Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

jeudi 15 novembre 2012, par Ekip Jounal la

Santinèl Pèp la pa mare nan pye tab pèsonn. Se kontribisyon volontè ekip jounal la ak kèk zanmi ki fè l sòti.
Editoryal
YO TOUT KOUPAB NAN KREYE KALITE PEYI LANFÈ SA A. FÒK YO TOUT JIJE !
Dènye eskandal ki nan lari a se arestasyon Clifford Brandt nan kidnaping. Anpil moun sezi. Laprès tradisyonèl la ap fè sansasyon ak swadizan nouvèl la. Yo gen tan ap di se pa tout oligachi a ki kriminèl. Se sèl Clifford Brandt ki kidnapè alòske rezo a konekte ak palè nasyonal, ak lapolis, ak bank yo ak mèt gwo magazen yo. Alatraka ! Ekip jounal Santinèl Pèp la ap mande pouki yo sezi ! Se plis ipokrizi, emosyon ak mèt dam ki eksplike swadizan etonman moun yo. Nou tout pat konnen deja pouvwa politik peyi a, se toujou nan men kriminèl li ye ? Yo anpeche demokrasi fleri nan sosyete a. Yo pito kraze agrikilti peyi a pou favorize patwon yo fè komès diri, vyann, espageti. Yo anpeche yon bon sistèm edikasyon pran jarèt nan peyi a pou kite sotiz, iyorans, fè nwè bloke entelijans ak abilte popilasyon an. Ki pi gwo krim politik pase ranfòse okipasyon ak dominasyon peyi etranje sou bout tè Dessalines lan ?
Nou pa t konnen deja pouvwa ekonomik peyi a se toujou nan men mafya, kontrebandye, kriminèl li te toujou ye ? Kout fo balans, se yo. Finanse dezòd politik, koudeta, se yo. Mache nwa, lavi chè, se yo. Dola k ap monte, goud la k ap desann chak jou piplis, se yo. Sou faktirasyon, fwod, koripsyon, se yo. Nou an prezans yon oligachi kriminèl ki merite disparèt pou fè plas a yon pouvwa popilè ki konn wòl li fas ak sosyete a, fas ak ekonomi peyi a epi ansanm ak pèp la ki refonde Leta a. Pèp la dwe konn tout verite a. Ipokrizi, chwi chwi chwi dwe fini si nou vle pou gen chanjman nan peyi a. Mizè pèp la, lavi chè, chomaj la pa yon aza, ni yon fatalite. Se ekonomi kriminèl la makonnen ak leta asasen an k ap mennen bak sistèm politik lese grennen an ki lakoz grangou pèp la. Nou pat konnen deja bank yo ap blanchi lajan dwòg asosye l yo ? Nou pat konnen deja pi gwo magazen yo se lajan dwòg k ap woule ladan yo ? Ponp gazolin pasi, gwo makèt pala,... se menm lajan sal la k ap blanchi nan figi tout moun la a. Sou yon lòt kote, nou pat konnen deja Kanada ak peyi Meriken pran monopòl tout richès nou gen anba tè ak anba lanmè nou, pandan y ap pote bay popilasyon an ti èd imanitè, manje sinistre pou maske bra kriminèl Leta kanadyen ak Leta meriken k ap trangle menm popilasyon sa a ? Fòk pèp la konn tout verite yo. Se sèl laverite k ap pèmèt nou òganize nou tout bon pou pran destine peyi a an men pou nou libere tèt nou pa tout mwayen ki nesesè.
