Ligue Haïti
Broutons hors du territoire national les Impérialistes Français,Américains,Canadiens et leurs laquais tapis à travers la Minustha

Accueil > National > Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

Santinèl Pèp la devan ; l ap klere chimen liberasyon pèp la.

samedi 6 octobre 2012, par Santinèl Pèp la

Santinèl Pèp la pa mare nan pye tab pèsonn. Se kontribisyon volontè ekip jounal la ak kèk zanmi ki fè l sòti.

Editoryal
Piyay, gaspiyay ak konplotay anpeche peyi a pwogrese. Piyay, gaspiyay, konplotay se 3 kalte fòm tribilasyon peyi a sibi nan tout istwa li. Jounal Santinèl Pèp la pa janm rate lokazyon montre lektè yo kouman fòm tretman sa yo toujou fèt kont enterè peyi a. Nan dènye nimewo jounal la, nou te eksplike kouman divès mouvman sosyo politik ki pase nan peyi a, pou plizyè rezon, toujou fini yon fason dwòl, kont avansman ak pwogrè pou peyi a. Se yon fòm gaspiyay sa ye, lè yon mouvman sosyal rive mobilize yon gwo kantite moun nan popilasyon an epi li avòte oswa li devye oswa lòt sektè politik rekipere li. Se gaspiyay enèji ak volonte jèn gason ak jèn fanm ki vle chanjman tout bon nan peyi yo.
Jounen jodia, gaspiyay politik sa a ap kontinye sou yon lòt fòm. Anpil jèn gason ak jèn fanm ki fèk ap antre nan politik, men ki poko konprann kout ba ak manipilasyon ki gen nan jwèt politik la, lage kò yo nan mouvman Ti woz la paske yo tande yon koze ripti ap soti nan bouch kandida Ti Simòn. Anpil granmoun, darati nan politik, swadizan ansyen pwogresis, ansyen militan dwa moun, pote boure nan Sweet Micky. Yo pèdi rèv lajenès yo. Yo bezwen yon espas politik pou yo manifeste rèv vyeyès yo. Tout enèji jenerasyon sa yo ap gaspiye nan yon konplotay politik mafya lokal ak mafya entènasyonal. Diskou chanjman gouvènman Ti woz la se yon blòf pou twonpe moun. Se gang politik divalyeris yo ak konkou entènasyonal la ki fè dappiyanp sou aparèy Leta a pou yo ranpli pòch yo nan tout kalte konbinezon, nan tout vye kontra eksplwatasyon, piyay resous natirèl peyi a, nan tout kalte pwojè demagojik mal fagote tankou pwojè Kay Pa m, Kredi Pa m, Katye Pa m Poze, Kredi Woz, Ti manman cheri, elatriye.
Depi 2 ou 3 semèn, pèp nan plizyè vil pwovens koumanse manifeste kòlè yo kont lavi chè, kont atitid gwo ponyèt pouvwa a, kont dwèt long siperyè Prezidan an, fanmi l ak tout akolit li yo. Twou manti pa fon ! Kandida Sweet Micky te ble pèp la ak fo pwomès pou l te ka rive nan prezidans la, men lè li rive sou pouvwa a, se menm politik vann peyi a bay oligachi a ak enperyalis yo l ap kontinye pou pi rèd. Dirijan Leta yo, gwo boujwa yo ak enperyalis yo panse pèp la gaga epi yo kwè yo kapab woule l nan farin jan yo vle. Apre tranbleman tè a, malere soti toupatou pou vin monte tant yo sou tout plas piblik ak arebò tout gran wout nan kapital la, nan Leyogàn, nan Jakmèl, nan Gran Gwav ak nan Ti gwav. Se te fason pa yo pou montre kijan yo te sinistre depi anvan goudougoudou a. Olye yo chache konprann sans gwo sakrifis sa a pèp la fè pou atire atansyon yo sou mizè l ak malsite l, piyajè entènasyonal mete ak piyajè nasyonal pou imilye l, pouse do l epi fè dappiyanp sou plis pase 4 milya dola vèt lajan èd imanitè ki te vini nan non popilasyon ayisyèn lan.Yon sektè entènasyonal fèk deklare Ayiti dènye peyi ki pi pòv sou planèt la. Sa pa di dirijan yo anyen paske peyi a se yon boutik pou yo. Sa sanble pa di elit yo anyen nonplis paske yo kwè y ap jwenn lòt peyi pou y al viv. Se vrè pitit Ayiti yo ki pou mare ren yo sere, monte, ranfòse òganizasyon yo toupatou nan peyi a pou debouche sou yon gran mouvman sosyo politik nasyonal k ap tire leson sou tout erè mouvman sosyal ki te pase yo epi k ap vin retire peyi a nan piyay, gaspiyay, konplotay sa a.
