chimen, yo eseye detere mo moun pa itilize ankô nan lang nan... paske vye prejije yo trape lekôl fè yo kwè moun ki pale kreyôl ase se moun ki pale dwôl. Yo pale franse an kreyôl. Pi fô fraz ki soti nan bouch yo suiv sistèm lôd mo lang franse pye pou pye. Sou koze kilti popilè a menm, yo plis boule sou demagoji. Anpil nan yo sévi ak valiz latanye, yo mete rad karabela mas pèp la prèske pa mete ankô, yo toupatou ak sandal fant zôtèy. Men, depi y ap pale, oubyen yo fè efô pou yo pwononse mo kreyôl ki soti an franse menm jan ak an franse : Jezu, plus ’..., oubyen yo pale dan griyen kôm si yb t ap chare môd pale nias pèp la. Men jan yo chwazi mo ak sistèm lôd mo lang franse ki parèt klè nan pawôl yo, moutre yo pa ni abitye suiv môd pale mas pèp la, yo pa ni pale kreyôl klè pou mas pèp la konprann yo dekwa pou li ta chwazi yo kôm lidè. 4. Alfabetizasyon ak Edikasyon popilè Aifabetizasyon pa ka yon branch edikasyon popilè. Plizyè deflnisyon m sot site yo montre edikasyon popilè gen pi gwo anbisyon. Travay edikasyon popilè pa ka gen limit tan. Yon sosyete pa chanje nan 2 tan 3 mouvman. Edikasyon popilè .se travay opozisyon, ôganizasyon popilè. Aifabetizasyon se travay Leta an premye, se travay tout sektè an jeneral. 1. Edikasyon popilè gen kèk egzijans ki menm ak Edikasyon pou granmoun : sévi ak pawôl senp, pawôl klè, pawôl pi fô moun kapab konprann. Moun alfabetizasyon enterese te dwe suiv prensip sa a nan tout aktivite y ap mennen ak elèv alfabetizasyon, nan prépare liv alfabetizasyon, liv ki pral nan men moun ki fè ti klas, nan men moun k ap aprann li ak moun ki fèk konn li.

Se la pwoblèm nan serye. Paske menm le moun aprann lekôl nan lang pa yo tout moun peyi yo pale, gen yon travay sistèm lekòl la fè nan lespri yo ki fè yo fasil sévi ak mo teknik, gwo mo ki tounen langaj kouran pou yo. Edikatè popilè Amerik Latin yo te rekonèt sa. Se sa Michel Segye vle di : "fòk yo sèvi ak mòd pale mas pèp la..." Sa vie di, entèlektyèl ki antre nan Edikasyon pou granmoun dwe pran konsyans yo pa dwe sévi ak mo ki pa vie di anyen pou moun y ap moutre yo. Yo dwe pran konsyans youn nan deio lekòl tradisyonèl la se moutre moun fè bel diskou ki pa chita sou anyen. Granmoun pa gen tan pou pèdi. Pèsonn moun ki fè gwo etid pa ka pran pôz li pale tankou mas pèp ki pa pase lekôl. Se pa chare abitan ki konte. Se pale yon jan pou yo konprann, pou sa moun k ap pale a di enterese yo, pou yo kontinyev aprann ak kè kontan. 2. Edikasyon popilè mande pou yo respekte kilti moun k ap aprann yo, sa yo konnen, sa yo kwè... Se premye kondisyon nenpôt aktivite aprann ki pa la pou 1 anchennen moun k ap aprann yo. Yon moun ki pa t pase lekôl gen yon jan li wè lavi a, li gen filozofi pa 1, abitid pa 1... Se pa tout sa îi di, sa li fè ak sa li kwè ki chita sou prensip lasyans. Moun k ap aprann li ak ekri p ap aprann pale yon lot jan, yo p ap aprann réfléchi. Yo abitye fè sa chak jou.

Si se pa sa yo ta mouri déjà. Moun k ap moutre yo li ak ekri ap ba yo teknik pou yo li sa lot moun ki pale menm lang ak yo ekri. Y ap moutre yo ekri sa yo menm ak moun ki pale menm lang ak yo abitye di. Yo p ap moutre yo pale. Menm jan yo p ap fè kou moral pou yo. 3 Yoka kontwole si ton moun konn li ak ekri tout bon. Apre yon kanpay alfabetizasyon serye, Leta dwe di konbyen moun ki aprann li ak ekri. Se yon travay teknik.Pèsonn pa ka mezire degre konsyantizasyon yon moun oswa yon gwoup moun.Edikasyon popilè kapab chita sou itopi maksis. Alfabetizasyon dwe chita sou prensip teknik ki bay bon rezilta. Aktivite edikasyon popilè gen dwa pa janm mete mas pèp la o pouvwa. Nan peyi kote tout travayè, tout kiltivatè konn li ak ekri, nou pa wè se nan men yo pouvwa a ye vre. Yon moun k ale nan sant regilyè, ki gen yon bon monitè k ap ede 1 aprann li ak ekri toutbon nan 6 mwa. Lemèt Zefi 1 GROSJEAN, François, Life with two languages, An introduction to Bilingualism, Harvard University Press, U.S.A., 1982. 2 DEJAN, lu, Alfabetizasyon ak Konsyans krttik t kesyon ak répons épi Aljabetizasyon san Mantt, Mantl san Alfabetizasyon, pp. 20 24. 3 FEREZ, Francisco G.l CAST1LLO, Daniel P. La mediacin pedagogica para la Educaciòn popular, p. 139, Edlciòn RNTC I Unlversidades San Carlos de Guatemala y Rafaël Landivar San José, 1994. 4 FEREZ, Francisco G. 1 CASTILLO, Daniel P. La mediaciòn pedagôgica para la Educaciòn popular, p. 140. 5 Menm otè yo site menm liv la, p. 139. 6 Menm otè yo site menm liv la, p. 140. 7 SEGUIER, Michel, Mobilisations populaires I Education mobilisante, p.141, Ed. L’Harmattan, Paris, 1983, p.141. 8 Menm otè yo site menm liv la, p. 140.
Dernière mise à jour : ( 10-12-2007 )

Répondre à cet article