Vyolans, krim ak koripsyon se zouti klas dirijant yo plis itilize pou kenbe peyi a ak popilasyon an nan sitirasyon malsite li ye a. Mamit pwa monte 75 goud, ti mamit mayi monte 30 goud, elatriye. Krim sou fòm kidnaping, krim sou fòm vòl lajan Leta, krim sou fòm distribisyon zam nan katye popilè pou ankouraje vyolans, krim sou fòm likidasyon dwa granmoun peyi a, krim sou fòm kraze enstitisyon piblik nou yo, tout krim sa yo se menm paske yo tout vize kraze peyi a ak popilasyon an. Tribinal ki pou jije kriminèl sa yo poko ekziste. Se chanjman an pwofondè nan sistem politik, ekonomik, sosyal la k ap pote repons ki nesesè yo. Kidonk, se pa sèlman jistis pou nou mande jodia, se òganizasyon nou pou nou fè dyanm, se monte rezo toupatou pou nou rive konstwi yon fòs popilè, patriyotik ak demokratik ki pou pran tèt lit pou liberasyon peyi a anba oligachi kriminèl sa a ak peyi sousè sa yo.
Ekip jounal la
1Santinèl/ Kontèks nasyonal
PRAN POUVWA NAN BAY MANTI, SE YOUN ! RIVE KENBE L EPI JERE L SE, YON LÒT !
Tout moun k ap fè politik konnen pat gen eleksyon vre an 2010 : se meriken ak oligachi a ki mete restavèk Ti Woz yo a sou pouvwa a pou yo ka genyen kontwòl total peyi a. Men rezilta a !
Pouvwa Martelly a ap febli chak jou piplis.
Afeblisman pouvwa Martelly/Lamothe la se rezilta plizyè bagay ki makonnen ansanm. Lè Martelly ap enstale kòm prezidan, monseyè ba l benediksyon, fanfa palè ba l ochan, kominote entènasyonal bat bravo, pati politik ki te boude « eleksyon » yo kouri rekonèt li epi lòlòj li vire, pouvwa chèf la monte nan tèt li. Men kòm l ap kalewès nan livre machandiz la bay vrè mèt li yo, kriz doub nasyonalite li a pete ; meriken bride l ak yon « fèy de wout ». Ekip Martelly a depi odepa, pat gen entansyon dirije nan kad règ jwèt klè ni ak Palman an ni ak Pouvwa Jidisyè a ni ak okenn sektè politik nan sosyete a ; dayè, nati ak orijin pouvwa yo a pa ta ka pèmèt yo yon mòd fonksyonman konsa. Ekip Martelly a kwè se nan bay manti, nan tabli relasyon rakèt ak politisyen yo epi aji kòm pi bon sèvitè restavèk enperyalis yo ak oligachi a pou yo rive jere ak kenbe pouvwa a.
Sosyete a pat ko konnen si se plizyè klan mafya ki mete ansanm pou fè dappiyanp sou pouvwa a. Se lè divizyon ak konfli koumanse pete nan mitan yo – dabò ant klan Martelly ak klan Conille, jodia ant klan Madan Martelly ak klan Lamothe – popilasyon an koumanse wè nan kisa li pran. Sa ki pral envlimen koze a pi rèd se jan koripsyon ak piyaj la pral tounen sèl fòm pou jere kès Leta a. Gagòt vwayaj tribò babò, dwèt long siperyè Prezidan an, madanm li, pitit li ak tout antouraj li, distribisyon kontra bay gwo konpayi yo, mare sosis yo avèk yo san gade dèyè, elatriye.Vrè mèt pouvwa sa a pa mete ekip Martelly a la pou regle anyen serye pou peyi a. Lavi chè se pa pou yo sa, ensekirite se nad marinad, sof lè se pitit gwo chabrak tankou Moscosso yo kidnape. Lòd pouvwa a resevwa oblije l se nan gwo ponyèt ak entimidasyon pou l regle ni koze amannman Konstitisyon an, ni koze KEP la, ni koze chanje jij, majistra ak komisè gouvènman, menm si li pran pòz l ap chache fè dyalòg. Pouvwa a rive nan yon sitiyasyon kote li izole tèt li ; l ap pèdi ti minimòm prestij ak konfyans li te gen nan kèk sektè nan sosyete a epi li koumanse sanble ak yon manm initil nan je popilasyon an.