Ekip jounal la
Santinèl/ Kontèks nasyonal
Si nou ta pran fè lis move zak politik, ekonomik, sosyal k ap fèt nan peyi a nan dènye moman sa yo, nou pa t ap fini. Soti nan pwostitisyon majorite palmantè yo, pase nan avilisman kou kasasyon an ki vann nanm li bay la prezidans lan, rive nan patwon entènasyonal yo k ap sèvi ak gouvèlman Ti woz la tankou yon tòchon pou yo regle zafè yo, se lawont sou tout fòm. Mwa sa a, jounal la pito gade enpak negatif ajisman dirijan yo genyen sou limaj peyi a ak sou lavni peyi a.
Yon bann vòlè, konwonpi malpou wont ap dechèpiye peyi a.
Nan listwa nou, lòt pèp toujou respekte nou. Yo toujou admire entelijans politik ak matirite zansèt nou yo ki te batay pou diyite peyi a, lòt peyi nan rejyon an ak limanite tout antye. Yo te konprann reyalite dwa moun nan yon dimansyon total. Plis tan ap pase, se plis nouvo dirijan yo ap degrade tèt yo ak tout peyi a. Fè lajan, satisfè ensten pouvwa yo, akapare tout richès peyi a vin tounen objektif pèsonèl yo. Etranje gen tan konprann sa byen bonè, se sak fè yo pa jennen asosye gouvèlman yo nan pwojè piyay, gaspiyay, konplotay yo sou peyi a. Konsa konsa, nou vin bati yon renome pami peyi ki pi konwonpi sou latè. Lonè ak respè nou ap drive nan lari jodia, akoz dirijan yo.
Bon solidarite entènasyonal la ap gaspiye ; Kiba ak Venezwela prèt pou bouke avèk nou !
Plis dirijan yo ap demontre ensousyans yo pou peyi a, se plis n ap pèdi nan kapital solidarite veritab pèp zanmi yo vle manifeste ak nou. Nan dènye 15-20 tan sa yo, peyi Kiba manifeste volonte li pou li te ede nou tout bon nan domèn sante, agrikilti, lapèch ak nan koze alfabetizasyon. Pouvwa Aristide-Préval yo pa janm reyisi mete estrikti kanpe pou koperasyon sa a ta sèvi kòm yon veritab boustè pou pwogrè peyi a. Yo chwazi lage medsen kiben yo nan menm vye sistèm swen sante demode a. Se bòn volonte yo ki fè yo travay kanmenm. Etidyan ayisyen ki diplome Kiba yo pa jwenn ankadreman ak swivi sou fòmasyon yo. Anpil repati pou ale nan lòt peyi. Anpil nan sa ki rete yo nan chomay. Agwonòm kiben yo pa janm reyisi demontre tout kapasite yo. Yo anfouraye nan mafya administrasyon Damyen an kote se kalewès toupatou. Nouvo sistem pou montre moun li ak ekri a, malgre tout siksè li genyen nan Kiba, nan Nikaragwa, nan Venezwela, pa janm ka mòde isit la. Ansyen sistèm Ministè Edikasyon Nasyonal la pa ka reyalize pwogram lan, malgre tout efò teknisyen kiben yo deplòye. Se yon veritab gaspiyay ki fèt ak koperasyon Ayiti–Kiba, nan 20 dènye lane pouvwa Lavalas yo.
Koperasyon ak Venezwela a gaspiye pi mal ankò. Li kale milyonè, gras ak Petro-karibe. Jan nou tout konnen deja, se pa ni 2, ni 3 eskandal vòl, koripsyon, detounman ki fèt ak lajan èd Venezwela bay nan kad Petro-karibe a. Préval ak gouvèlman l yo merite jije pou detounman lajan sa yo. Se nan Ministè TPTC nan achte ekipman pou CNE, Ministè Agrikilti nan achte ekipman agrikòl ak angrè, Ministè Komès nan tranzaksyon petwòl, pifò lajan yo vòlè san kontwòl. Anyen pa fèt anfavè peyi a, alòske anpil nèg milyonè, kòmanse sou Préval, Alexis pase sou Jude Celestin, vire sou konpayi Vorbe ki pral benefisye anpil fo kontra, konpayi Haitian Tractor ki pou fanmi Bonnefil, konpayi Automeca ki pou fanmi Moscoso, Compagnie Haitienne de Moteurs ki pou fanmi Brandt. Tout gwo enpòtatè yo benefisye nan lajan Venezwela a. Fòk moun sa yo jije pou krim ekonomik yo fè sou peyi a. Yo touye moun tou. Nou pwofite reklame jistis pou Robert Marcello yo asasinen paske li pat vle siyen vye kontra apel dòf yo. Peyi a bezwen yon gwo pwosè konsolidasyon pou jije epi kondane malfektè sa yo pou piyay, gaspiyay, konplotay yo fè nan koperasyon Ayiti-Venezwela a. Se yon domaj ireparab yo fè jefò solidarite ak peyi d Ayiti 2 lòt peyi zanmi sa yo ap fè.
2
Ayiti, peyi ki pi pòv nan monn lan
Pwopagann sa a pa nèf. Se yon manje domi. Chak fwa nou ta vle sekwe kò nou pou soti nan sitiyasyon nou ye a, yo rale zèl kat sa a pou demoralize nou, pou debande nou, pou nou ka fè rès jou nou nan asistans entènasyonal, nan ONG ak gwo palto etranje k ap vòlè lajan èd ki bay nan non Ayiti a. Kapital enèji, volonte, ladrès pèp la pa dwe diminye. Okontrè, fòk nou kontinye kwè nan tèt nou an atandan nou rive pran pouvwa politik la avèk fòs òganizasyon nou, pou nou mete fen nan tout piyay, tout gaspiyay, tout konplotay. Viv yon mouvman nasyonal pou redresman moral, politik, ekonomik ak kiltirèl peyi a.
Gasner JOSEPH
Santinèl/ Ekonomi nasyonal
ENPERYALIS MERIKEN AK KANADYEN, AK KONPLISITE DIRIJAN LETA A, AP FÈ DAPPIYANP SOU RESOUS NATIRÈL AYITI YO.
Anpil nan peyi enperyalis yo tankou Etazini, Kanada, Lafrans elatriye pran pòz yo se « zanmi » Ayiti ; y ap ba l swadizan èd epi se piye y ap piye resous natirèl li genyen yo.
Pouki se nan epòk sa a enperyalis meriken ak kanadyen vle vare sou min kwiv ak min lò peyi a ?
Nan kontèks kriz ekonomik ak finansyè ki pete nan lemonn nan ane 2007 la, lò a tounen mwayen ki pi garanti pou konsève yon richès. Tout lòt sektè pou envesti lajan epi pou fè bab ak moustach sou li, tankou espekilasyon sou lojman, danre alimantè, petwòl, oubyen nan achte aksyon nan gwo biznis osnon dèt Leta yo tounen payaya tèlman y ap monte desann. Yon zons lò egal 16 gram, nan ane 2009 li te vo 1 110 dola vèt sou mache mondyal la, ane pase, pri zons lò a gen tan ogmante 15% anplis.
Jodia, lò retounen nan menm estad li te ye anvan ane 1970 yo : sèl byen ki garanti tout lòt yo epi ki ka bay lajan yon peyi valè. Se sa ki fè tout peyi enperyalis yo tounen mimi myaw pou chache vare sou lò ki genyen nan peyi tyèmonn yo.
Kabrit gade je mèt lakou anvan l al devore jaden
Nan ane 1865, pandan lame Salnave ap goumen ak lame Prezidan Geffrard pou jete l sou pouvwa a, Meriken pwofite pou fè dappiyanp sou zile Lanavaz ki gen richès natirèl. Nan ane 1914, pandan lame Davilmar Théodore ap desann nan Lwès pou vin ranvèse Prezidan Michel Oreste, merin meriken debake Pòtoprens dirije yo nan Bank Repiblik la epi yo sezi 500 mil dola rezèv lò peyi a te genyen. Jouk jounen jodia, yo pa janm remèt lò sa yo.
Duvalier nan ane 1960 yo, pou mete tèt li avi sou pouvwa a, te bay SEDREN eksplwate min Meme nan Tè Nèv pou granmesi ; konpayi sa a te di l ap pran kwiv epi se lò li t ap bwote. Konpayi sa a nan 12 lane te rive ranmase 83,5 milyon dola vèt lò aloske Leta ayisyen te resevwa sèlman 3 milyon dola nan lajan sa a. Dega konpayi sa a te fè sou anviwònman zòn lan jouk jounen jodi a kontinye gen move konsekans sou peyi a ; tè kote konpayi sa a te piye lò ak kwiv yo pa janm ka fè manje epi li pa janm netwaye plasman kote li te fè kadejak la sou resous natirèl yo. An 1991-1993, sou koudeta militè yo, yon konpayi meriken ki rele Sub Sea Research, tabli l pandan 3 zan Lil a Vach epi li piye yon bon valè trezò ki te genyen nan rès epav ansyen bato ki anba lanmè peyi a. Menm jan an 1994, youn nan kondisyon retou Prezidan Aristide, se te kite lame meriken bwote yon valè min ale lakay li. Apre sa, menm Aristide la otorize yon konpayi meriken yo rele First City fè dappiyanp, pandan 3 zan, sou min
3
Meme a san li pa janm gen okenn kontra ak Leta ayisyen. Sa a se yon pati nan dezòd Aristide te di li fè yo pou li te ka retounen sou pouvwa a.