Lamizè ap galope pandan pouvwa a ap boloze
Ayiti klase pami 5 peyi kote grangou ap frape piplis nan monn lan. Pandan pri lekòl fin debòde, paran ki nan klas mwayèn lan pa ka voye pitit yo lekòl, alevwa pou sa ki nan kategori pi defavorize yo. Lwaye kay menm se pa pale. Kanta pou lasante, se nan videyo pèp la wè sa. Zafè transpò menm se tèt chaje : pri yo ap grenpe. Lavi chè a pran yon nivo li pa janm konnen pandan dis dènye lane ki sot pase yo : ti mamit diri ap vann plis pase 30 goud pandan li te 20 goud nan mwa jiyè a ; yon aran 25 goud ap vann 50 goud jodia ; menm kout bwa pou mayi moulen, farin, lwil, pwa, sik, savon, elatrye.
Gouvèlman an eksplike se sechrès ak pri lòt bò dlo ki monte ki lakòz lavi chè a. Kòm repons, gouvèlman an di li enpòte 300 mil sak diri pandan peyi Japon ak Taiwan ap bay diri. Sa ki pa di tou, se an ti zanmi sa ap jere. Se ankò gwo chabrak pa yo yo bay fè kòb la. Rezon gouvèlman Martelly/Lamothe la bay pou lavi chè a se yon ti kal lan koze a. Lòt rezon yo pa di, ki fè pri yo monte bwa, mare ak nati pouvwa a, manyè gouvèlman an ap mennen politik nan dwann yo ak sou fwontyè a. Y ap toupizi ti machann, ti enpòtatè pou favorize gwo boujwa k ap boloze avèk yo. Politik bay manti pandan se kèk manm nan oligachi a ak nan boujwazi a ki te finanse yo k ap fè lajan avèk yo, ki konsantre nan men yo komès tout
2
machandiz pèp la manje chak jou yo. Gaspiyaj ak piyaj lajan Leta mete bidjè a nan yon gwo defisi. Defisi bidjè Leta ak bès lajan transfè dyaspora lakoz dola ap monte lan lari a. Se tout sa ki fè pri machandiz enpòte yo vin pi wo toujou.
Kòlè pèp la kòmanse vire an leve kanpe pou chache lavi miyò
Ensatisfaksyon popilasyon an pa rapò ak pouvwa an plas la, kit pou latriye pwomès kandida Martelly te fè li pa respekte yo, kit pou latriye blòf ak manti li kontinye ap bay, sitou sitirasyon grangou ak lamizè k ap blayi sou peyi a, pouse pèp la pran lari pou fè tande vwa l. Mouvman revandikatif kont jesyon pouvwa a kòmanse Okap, li pase Okay pou janbe Jeremi, Ti Gwav, Sen Mak, li tonbe Pòtoprens epi li retounen Okap. Politisyen tradisyonèl yo, ki te nan chire pit ak gouvèlman an sou kesyon amannman konstitisyon an ak fòmasyon KEP la, dèyè ranmase koze a pou tire l nan sans pa yo. Lavalas ak Inite mande pou tout sa ki sanble rasanble. Se lè meriken ak oligachi a vire do ba yo, se lè sa yo mande rasanbleman. Plis pase 15 pati politik mete ansanm, pa anba ak gwoup 184, pou siyen yon manifès nan vil Okap pou wè si yo ka pran tèt mouvman an. Se kòm kwa ni yo ni Lavalas-Inite pa gen okenn reskonsablite nan labou ak deriv peyi a rive la ak pouvwa Ti Woz la. Lè w chache nan manifès yo a, denonsyasyon kont sistèm peze souse k ap kale lamizè ak grangou a ou pa jwenn li. Jounen jodi a, Santinèl Pèp ap poze kesyon pou konnen kote patriyòt yo ? Kote pwogresis yo ? Kote vrè lagoch ayisyèn lan ? Kote òganizasyon popilè tout bon vre yo ? Li enpòtan pou yo reveye yo, pou yo kòmanse pale antre yo, pou yo antre nan batay ak pèp la epi jete baz yon vrè fòs nasyonal, popilè ak demokratik. Se konsa sèlman n ap kapab poze pwoblèm Leta piyajè a, sistèm peze souse a ak kesyon okipasyon peyi a epi oligachi gran manjè ki dèyè lavi chè a.