Pandan lelit yo ak dirijan politik yo divize epi ap fè lagè pou myèt, enperyalis yo ap piye richès peyi a, Leta a ap depafini epi pèp la ap mouri anba lamizè.
Préval livre prensipal richès peyi a bay enperyalis yo pou l ka rive kenbe pouvwa a. Martelly ak Lamothe ap swiv menm tras la.
Nan ane 1997, apre demisyon Premye minis Rony Smarth, Prezidan Préval fè Leta siyen yon kontra ak yon konpayi Kanadyen ki rele Sainte Geneviève pou fè tès ak eksplwatasyon 3 gwo min nan Nòdès la.Yo chak te gen yon kapasite ki te estime konsa : Douvray 86 milyon tòn min ak 0,5% kwiv, Blondin 50 milyon tòn ak 0,5% kwiv epi Faille 1,1 milyon tòn ak 2,4 gram kwiv /tòn. Se konpayi a ki t ap fòme teknisyen Biwo dè Min ki te gen pou sipèvize l ; gen pami yo se li ki t ap peye yo. Konpayi an te kapab pran gwo volim echantiyon min pou voye lakay li epi se li ka di Leta ki rezilta li jwenn. Sainte Geneviève pa di nan kontra a li pral eksplwate lò tou. Li di si gen tras lò se yon siy pou mezire kalite ak kantite kwiv la. Pandan plis pase 2 zan, Sainte Geneviève bwote kont kantite kwiv ak lò nan 3 min sa yo ale Kanada san li pa janm peye Leta senk kòb.
Menm Prezidan Préval la, an 2008, apre Sena a fin ranvwaye gouvènman an, li bay konpayi Eurasian ak konpayi Nwemont, ki fè alyans, otorizasyon pou yo eksplwate 27 min kwiv ak lò nan Nò ak Nòdes epi mete sou sa min Meme nan Nòdwès. Nan kontra sa a, dapre evalyasyon 2 konpayi yo, y ap fè pou pi piti 20 milya dola vèt e y ap bay Leta 2,5%, sa k ap fè 500 milyon dola alòske Leta ta sipoze jwenn ant 30 a 50%, sa ki ta fè ant 6 a 10 milya dola. Eksplwatasyon min sa yo, nan kondisyon yo pral fèt la ap detwi piplis anviwonman 3 depatman sa yo. Anplis, Leta pa pran okenn dispozisyon pou kontwole ak sipèvize kijan ak kisa konpayi sa yo bwote ale lakay yo.
Sòt ki bay, enbesil ki pa pran !
Zak sa yo, se vyolasyon dwa granmoun nasyon an epi se yon krim ekonomik kont pèp la ak lòt jenerasyon k ap gen pou viv sou tè sa a. Pwogresis nan tout rakwen peyi a dwe mobilize yo pou anpeche enperyalis meriken ak kanadyen bay nasyon an kout ponya sa a.Travay òganize popilasyon an, sitou nan zòn sa yo, dwe ranfòse pou favorize leve kanpe jeneral kont fòm piyay sa a sou resous peyi a.
Ti ponyen patriyòt ki nan palman an dwe entèpele gouvènman Martelly/Lamothe la, ki deja mare sosis li ak 2 konpayi sa yo, pou l kase kontra a epi mete laksyon piblik an mouvman kont konplis yo. Richès natirèl peyi a dwe sèvi pou rekonstwi Leta a epi pou satisfaksyon bezwen popilasyon an.
Rose ALMONACY
OKIPASYON PEYI A AP VALE TEREN TOUPATOU ! TOUPATOU AN N ÒGANIZE NOU POU N DEFANN PEYI NOU ! ÒGANIZASYON SOSYAL, ÒGANIZASYON POLITIK KONSEKAN YO, YON SÈL DIZON : YON LAJ RASANBLEMAN POU LIBERASYON PÈP AYISYEN AN !

Répondre à cet article