Alix T. CHARLES
Santinèl/ Kout flach sou pwogram edikasyon gratis
PWOGRAM EDIKASYON GRATIS MARTELLY A : YON BLÒF OUBYEN YON RAKÈT !
Yon lane apre Prezidan Martelly te rive sou pouvwa a, li t ap bat lestomak li pou fè konnen nan yon bat je li voye anviwon yon milyon timoun lèkol nan peyi a nan kad pwogram yo rele edikasyon gratis ak obligatwa a.
Ann fè yon ti limyè sou chif yon milyon an pouvwa a ap klewonnen tout jounen an.
Anvan tranbleman tè a, tout ajans ak ofisyèl ki t ap pale sou pwoblèm edikasyon an te toujou di gen anviwon 550 000 timoun ki nan laj pou al lèkol ki pa rive ale. Chif sa a te reprezante 50% nan you milyon 110 000 timoun ki gen laj pou ale lekòl nan peyi a. Jounen jodia, pouvwa wòz la di gen plis pase 80% timoun ki al lekòl gras a pwogram li a. Tranbleman tè a lakoz anpil paran vini pi pòv, se pou sa anpil ONG imanitè te vini ak pwogram apwi eskolè ; anplis, gouvènman ki te la anvan an te fè l tou. Kote Pouvwa Ti Simòn lan jwenn plis pase yon milyon timoun sa yo li voye lekòl la ? Pwogram edikasyon gratis la te aplike sèlman nan 4 depatman. Nan pakèt chif sa yo pouvwa a ap voye monte tribò babò, gen kote kantite timoun yo voye lekòl yo prèske egal ak kantite moun ki ap viv nan zòn lan. Gouvènman sa a pa konstwi okenn lekòl anplis nan sistèm lan ; li pa fè okenn pase men serye nan sistèm lan ; li pa anboche plis nouvo pwofesè, ni li pa fè plis nouvo sal klas pase sa ki te louvri nan lane 2011 lan. Kote pouvwa a jwenn tout timoun sa yo li voye lekòl la ? Nan ki lekòl timoun sa yo ale ? Kidonk pawòl mete kantite timoun sa yo lekòl gratis la, si se nan lekòl Leta yo, se yon gwo blòf piske gouvènman an pa pran okenn mezi serye pou sa.
Se chak semèn pwofesè ak direktè lekòl Leta yo ap plenyen sou kondisyon y ap travay san konte kantite lajan Leta dwe yo. Sendika anseyan yo blije mennen gwo batay pou fè ogmante
3
bidjè Leta a nan sektè edikasyon an. Nan galimacha chif sa yo, nou konnen pouvwa a mete nan menm sak tout timoun ki al nan lise ak lekòl nasyonal yo. Men sa pa anyen ki nouvo piske lekòl sa yo te toujou la, yo te toujou gratis ! Yo te elimine minimòm kontribisyon 200 goud paran yo te konn bay nan lekòl sa yo. Ti monnen lajan sa a pap pèmèt paran yo voye plis timoun lekòl men, pi rèd, se avèk kontribisyon sa a direktè lekòl Leta yo te sèvi pou kenbe yo pwòp epi achte kèk mobilye. Sa pap ka fèt ankò !
Edikasyon gratis la, se siman pou lekòl prive yo paske li pa rive nan lekòl Leta yo !
Depi lontan, edikasyon nan peyi a tounen yon biznis ki kontwole a plis pase 85% pa sektè prive a. Pami lekòl prive yo, gen anpil k ap fè jefò pou bay timoun yo yon bon fòmasyon, men majorite a se lekòl bòlèt. Lekòl prive ki nan pwogram edikasyon gratis la te dwe resevwa 3800 goud (90 dola ameriken) pa timoun nan yon lane an 3 tranch. Jouk nan mwa out la, gen lekòl ki pot ko jwenn dezyèm tranch la san konte sila yo ki potko jwenn menm yon tranch. Pwogram sa a te mete yon ti dife k ap boule tout lajounen ant direktè lekòl ak pwofesè ki pa touche e ki panse direktè touche, se vle yo pa vle peye yo. Nou ka konte manifestasyon direktè lekòl ak pwofesè lekòl t ap fè pou denonse gagòt ak demagoji pouvwa a ak maskarad pwogram edikasyon gratis li a. Anplis, pwogram sa a pa konsène tout timoun. Nan yon menm lekòl, ou jwenn kèk timoun ki nan pwogram wòz la epi majorite lòt timoun yo nan pwogram nòmal lekòl yo ; sa ki te kreye yon diskriminasyon nan mitan 2 kategori timoun sa yo, kote timoun ki nan pwogram woz yo pa gen materyèl pou yo vin lekòl paske bandi legal te pwomèt y ap bay kit eskolè gratis men nad marinad. Kidonk, menm lekòl prive yo se lasisin pouvwa a fè yo ak pwogram sa a. Se yon veritab blòf ak manti l ap kontinye bay popilasyon an lè li di gen yon milyon timoun ki deja benefisye pwogram edikasyon gratis la.
Pwogram lekòl gratis la, se yon rakèt òganize pou fè gwo chabrak fè lajan.
Pwogram lekòl gratis pouvwa a ap kontinye ranfòse dominasyon sektè prive nan ledikasyon ; l ap kontinye ranfòse fenomèn lekòl bòlèt yo pandan l ap anrichi pi rèd kèk fanmi nan oligachi a ki nan edikasyon. Fanmi DESCHAMPS fè 90% vant biznis yo a nan enprime liv eskolè ak revann lòt materyèl pou lekòl nan sibvansyon Leta bay pou sa a. Yo gen monopòl mache founiti klasik la nan peyi a. Pifò lajan pou materyèl eskolè nan pwogram lekòl gratis la ale jwenn fanmi sa a epi se kantite lide yo di yo, yo livre bay Leta. Se konpayi Premye minis Laurent Lamothe la, Global Voice, ki gen kontra pou mete yon sistèm swadizan antifwod nan jesyon taks k ap soti sou apèl entènasyonal yo ; yon pati nan taks sa yo ta sipoze finanse pwogram lekòl gratis la. Sou chak dola ki soti nan apèl entènasyonal yo, konpayi sa a ap resevwa plis pase 30% pou swadizan sèvis li ak ekipman yo l ap kite pou Leta apre 3 zan, menm jan li te fè sa deja nan plizyè peyi afriken, kote li te mache kowonp yon seri chèf deta. Pwogram edikasyon gratis Martelly a pa gen anyen nouvo de sa ki te koumanse aplike nan sistèm edikasyon an avan li rive sou pouvwa a. Men Prezidan ak akolit li yo sèvi ak pwogram sa a pou fè demagoji pandan y ap fè lajan yo sou do mizè malere yo.
Luc HENRY
OKIPASYON PEYI A AP VALE TEREN TOUPATOU ! TOUPATOU AN N ÒGANIZE NOU POU N DEFANN PEYI NOU ! ÒGANIZASYON SOSYAL, ÒGANIZASYON POLITIK KONSEKAN YO, YON SÈL DIZON : YON LAJ RASANBLEMAN POU LIBERASYON PÈP AYISYEN AN !

Répondre à cet article